Páginas

MÈKREDI 8

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Reyalizasyon lalwa a se renmen an”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 13, 8-10
Frè m’ yo:
Nou pa dwe gen okenn dèt pou pèsonn, sof pou nou youn renmen lòt ; sèke moun ki renmen pwochen l’, li reyalize lalwa a. Reyèlman vre “pa fè adiltè, pa touye, pa vòlè, pa fè fo-temwayaj, pa fè anbisyon”, epi nenpòt ki lòt kòmandman ankò, se nan pawòl sa a li jwenn fondman l’ : “Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm”.
Renmen pwochen an pa fè sa k’ mal. Donk, fè tout sa lalwa a mande fè a, se renmen an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 111, 1-2. 4-5. 9
R/ Moun ki gen bon jan, li pran pitye, li pataje.
Ala kontantman pou moun ki krenn Granmèt la, ki kole kò l’ anpil nan kòmandman l’ yo.
 Ras li ap gen pouvwa sou tè a, jenerasyon moun ki dwat yo ap obeyi.R.
Li leve nan fènwa yo, limyè pou moun kòrèk yo, li gen mizerikòd, li pran pitye, li kòrèk.
Moun ki gen bon jan an, li pran pitye, li pataje, li ranje zafè l’ yo an règ.R.
Li separe, li bay pòv yo; jistis li dire pou tout tan gen tan, kòn li leve nan glwa a.R.
LEVANJIL
“Moun ki pa renonse tout sa l’ posede, li pa kapab vin disip mwen”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 14, 25-33
Lè sa a:
Anpil foul t’ap mache avèk Jezi, li vire, li di yo: “Si yon moun vin jwenn mwen, epi li pa rayi papa l’, manman l’, madanm li, pitit li, frè l’ ak sè l’, epi ata pwòp lavi l’, li pa kapab vin disip mwen; epi moun ki pa pote kwa li dèyè mwen, li pa kapab vin disip mwen.
Amèn, si youn nan nou vle bati yon tou, èske li pa kòmanse chita pou l’ kalkile depans ki pou fèt, si l’ gen kont pou l’ rive bout; pou, si l’ fin poze fondasyon, epi li pa ka rive bout, tout moun ki wè sa, pa kòmanse pase l’ nan jwèt, ap di: “Moun sa a kòmanse bati, epi li pa ka fini”?
Oubyen kilès wa, si l’a pral fè lagè kont yon lòt wa, li pa kòmanse chita pou l’ kalkile, si avèk di-mil sòlda, li kapab al rankontre sa a k’ap vin
sou li avèk ven mil la? Otreman, pandan lòt la lwen toujou, li voye yon delegasyon pou mande kondisyon lapè.
Se konsa tou, tout moun nan nou ki pa renonse tout sa l’ posede, li pa kapab vin disip mwen”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, tankou yè, pawòl Bondye a santre sou renmen ki se kondisyon pou nou fè youn ak Jezikri, Sèl Sovè mond lan. Lè nou gade byen, ant sa nou li nan Wom. 13, 8-10 (ki mande n’ pou n’ renmen frè nou tankou pwòp tèt pa nou) ak sa nou li nan Lik 12, 25-33 (ki mande pou n’ rayi sa nou panse n’ ta pi renmen an pou n’ swiv Jezi), nou ta ka panse genyen yon kontradiksyon; poutan pa gen kontradiksyon. Li pa an kontradiksyon non plis ak kòmandman Bondye a.
Tèks sa yo montre nou kondisyon pou nou swiv Jezi, pou nou vin patizan li. Yon moun pa kapab di li se patizan Jezi si l’ pa gen renmen nan kè l’, menm pou moun ki pa renmen l’. Kidonk, se sèl renmen ki ka soude nou ak Bondye. Se renmen an k’ap fè nou aji byen youn ak lòt, e k’ap fè nou rete zanmi ak Bondye.
Jezi, nan Levanjil Sen Lik la, li pale nou sou ekzijans sa genyen pou nou suiv li, lè li di «Si yon moun vin jwenn mwen, epi li pa rayi papa l’, manman l’…, li pa kapab vin disip mwen», se montre li vle montre nou kijan sa mande anpil sakrifis ak depasman.  Li vle montre nou menm sa nou panse ki pi enpòtan pou nou an, sa nou pi renmen an, pa dwe anpeche nou swiv li.
Se vre nou bezwen yon ti kras byen materyèl pou nou viv, men yo pa dwe tounen yon obstak nan relasyon nou ak Bondye; sa vle di, nou pa dwe mete yo nan menm ran ak Bondye, ale wè pou n’ ta mete yo pi wo.
Nan swiv Jezikri n’ap jwenn anpil difikilte tankou enkonpreyansyon, mepri, rayisman, jouman,… men sa pa dwe fè nou dekouraje; okontrè sa dwe fè nou sèvi Bondye ak plis renmen nan kè nou, ak plis devouman, paske se Jezi menm ki di: «Moun ki pa pote kwa li dèyè mwen, li pa kapab vin disip mwen». Renmen pa chita nan pawòl sèlman, men se nan aksyon w’ yo tout moun va rekonèt ou se yon moun ki gen renmen Bondye a nan kè ou, e se lè sa a yo va konnen ou kòm vrè patizan Jezikri.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou menm ki ba nou sèl Pitit ou a, Jezikri, pou sove nou, tanpri fè nou swiv li ak tout kè nou; fè nou renmen youn lòt. Pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an. Amèn.

PWOPOZISYON: An nou montre nou gen kapasite pou nou renmen nan poze bon jan aksyon. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario