Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Nou youn se manb
lòt”.
NAN LÈT APOT PÒL KI
SEN, POU WOMEN YO 12, 5-16a
Frè m’ yo:
Atout nou anpil la, se yon sèl kò nou ye nan Jezikri, nou chak nou youn
se manb lòt. Nou gen kado daprè gras yo ba nou an, kado sa yo divès: swa se
travay pwofèt selon mezi lafwa a; swa se sèvis la antan sèvis la ap fèt vre;
swa se moun k’ap anseye a antan li nan limit doktrin nan; moun k’ap ankouraje
lòt antan l’ap ankouraje yo vre; moun k’ap bay la antan li gen yon kè senp;
moun k’ap dirije a, antan l’ ap mete aktivite; moun k’ap swen malere, antan li
gen bon jan.
Renmen an pa gen ipokrizi, se pou nou rayi sa k’ mal, se pou nou kole kò
nou sou byen an, se pou nou youn renmen lòt avèk charite frè, se pou nou youn
gen pou lòt konsiderasyon, pa fè parès nan aktivite nou, se pou nou cho nan
Lespri a, se pou nou sèvi Granmèt la, se pou nou gen kè kontan nan esperans la,
se pou nou sipòte tray avèk pasyans, se pou nou ret fidèl nan priyè se pou nou
separe bay fidèl ki nan bezwen yo, se pou nou tout resevwa moun lakay nou.
Beni moun k’ap pèsekite nou, pa madichonnen. Fè kè nou kontan avèk sa yo
ki gen kè kontan yo, kriye avèk sa yo k’ap kriye yo; se pou nou dakò antre nou,
pa chèche foli grandè, men se pou nou renmen sa ki san pretansyon.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 130, 1. 2. 3
R/ Konsève nanm mwen
nan lapè kote ou, Granmèt.
Granmèt, kè
m’ pa gonfle, je m’ pa gen lanbisyon; mwen pa mache nan grandè, ni nan mèvèy ki
depase m’.R.
Se byen
poze, byen trankil mwen kite nanm mwen, tankou ti bebe sou lestonmak manman l’,
tankou ti bebe, konsa nanm mwen ye nan mwen.R.
Se pou
Izrayèl espere nan Granmèt la, depi koulye a jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Sòti nan chemen yo, ak nan tras wout yo,
epi fòse yo antre, pou kay mwen an kapab plen”
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 14, 15-24
Lè sa a:
Youn nan envite yo di Jezi: “Se chans pou moun k’ap manje nan peyi kote
Bondye wa a!” Men li menm li di l’: “Yon mesye te fè yon gran soupe, li envite
anpil moun. Lè pou soupe a fèt, li voye sèvitè l’ la, pou l’ di envite yo pou
yo vini, paske tout bagay deja fin pare. Yo tout kòmanse fè eskiz. Premye a di
‘l: “Mwen achte yon pwopriyete, mwen blije sòti pou m’ al wè l’: tanpri, eskize
m’. Yon lòt di: “Mwen achte senk makòn bèf, mwen gen pou m’ eseye yo: tanpri,
eskize m’. Lòt la di: “Mwen
sot marye, se pou sa mwen pa kapab vini”.
Sèvitè a
tounin, li anonse mèt li a bagay sa yo. Lè sa a chèf kay la fache, li di sèvitè
l’ la: “Sòti byen vit sou plas yo ak nan katye lavil la epi depi se pòv ak
malad, avèg ak bwate, fè yo antre isit la”. Sèvitè a di: “Granmèt, mwen fè sa,
jan ou te kòmande a, men gen plas toujou”. Mèt la di sèvitè a: “Sòti nan gran
chemen ak nan tras wout yo, epi fòse moun antre, pou kay mwen an kapab plen”.
Mwen di
nou, pèsonn nan mesye sa yo mwen te envite a, p’ap goute nan soupe m’ nan”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Sa ki baz
lavi yon kretyen se renmen. Renmen sa sòti nan Bondye, li desann nan kè moun
pou l’ fè tout moun fè yon sèl nan Jezikri. Renmen an, se fòs tout kretyen, se
li k’ap soutni nou toutan e tout kote lè nou aksepte viv nan kondisyon ki fè
Bondye plezi. Lè nou fè yon sèl nan renmen youn lòt, Bondye kontan, e lè sa nou
vin tounen manb kò Jezikri tout bon vre, ki se Legliz la.
Se reyalite sa Sen Pòl ap eksplike nou nan chapit 12 Lèt pou Women yo.
Nou tout nou gen plas nou, nou gen responsabilite nou nan Legliz Jezikri
a. Konsa, nou pa dwe fè bak, paske se nou tout ki pou mete men ansanm pou n’ fè
Wayòm renmen an tabli tout bon vre nan mitan nou. Lè pa gen renmen, pa ka pa
gen lapè; men lè gen renmen ak lapè, Lespri Bondye la tou. Se Lespri Bondye a
menm k’ap fè nou repoze nan li, li menm k’ap aprann nou renmen.
Gras a li nanm nou vin an pè, nou pa boulvèse. Se Bondye ki rele nou, li
menm menm ki envite nou vin jwenn li nou tout ki bouke anba chay, l’ap delivre
nou. Vini patisipe nan gran fèt l’ap fè pou nou. Li se Bondye tout moun: rich,
pòv, soud, bèbè, mancho, fanm ak gason vanyan, moun ki gaya ak moun ki malad,
moun ki konn li ak moun ki pa kon li, elatriye.
Nou pa bezwen pè pwoche vin jwenn li menm si nou ta santi peche nou yo
twò lou sou do nou. Li se Bondye mizerikòd, li toujou anvi pou nou rete bò kote
li, pou nou fè youn ak li. Li
kite pòt kay li louvri byen gran pou tout moun ki vle antre.
Lè Bondye
rele w’, pa fè kòmsi ou pa tande; pa chèche pretèks pou w’ kabre l’, paske
Bondye toujou rezève pi bon bagay la pou ou. Avèk li menm ou p’ap janm pase
wont, paske Renmen li san limit, Mizerikòd li se pou toutan.
LAPRIYÈ: Konsève nanm mwen nan lapè
kote ou, Granmèt (Sòm 130).
PWOPOZISYON: Fè kichòy pou yon
moun ki p’ap ka remèt ou sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario