Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Bondye fèmen tout bagay nan dezobeyisans, pou l’ kapab padonnen tout moun".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 11, 29-36
Frè m’ yo:
Kado Bondye yo avèk rele li rele moun yo, li pa tounen sou sa. Menm jan lontan nou pa t’ kwè nan Bondye, men koulye a menm nou jwenn mizerikòd poutèt yo menm yo pa kwè a; konsa tou yo menm koulye a yo pa kwè poutèt nou jwenn mizerikòd la, men se pou yo ka jwenn mizerikòd yo menm tou. Paske Bondye fèmen tout bagay nan dezobeyisans, pou l’ pran pitye pou tout moun.
Ala gran li gran richès sajès ak syans Bondye a! Yo pa kapab konprann jijman l’ yo, yo pa kapab sonde chemen l’ yo! Ki moun ki te konnen finès Espri Granmèt la? Oubyen ki moun ki te ba l’ konsèy? Oubyen ki moun ki te fè l’ favè anvan, pou l’ blije renmèt li sa? Sèke se nan sous li, se pa lentèmedyè l’, se nan li menm tout bagay ekziste. Konpliman pou li pou tout tan! Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 68, 30-31. 33-34. 36-37 (r.: 14cd)
R/ Nan pakèt mizerikòd ou a, ou koute m’, Granmèt.
Mwen menm mwen pòv, m’ap soufri;
Bondye, se pou sekou w’ la resevwa m’.
M’ap fè lwanj pou non Bondye avèk kantik,
M’ap fè konpliman pou li avèk lwanj.R.
Pòv yo ap wè sa, y’ap fete;
Chèche Bondye, se pou kè nou viv.
Paske Granmèt la koute pòv yo,
Li pa meprize prizonye l’ yo.R.
Paske Bondye ap sove Siyon,
L’ap bati vil Jida yo;
Y’ap abite ladan l’, y’ap posede l’.
Ras sèvitè l’ yo ap eritye l’,
Moun yo ki renmen non l’ yo, y’ap abite nan li.R.
LEVANJIL
"Pa rele zanmi nou, men pòv yo ak malad yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 14, 12-14
Lè sa a:
Jezi t’ap di yon chèf farizyen yo ki te envite l’:
"Lè w’ap fè yon dine oubyen yon soupe, pa envite zanmi ou yo ni frè ou yo ni fanmi ou yo, ni vwazen ou yo ki rich yo, pou yo menm yo pa riske envite ou tou, pou yo renmèt ou politès la. Men, lè w’ap fè yon resepsyon, envite pòv yo, malad yo, bwate yo, avèg yo. Ala kontantman pou ou, paske yo pa gen pou renmèt ou; w’a jwenn rekonpans ou nan rezireksyon moun kòrèk yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
«Lè w’ap fè yon dine oubyen yon soupe, envite pòv yo (…) Ala kontantman pou ou, paske yo pa gen pou renmèt ou; w’a jwenn rekonpans ou nan rezireksyon moun kòrèk yo».
Jodi a, Granmèt la montre nou kisa sa vle di lè yon kretyen gen bon kè tout bon vre: li bay tèt li pou lòt yo. «Lè w’ap fè yon dine oubyen yon soupe, pa envite zanmi ou yo ni frè ou yo ni fanmi ou yo, ni vwazen ou yo ki rich yo, pou yo menm yo pa riske envite ou tou, pou yo renmèt ou politès la» (Lik 14,12).
Kretyen an, se yon moun k’ap bouje nan mond la tankou yon moun òdinè; men relasyon li ak pwochen li pa dwe chita sou rekonpans ni vanite; avan tout bagay, li dwe chèche fè lwanj pou Bondye, san li pa chèche lòt rekonpans si se pa rekonpans Syèl la. «Okontrè, lè w’ap fè yon resepsyon, envite pòv yo, malad yo, bwate yo, avèg yo. Ala kontantman pou ou, paske yo pa gen pou renmèt ou; w’a jwenn rekonpans ou nan rezireksyon moun kòrèk yo» (Lik 14,13-14).
Granmèt la envite nou pou nou bay tèt nou nan sèvis tout moun, san kondisyon, antan nou kite se flanm lanmou an ki pouse nou aji, lanmou pou Bondye, lanmou pou pwochen nou. «Si se moun nou konnen k'ap renmèt nou nou prete sèlman, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo tou, yo prete mechan parèy yo ki kapab renmèt yo sa yo te prete yo a san mank» (Lik 6,34).
Granmèt la ap ede nou konprann, lè nou bay avèk bon kè, san no upa espere anyen, Bondye va peye nou avèk yon gwo rekonpans e l’ap fè nou tounen pitit li plis renmen. Se poutèt sa Jezi di nou: «nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la» (Lik 6,35).
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki plen nou ak gras ou akoz bon kè ou, tanpri aprann nou imite kè sansib ou a, pou nou kapab sèvi ou nan frè ak sè nou yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap rann yon moun yon sèvis san m’ pa espere anyen nan men li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario