Koulè Vèt.
TRANTEINYÈM DIMANCH ÒDINÈ,ANE-A
PREMYE LEKTI
"Nou vire do sot nan chemen an epi nou fè anpil
moun jwenn baryè".
LEKTI LIV PWOFÈT MALACHI 1,14b-2,2b.8-10
Se yon gran Wa mwen ye,
deklarasyon Granmèt lame yo, non mwen terib nan pami nasyon yo. Koulye a se pou
nou kòmandman sa a ye, nou menm prèt yo. Si nou pa vle tande, si nou refize
mete nan kè nou, pou nou bay non m’ glwa, deklarasyon Granmèt lame yo, m’ap
voye grangou nan kay nou.
Nou menm nou rale kò nou sot nan
chemen an epi nou fè anpil moun jwenn baryè nan lalwa a, nou anile kontra Levi
a, deklarasyon Granmèt lame yo. Se pousa mwen menm menm mwen fè yo meprize nou,
yo rabese nou nan pami tout pèp yo, menm jan nou pa t’ kenbe chemen m’ yo, epi
nou ranje lalwa a daprè figi moun.
Èske se pa yon sèl papa pou nou
tout? Èske se pa yon sèl Bondye ki kreye nou? Pouki sa chak
moun nan nou ap meprize frè l’, antan l’ap dezobeyi alyans papa nou yo?"
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 120, 1.
2. 3
R/ Kenbe
nam mwen nan lapè kote ou, Granmèt.
Granmèt, kè-m pa gonflé, jé-m pa
lévé;
mouin pa mache nan grandè, ni nan
mèvèy ki anlè m’.R.
Mwen poze
nam mwen byen trankil, an repo;
tankou
yon ti bebe sou lestomak manman l’,
tankou
yon ti bebe, se konsa nam mwen ye nan mwen.R.
Se pou
Izrayèl espere nan Granmèt la, depi koulye a jous pou tout tan.R.
DEZYÈM LEKTI
"Nou te vle renmèt non sèlman bòn nouvèl Bondye
a, men menm lavi nou tou".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU TESALONISYEN YO
2,7b-9.12
Frè m’
yo:
Nou te fè
kò nou tou piti nan mitan nou, tankou yon nouris k’ap swen pitit li yo. Konsa
nou te tèlman renmen nou anpil, nou te vle renmèt nou non sèlman bòn nouvèl
Bondye a, men ata lavi nou, paske nou te gen anpil valè pou nou. Nou sonje, frè
m’ yo, kijan nou travay, nou fatige kò nou; lannuit ak lajounen, nou t’ap
travay, pou nou pa peze sou nou, pandan nou t’ap preche nou bòn nouvèl Bondye
a.
Se pousa
nou menm nou di Bondye mèsi san rete, paske, lè nou resevwa pawòl Bondye a nou
te tande nan bouch nou an, nou pa resevwa l’ tankou yon pawòl moun; men tankou
sa l’ ye tout bon vre a, pawòl Bondye a, li menm ki aji nan nou menm ki kwè yo.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
"Yo
di, men yo pa fè".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 23, 1-12
Lè sa a: Jezi pale ak foul yo epi
avèk disip li yo, li di:
"Sou twòn Moyiz la skrib yo
ak farizyen yo enstale; tout sa yo di nou, obsève l’, fè l’, sèlman pa suiv sa
yo fè: paske yo di men yo pa fè. Yo mare chaj ki lou, bagay moun pa kapab pote,
yo mete yo sou zepòl moun yo; men yo pa vle souke yo ak yon ti dwèt. Tout
aksyon yo, yo fè yo pou moun kapab wè yo: yo laji bwat priyè yo, yo lonje fil
manch yo. Yo renmen premye plas nan soupe yo, ak premye chèz nan sinagòg yo, ak
bèl bonjou sou laplas, epi pou moun rele yo 'Rabi'.
Kanta nou menm pa kite yo rele
nou 'Rabi': paske se yon sèl la ki mèt nou, nou tout se frè nou ye. Epi pa rele
moun 'papa' sou tè a; paske se yon sèl la ki Papa nou, ki nan syèl la. Pa kite
yo rele nou 'mèt'; paske se yon sèl ki mèt nou, se Jezikri.
Moun ki pi gran nan pami nou an,
se pou l’ vin tounen sèvitè nou. Moun ki leve tèt li, y’ap rabese l’, men moun
ki rabese tèt li, y’ap leve l’".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Moun
ki leve tèt li, y’ap rabese l’, men moun ki rabese tèt li, y’ap leve l’».
Jodi a,
Jezi fè nou yon deskripsyon gwo zotobre nan Izrayèl yo (skrib yo ak farizyen
yo…). Y’ap viv sou aparans: « Tout aksyon yo, yo fè yo pou moun kapab wè yo»
(Mt.23,5). An plis, yo pa koeran, yo pa konsekan « paske yo di men yo pa fè»
(Mt.23,3), yo fè tèt yo tounen esklav pwòp riz yo antan y’ap chèche lwanj ak
admirasyon lòt moun. Se
avèk sa yo viv, yo plen ògèy, yo vid.
Depi nan kòmansman, se te toujou
tantasyon sa moun te plis genyen; vye sèpan an kontinye ap soufle nan zòrèy nou
«Bondye
di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l', je nou va louvri, n'a vin
tankou Bondye, n'a konn sa ki byen ak sa ki mal» (Gn.3,5). E nou
kontinye tonbe nan tantasyon, nou renmen premye plas e nou fè yo rele nou
«rabi», «papa», elatriye…Twò souvan, nou renmen okipe plas ki pa pou nou.Se
atitid sa a farizyen yo genyen.
Disip Jezi yo pa dwe gen
konpòtman sa a, okontrè: «Moun ki pi gran nan pami nou an, se pou l’ vin tounen
sèvitè nou» (Mt.23, 11). Konsa tou, nou gen yon sèl Papa nou tout se frè nou ye. Tankou Levanjil la
toujou di no usa, nou pa kapab separe dimansyon vètikal la (Bondye) ak
dimansyon orizontal la (nou menm), oubyen, tankou kòmandman di nou: «Se pou ou
renmen Mèt la, Bondye ou,... se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen
pwòp tèt pa ou» (Mt.22, 37.39).
Tout litiji Pawòl Bondye pou
dimanch sa a, li make ak tandrès ak ekzijans filyasyon an ak fratènite a. Pawòl
Sen Jan yo fè eko nan kè nou: «Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou
anmenmtan pou l' rayi frè l', moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen
frè l', yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a» (1Jan 4,20).
Ijans nouvèl evanjelizasyon an, sa mande nou pou nou fidèl, pou nou gen
konfyans, pou nou sensè anvè vokasyon an nou te resevwa nan batèm nan. Si nou
konpòte nou konsa, «chemen ki bay lavi a: kontantman bò kote ou, Granmèt, plèzi
ki p'ap janm fini» (Sòm 16,11) va klere pou nou.
LAPRIYÈ:
Bondye ki gen tout pouvwa, ki gen mizerikòd, se nan ou sekou a sòti; pou fidèl
ou yo kapab sèvi ou yon fason ki kòrèk, ki fè lwanj pou ou vre, tanpri, fè nou
favè pou nou prese rive nan sa ou pwomèt nou yo, san nou pa jwenn baryè. Pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:
Si
m’ kouri dèyè premye plas, mwen p’ap gen tan pou m’ sèvi pwochen mwen. M’ap
fè jefò pou mwen bay fwi kote Bondye plante mwen an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario