Páginas

SAMDI 4

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Si poutèt Juif yo pati a, se okazyon pou rekonsilyasyon tè a, lè y’a tounen an menm, sa sa ap ye si se pa lavi sot nan pami mò yo?"
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 11, l-2a. 11-12. 25-29
Frè m’ yo:
Èske Bondye te rejte pèp li a? Pa ditou. Apa mwen menm mwen se Izrayelit, sot nan ras Abraam, sot nan fanmi Benjamen. Bondye pa rejte pèp li a, sa l’ te chwazi davans la. Oubyen èske nou pa konnen nan Eli ki sa sa k’ ekri a di, kijan li rele Bondye kont Izrayèl?
Mwen di konsa: Èske fot yo a fè yo tonbe nèt? Pa ditou, men poutèt fot yo a, vin gen sove pou nasyon yo, pou yo kapab fè jalouzi. Konsa si fot yo a sèvi richès pou tè a, si antan yo vin pi piti a sa sèvi pou richès nasyon yo, nou pa bezwen mande pou lè ya vin an fòs la!
Mwen pa vle pou nou pa konn sa, frè m’ yo, mistè sa a, pou nou pa konte sou pwòp jijman nou: sèke yon pati nan Izrayèl vin avèg, joustan tout nasyon yo fin antre, konsa tout Izrayèl ap sove, jan sa ekri a: "L’ap vin sot nan Siyon, sa a k’ap wete mechanste a sot nan Jakòb, k’ap fè l’ disparèt la"; epi "Sa a ap vin tounen alyans mwen an avèk yo, lè m’ap wete peche yo".
Daprè bòn nouvèl la, se ènmi yo vin tounen poutèt nou; men daprè chwazi Bondye te chwazi yo a, li renmen yo anpil poutèt papa yo. Sèke kado Bondye yo avèk rele li rele moun yo, li pa tounen sou sa.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 93, 12-13a. 14-15. 17-18 (r.: 14a)
R/ Granmèt la pa rejte pèp li a.
Ala kontantman pou moun sa a, ou korije a, Granmèt,
ou aprann li lalwa ou la,
pou ou fè l’ ret lapè nan move jou yo.R.
Sèke Granmèt la p’ap repouse pèp li a,
li p’ap lage eritaj li a.
Sèke se daprè jistis la jijman an ap tounen,
y’ap suiv li, tout moun ki gen kè yo dwat.R.
Si Granmèt la pa t’ pote m’ sekou,
yon ti kras ankò nam mwen t’ap abite nan kote silans la.
Si m’ ta di: "Pye m’ap tranble",
mizerikòd ou a, Granmèt, ta soutni m’.R.
LEVANJIL
"Moun ki leve tèt li, y’ap rabese l’; moun ki rabese tèt li, y’ap leve l’anlè".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 14, 1. 7-11
Lè sa a:
Rive, kòm Jezi te antre nan kay yon chèf farizyen yo, yon jou saba, pou l’ manje, yo menm yo t’ap suiv sa l’ap fè. Li t’ap di yon parabòl pou envite yo, lè l’ wè kijan yo t’ap chwazi premye plas yo, li di yo:
"Lè yo envite ou nan nòs, pa al enstale ou nan premye plas, pou si yo ta envite yon moun ki gen pi gwo grad pase ou, moun ki envite ni ou menm ni li menm nan ap rive, l’ap di ou: 'Ba l’ plas la', lè sa a ou ta kòmanse wont pou ou al pran dènye plas la. Men lè yo envite ou, ale, enstale ou nan dènye plas la, pou, lè moun ki te envite ou la rive, li di ou: 'Zanmi, monte pi wo'. Lè sa a sa ap yon konsiderasyon pou ou devan tout envite yo.
Paske tout moun k’ap leve tèt li, y’ap rabese l’; moun ki rabese tèt li, y’ap leve l’".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Nan premye Lekti a, Sen Pl fѐ nou sonje Bondye pa t’ rejete pѐp Izrayѐl akoz feblès li; okontrѐ dezobeyisans pèp sa vin tounen kòz delivrans pou tout moun, lè Bondye voye Pitit li a vin mouri sou yon kwa pou l’ te ka ba nou lavi.
Atravѐ Jezikri, Bondye vin refѐ Alyans avѐk pèp li a. Sa nou li nan premye lekti a, li konfime nan sm 93 la ak pawòl sa yo:«Granmèt la  pa rejte pѐp li a». Menm jan avѐk pѐp Izrayѐl la, nou menm tou nou fѐ anpil bagay ki pa fѐ Bondye plezi, anpil bagay ki fѐ l’ lapenn; men Bondye se yon Papa kѐ sansib, li toujou ap tann nou pou li padone nou, menm jan li te fѐ pou pѐp Izrayѐl la. Men, nou menm, nou dwe gen volonte, nou dwe fѐ premye pa a si nou vle resevwa padon nan men Bondye, paske «Bondye te kreye nou san nou, men li p’ap sove nou san nou» (Sen Irene).
Pi devan nan Levanjil la, nou wè kòman Jezi te rantre manje lakay yon farizyen. Farizyen yo se moun ki te pran pὸz yo konnen Lalwa pase tout moun, se sa k’ fѐ yo te konn ap pѐsekite Jezi paske yo te refize rekonѐt li tankou Mesi a. Malgre sa, Jezi al manje lakay youn ladan yo pou montre ke li pa t’ vini pou kondane men pou l’ te sove.
Konsa,nou menm nou dwe pran ekzanp sou Jezi, pou nou aprann padone moun ki fѐ nou mal. Nou wѐ tou kὸman gen anpil nan envite yo ki t’ap kouri pran premye plas, men Jezi te tou pwofite ba yo yon leson. Se yon fason pou l’ te pwofite pale avѐk farizyen yo, ki te toujou chita sou premye chèz nan sinagὸg yo, kèlkeswa kote yo ye, yo te renmen fѐ wѐ.
Nou menm tou, byen souvan, nou renmen mete nou nan premye plas pou nou fѐ moun wѐ nou; men Jezi di nou nan Levanjil jodi a, si nou pa ta vle pran wont, li ta pi bon si nou chita dѐyѐ: pa fѐ anyen pou nou fѐ moun wѐ, konsa n’a jwenn bon rekonpans.
LAPRIYÈ: Granmѐt Jezi, ou menm ki te vini pou w’ te sove nou, ou pa t’ fѐ distenksyon, ou pa t’ genyen moun pa, se pou sa ou te chita manje avѐk farizyen yo. Tanpri, ede n’akeyi tout moun, kѐlkeswa klas sosyal yo epi ede nou tou swiv bèl ekzanp padon ou te ban nou pou nou kapab rive padone frѐ ak sѐ nou yo.Amѐn !
PWOPOZISYON: Padone yon moun ki te fѐ m’ yon bagay ki mal epi fѐ yon ti momam pataj avѐl.



No hay comentarios:

Publicar un comentario