Páginas

VANDREDI 3

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Mwen te swete pou m’ te madichonnen pou frè m’ yo".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 9, 1-5
Frè m’ yo:
Se verite mwen di nan Jezikri, mwen pa fè manti (konsyans mwen rann mwen temwayaj nan Lespri Sen an): sèke kè sere m’ nan gran, doulè a ap pèsiste nan kè m’.
Mwen te swete pou m’ madichonnen sot nan Jezikri poutèt frè m’ yo, yo menm ki nan ras mwen daprè chè a; yo menm ki Izrayelit, yo menm ki pitit adoptif, ki gen glwa a, testaman an, lalwa a, seremoni yo, ak pwomès yo; yo menm ki gen papa yo, epi se nan yo menm Jezikri sòti daprè chè a, li menm ki Bondye ki anlè tout bagay, ki beni pou tout tan. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 147, 12-13. 14-15. 19-20 (r.: 12a)
R/Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm.
Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm;
fè lwanj Bondye ou, Siyon.
Paske li ranfòse krochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou yo nan ou.R.
Li menm ki poze limit ou yo nan lapè, li ba ou kont ble ki gra.
Li menm ki voye pawòl li sou tè a, avèk vitès pawòl li a kouri.R.
Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl.
Li pa fè konsa pou okenn nasyon,
li pa fè yo konnen jijman l’ yo.R.
LEVANJIL
"Kilès moun si mouton l’ oubyen bèf li tonbe nan pui, pou l’ pa wete l’ jou saba a?"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 14, 1-6
Lè sa a:
Rive, kon Jezi antre nan kay youn nan chèf farizyen yo pou l’ manje, yo t’ap suiv sa l’ap fè.
Yon moun ki te gen men l’ seche vin devan l’. Jezi pran lapawòl li di skrib yo ak farizyen yo: "Èske yo gen dwa geri moun jou saba?" Yo menm yo pe bouch. Li menm menm li pran l’, li geri l’, li voye l’ale.
Li adrese yo lapawòl, li di: "Kilès nan nou si l’ gen yon bourik oubyen yon bèf ki tonbe nan yon pui, pou l’ pa retire l’ menm lè a jou saba a?" Yo pa t’ kapab reponn li anyen sou pwen sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Chak moun ki batize gen yon responsablite nan Legliz la. Bondye rele nou pou nou bay yon temwayaj ak lavi nou, nou pa dwe fè bak, nou dwe avanse. Lavi kretyen an dwe tounen yon mesaj, tankou lavi Apot Pòl!
Lè nou kontanple lavi Pòl kòm misyonè, sa fè nou konprann misyon nou pa fasil. Menm si Pòl se te yon apot ki te toujou nan vwayaj pou misyon, li te konnen pèp jwif la se rasin li, fanmi li.
Poutan Pòl pa t’ toujou jwenn bon akèy nan mitan pèp sa a, e nou menm tou, sa konn rive nou, lè Bondye chwazi nou pou l’ voye nou nan misyon: gen kote nou rive yo pa resvwa nou ni yo pa akeyi mesaj nou pote a.Menm si yo ta joure nou, manke nou dega, se pa yon rezon pou nou dekouraje.Okontrè, nou dwe rete byen kalm, paske se pa travay pa nou n’ap fè, se travay Granmèt la.
Fòk nou double jefò nou pou nou kapab non sèlman anonse pawòl Bondye a nan pawòl, men sitou ak lavi nou, konpòtman nou.
Misyon, nou se fè konnen kilès Bondye ye, se pote flanm lesperans la nan kè tout moun ki dekouraje, moun ki pèdi lespwa, moun ki santi Bondye lwen yo.
Nou pa bezwen pè, sila a ki chwazi nou an, l’ap mache avèk nou l’ap ede n’ pote tout chay nou yo ki sanble twò lou pou pote. Yon sèl bagay, se pou nou fè l’ konfyans, se lafwa nou nan li k’ap ede nou kenbe fèm nan konba lavi a, paske se Jezi ki Mèt tout sa ki ekziste.
Ala bèl sa ta bèl si nou te ka travay tout bon vre nan annonse Bòn Nouvèl la toupatou! Jezi t’ap kontan wè sa. Se pou Lespri Bondye a ranpli nou ak sajès li pou nou travay san pran souf pou sosyete a, kominote nou, mond nou an kapab tounen yon reflè bèlte Bondye ki la pou toutan an e ki envite nou antre nan mòd lavi Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an, jodi a ak pou tout rès tan k’ap vini yo.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki Mèt tout sa ki ekziste, tanpri ba nou fòs Lespri Sen an pou n’ kapab angaje nou tout bon vre nan travay ou konfye nou an, travay pou lanmou ak lapè a.
PWOPOZISYON: Fè Bondye konfyans. Kite l’ dirije w’ nan desizyon w’ap pran jodi a.


No hay comentarios:

Publicar un comentario