Koulè Vyolèt
MÈS POU TOUT FIDÈL DEFEN YO.
PREMYE LEKTI
“Li bon pou ret an silans ap tann sove Bondye a”.
NAN LIV LAMANTASYON 3,
17-26
Nanm mwen
ekzile sot nan lapè a, mwen bliye byen yo. Mwen di: «Bèl bagay mwen t’ap chèche
a fini ansanm ak esperans mwen an ki te sot nan Granmèt la»
Sonje
kijan m’ pòv, kijan m’ap trennen: se labsent ak fyèl. Memwa a sonje, nanm mwen
fonn anndan mwen.
Men sa
m’ap sonje nan kè m’ pou m’ kapab espere: se mizerikòd Granmèt la; paske nou pa
deperi, bon kè l’ pa pati. Chak
maten yo tou nèf, fidelite ou gran.
«Pòsyon m’ se Granmèt la, se sa
nanm mwen di; se pousa m’ap tann li».
Granmèt la bon pou moun ki konte
sou li yo, pou nanm k’ap chèche l’ yo. Sa bon pou tann sove Granmèt la nan
silans.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 129,1-8
R/Mwen
espere nan Granmèt la, mwen espere nan pawòl li.
Antan m’ nan bafon an mwen rele
kote ou, Granmèt: Granmèt, koute vwa m’.
Se pou zòrèy ou panche nan vwa
lapriyè m’ nan.R.
Si w’ap obsève fot yo, Granmèt,
Granmèt, kilès k’ap kanpe?
Paske kote ou se padon, n’ap
respekte ou.R.
Mwen konte sou ou, Granmèt; nanm
mwen konte sou pawòl li,
nanm mwen espere nan Granmèt la.R.
Plis pase santinèl yo ap espere
devan jou, Izrayèl ap espere nan Granmèt la.
Paske kot Granmèt la se
mizerikòd, Sovè a la anpil kote l’.
Se li
menm k’ap sove Izrayèl sot nan tout fot li yo.R.
DEZYEM
LEKTI
“Se
pou nou mache nan nouvo lavi a”
NAN
LÈT APOT PÒL POU MOUN WÒM YO: 6, 3-9
Frè m’ yo:
Nou tout ki batize nan Jezikri,
se nan lanmò l’ nou batize. Reyèlman nou antere ansanm avèk li nan lanmò a gras
a batèm nan, pou menm jan.
Jezikri leve sot nan pami mò yo
gras a glwa Papa a, konsa tou nou menm n’ap mache nan nouvo lavi a.
Sèke si nou plante ansanm avèk li
pou nou sanble avèk li nan lanmò l’ la, konsa tou n’ap ansanm avèk li nan
rezireksyon l’ nan. Nou konnen moun ansyen nou an kloure sou kwa a ansanm avèk
li, pou kò peche a kapab detwi, pou nou pa sèvi peche a ankò. Sa a ki mouri a,
li kòrèk pa rapò a peche a.
Konsa si nou mouri ansanm avèk
Jezikri, nou kwè n’ap viv ansanm avèk Jezikri tou, nou konnen Jezikri leve soti
nan pami mò yo, li p’ap mouri ankò, lanmò a p’ap gen pouvwa sou li ankò.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
“Nan
kay Papa m’ gen anpil kote pou abite”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14,
1-6
Lè sa a :
Jezi di
disip li yo : “Pa kite kè nou twouble. Se pou nou kwè nan Bondye, epi kwè nan
mwen menm tou. Nan
kay Papa m’ nan gen anpil kote pou rete. Otreman mwen ta di nou, paske m’a
prale pare yon plas pou nou.
Lè m’a fin al prepare plas la pou
nou an, m’a tounen vin pran nou avèk mwen, konsa kote m’ap ye a, se la n’a ye
tou. Epi kote m’a prale a, n’a konnen l’, n’a konnen chemen
an”.
Toma di
l’: “Granmèt, nou pa konnen kote ou a prale; kòman nou kapab fè konnen chemen
an?”
Jezi di
l’: “Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsòn pa vin kot Papa a, si l’ pa
pase nan mwen”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, 2
novanm, nan Legliz Katolik, n’ap sonje tout fidѐl defen
nou yo, sa vle di, tout fanmi ak zanmi nou yo ki te mouri, ki pran devan nou.
Pou nou menm kretyen, se yon gran fѐt lespwa, paske pou moun ki kwѐ
nan Bondye: avѐk
lanmὸ,
lavi pa fini; men li transfòme, sa vle di, li pran yon lὸt
dimansyon kote li mete nou an kominyon avѐk Bondye.
Deja,
anpil fwa nan lavi nou, nou akonpaye moun ki pwὸch nou
oubyen ki lwen nou nan doulѐ
lanmὸ;
men lѐ
se nou menm ki frape ak doulѐ
sa a, nou resevwa l’ avѐk
dezespwa; pafwa nou menm lage responsablite a sou do Bondye, paske nou konn di
oubyen nou konn tande moun di: «Bondye pa ta fѐ m’ sa»
oubyen: «Bondye, kisa m’ fè m’ap peye». Kounye a, ann gade sa pawòl Bondye pou
jodi a di nou sou koze sa a.
Nan
premye lekti a, nan liv Lamantasyon, nou ka konprann nan mitan tanpѐt
lavi a, lè van dezespwa soufle, nou dwe toujou espere nan mizerikὸd
Bondye. Pi
devan, nan sòm 129, nou jwenn menm esperans sa a: “Mwen espere nan Granmèt la,
mwen espere nan pawὸl li’’.
Nan dezyѐm lekti a, Sen Pὸl
ankouraje nou mache nan nouvo lavi a, paske gras a batѐm nou, nou antere avѐk
Jezi pou nou kapab resisite avѐk li.
Nan levanjil Sen Jan an, Jezi di
disip li yo, pa kite kѐ yo twouble, lakay Papa a gen anpil kote pou yo rete,
paske li pral prepare plas pou yo. Kondisyon an, se kwѐ nan li,
kwѐ
nan Papa a epi mache dwat nan chemen an, sa vle di lansèyman Kris la, pou nou
kapab rive kote Papa a.
Kidonk,
tout tѐks
jodi a pale nou klѐ
pou nou gen rezon pa pѐ
lanmὸ,
pa pѐdi
lespwa nan doulѐ
moun nou genyen ki pran devan nou: yo kite lavi sou tѐ a men yo
gen yon lavi miyὸ,
lavi ki p’ap janm fini an. Nou menm k’ap viv jounen jodi a, nou dwe fè jefò pou
nou antre nan mòd lavi sa, se li tann nou jan Jezi pwomѐt
nou an.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri fѐ nou pi kwѐ nan ou, nan Pawὸl ou, nan Jezi Pitit ou, nan pwomѐs li fѐ nou, pou nou kapab rive konprann avѐk lanmὸ, lavi pa fini, men se yon lavi tou nѐf ki kòmanse. Amѐn
PWOPOZISYON: Si nou
plante ansanm avèk Jezi pou nou sanble avèk li nan lanmò l’ la, konsa tou n’ap
ansanm avèk li nan rezireksyon l’ nan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario