Koulè Wouj
ANDRE KI SEN, APOT (Fèt)
PREMYE LEKTI
“Lafwa a vin nan sa yo tande a, sa yo tande a menm, se pa
lentèmedyè pawòl Jezikri a”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO: 10, 9-18
Si ou rekonèt ak bouch ou Jezi se Granmèt,
epi si ou kwè nan kè ou Bondye fè l’ leve sot nan pami mò yo, w’ap sove. Moun
ki kwè ak kè l’, se pou jistis la; moun ki rekonèt ak bouch li, se pou
delivrans la. Sa k’ ekri a di: “Tout moun ki kwè nan li, yo p’ap wont”.Nan pwen
distenksyon Juif ak Grèk, paske se yon sèl Granmèt tout moun, ki fè anpil gras
pou tout moun ki rele l’ yo. “Sèke nenpòt ki moun ki rele non Granmèt la, l’ap
sove”.
Men, kijan pou yo priye sa a yo pa kwè nan li a? Oubyen kijan pou
yo kwè nan sa a yo pa tande sou li a? Kijan pou yo fè tande, si pa gen moun ki
preche? Kijan pou yo preche, si yo pa voye yo? daprè sa k’ ekri a di a: “Ala
bèl yo bèl, pye mesaje bòn nouvèl lapè a, mesaje bòn nouvèl byen ki rive yo!”
Men se pa yo tout ki obeyi Bòn Nouvèl la; sèke Izayi di: “Granmèt,
kilès ki te kwè mesaj nou an?” Konsa lafwa a rive nan sa yo tande a, epi sa yo
tande a, se pa lentèmedyè pawòl Jezikri a. Men mwen di: “Èske yo pa t’ tande”? Men wi, “sou tout tè a mesaj yo gaye,
pawòl yo jous nan bout fas tè a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5
R/ Sou tout tè a yo tande vwa
yo.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’, platfòm syèl la ap
anonse l’.
Jou ap deklare pawòl bay jou, nannwit ap
montre syans bay nwit.R.
Pa gen langaj ni pawòl, pou yo pa konprann vwa yo.
Sou tout tè a bwi vwa yo soti, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
“Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo swiv li”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN:
4,
18-22
Lè sa a:
Jezi t’ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè, Simon, sa yo rele
Pyè a, epi Andre, frè l’ la, yo t’ap voye filè nan lanmè a; se pechè pwason yo
te ye.
Li di yo: “Vini apre m’, m’ap fè nou al lapèch moun”.
Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo suiv li. Li kontinye pi
lwen, li wè de lòt frè, Jak, pitit Zebede a, avèk Jan, frè l’ la, yo te nan
kannòt la avèk Zebede, papa yo, yo t’ap rapyese filè yo; li rele yo.
Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo ak papa a; yo swiv li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Fete youn nan apot Jezi
yo, se fete fondasyon Legliz la. Yon Legliz ki bati sou apot yo, sa se legliz
Jezikri a menm. Andre ki sen n’ap sonje jodi a, pechè pwason ki tounen pechè moun
aprè apèl Jezi te fè li, se youn nan premye disip Jezi, youn ki vle konnen Mesi
a, li we l’, li kite tout sa l’ te genyen pou li te kapab swiv li.
Konsa nou menm tou, nou kapab konprann kijan sa enpòtan pou nou
detache nou ak anpil bagay, si nou vle swiv Jezi tout bon vre, si nou vle
tounen patizan li. Jezi, frè ak sè m’ yo, se rezon pou nou viv, se li ki ba nou
tout sa nou bezwen, se li ki ba nou tout sa n’ genyen. Pou kisa pou n’ pa ta
mache ak Jezi, pou kisa pou pa ta di l’ wi?
Jezikri vle nou mache dèyè l’ jodi a menm; pa tann li pi ta; li di
nou: “vini, swiv mwen”. Swiv li paske li se chemen, laverite ak lavi. Andre
kite tout sa l’ te genyen, fanmi li, filè li, travay li, pou l’ swiv Jezi.
Paske nan Jezi li jwenn lavi a. Sa sa koute l’ si li genyen tout bagay epi li
pa gen Jezi. Mèt la rele l’ pou l’al simaye pawòl la bay tout moun, paske
Bondye pa fè distenksyon ant rich ak pòv, ant blan ak nèg, ant dominiken ak
ayisyen: nou tout se pitit menm Papa -a.
Frè ak sè m’ yo, Jezi mande pou menm jan ak Andre ak zanmi l’ yo,
nou mache bay pawòl, konsa n’ap tounen disip- misyonè pou li. Sen Pòl, nan
premye lekti a, di nou jodi a: "Ala
bèl yo bèl, pye mesaje bòn nouvèl lapè a, mesaje bòn nouvèl byen ki rive yo!"
Bondye ap avèk nou, nou pa bezwen pè. Se pou nou mete tout enèji nou nan travay
li a. Se pou Granmèt la beni nou tout byen beni.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, granmesi lapriyè Sen Andre, fè nou
resevwa gras pou nou sèvi ou san gade dèyè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Se nan ti aksyon charite
chak jou m’ap ka fè travay apostola.
No hay comentarios:
Publicar un comentario