Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Gen dwèt ki parèt tankou men moun k’ap ekri”.
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 5, 1-6.
13-14. 16-17. 23-28
Jou sa yo:
Wa Baltaza fè yon gran resepsyon pou chèf li yo, yo te mil, chak
moun t’ap bwè diven daprè laj li. Lè l’ kòmanse chofe, Baltaza pase lòd pou yo
pote vesèl sakre ki fèt ak lò ak lajan, sa papa l’ Nabikodonozò te pote sot nan
Tanp ki te Jerizalèm nan, pou yo bwè nan yo, ni wa a ni chèf li yo, ni madanm
li yo ni metrès li yo.
Konsa yo pote vesèl lò yo ak lajan yo, sa yo te pran sot nan Tanp
la ki te Jerizalèm nan, epi yo bwè nan yo, ni wa a ni chèf li yo, ni madanm li
yo, ni metrès li yo. Yo t’ap bwè diven, yo t’ap fè lwanj dye yo ki fèt ak lò ak
lajan, ak kuiv, ak fè, ak bwa ak wòch.
Menm lè sa a, vin gen dwèt ki parèt, tankou men moun k’ap ekri
anfas etajè lanp la, nan fasad miray palè wa a; wa a menm t’ap gade mouvman men
k’ap ekri a. Lè sa a fas wa a chanje, espri l’ twouble, jwenti ren l’ febli,
jenou l’ frape youn kont lòt.
Yo mennen Danyèl devan wa a, wa a pale avèk li, li di: “Ou se
Danyèl, youn nan pitit Jida yo yo mennen nan ekzil yo, sa papa m’ wa a mennen
sot Jida yo? Mwen tande pale sou ou, kijan ou gen espri
dye yo; syans, entelijans ak sajès, yo jwenn sa anpil nan ou. Konsa mwen tande
pale sou ou, ou kapab bay sans bagay ki pa klè, ou kapab defèt sa k’ mare;
konsa si ou kapab li sa k’ ekri a epi ou ban m’ sans li, y’ap abiye ou ak vlou
wouj, w’ap gen chenn lò nan kou ou, w’ap twazyèm chèf nan peyi wa m’ nan”.
Danyèl
reponn, li di wa a: “Kado ou yo mèt ret pou ou, ofrann kay ou a ou mèt bay
lotèl la yo; men sa k’ ekri a, m’ap li l’ ba ou, wa, epi sans li, m’ap montre
ou li. Ou leve kont Sa a ki Chèf syèl la, yo pote vesèl sakre kay li yo devan
ou, epi ou menm ak chèf ou yo ak madanm ou yo ak metrès ou yo, nou bwè diven
nan yo; dye yo ki fèt ak lajan, ak lò, ak kuiv, ak fè, ak bwa, ak wòch, ki pa
wè, ki pa tande, ki pa santi, ou fè lwanj yo; men Bondye menm, ki gen souf ou
nan men l’, ni tout wout ou yo, ou pa fè lwanj li; se pousa li voye dwèt men
an, ki ekri sa k’ trase a.
Ekriti
a ki make a, men li: Mane, Tesèl, Farès, epi men sans pawòl la: Mane, Bondye
konte peyi wa w’ la, li fè l’ rive bout li; Tesèl, yo peze ou nan balans, yo
jwenn ou pa gen anpil pwa; Farès, yo separe peyi wa w’ la, yo renmèt li bay Mèd
ak Pès yo”.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS Dn 3, 62. 63. 64. 65. 66. 67
Fè
konpliman pou Granmèt la, solèy ak lalin nan.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou
tout tan.
Fè konpliman pou
Granmèt la, zetwal syèl la.
R. Fè
lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout lapli ak lawouze.
R. Fè
lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout espri Bondye yo.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou
tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, dife ak chalè.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou
tout tan.
Fè konpliman pou
Granmèt la, fredi ak chalè.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou
tout tan.
LEVANJIL
“Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon cheve
nan tèt nou p’ap pèdi”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 12-19
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
“Y’ap
met men sou nou, y’ap pèsekite nou, y’ap renmèt nou nan sinagòg yo ak nan
prizon yo, y’ap trennen nou devan wa yo ak prefè yo poutèt non mwen; sa ap ba
nou okazyon pou nou temwaye. Mete sa byen nan kè nou, pa prepare sa n’ap
reponn. Se mwen menm k’ap ba nou yon bouch ak sajès ki fè tout ènmi nou yo p’ap
kapab reziste nou, ni demanti nou.
Epi
sa k’ap trayi nou, se paran nou, frè nou, fanmi nou, zanmi nou; y’ap touye kèk
nan nou; tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon cheve nan tèt nou p’ap
peri: nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Petèt gen anpil moun ki ta ka di lè yo li levanjil
jodi a: bon mwen menm m’ pa nan sèvi Bondye paske m’pa gen kote pou m’ pran kou
e m’ pa pral fè moun rayi m’! Mwen kapab konprann pou kèk bagay ki pa gen sans,
li pa enpòtan pou w’ fè moun matirize w’, men pou sa ki konsène Bondye, se
diferan.
Atitid kretyen an se konsa li ye menm, li dwe pwovoke
reyaksyon. Li dwe pwovoke mekontantman, pa nan sa ki negatif, men nan sans lè
moun nan lantouraj nou ap gade nou, yo kapab kesyone konpòtman nou pou mande
nou si se yon lòt planet n’ap viv, paske nou pa swiv menm tandans ak tout moun.
Nan
mond kote n’ap viv jounen jodi a, se plezi ki kòmande, se fwod, se fè sa ki
mal, se chen manje chen, se egoyis. Men lè moun ki bò lakay ou oubyen moun k’ap
travay bò kote w’ ap gade ou menm ou pa nan fwod, ou menm ou p’ap fè pwofitè
sou sa ki pi piti yo, lè yo wè ou gen yon konpòtman diferan ak konpòtman
majorite a, ebyen li p’ap janm kapab konprann ou; donk sa pral kreye divizyon. Lè fason kretyen an aji a pa soulve ankenn reyaksyon,
sa vle di sanble gen yon bagay ki pa mache byen. Yon kretyen pa bay privilèj
premye plas nan lavi li, li pa akomode li ak anyen paske li konnen se Bondye ki
pi enpòtan nan lavi li. Se poutèt sa tout sa l’ap fè reflete kwayans li genyen
e se konsa li levanjelize lòt yo, malgre tout diskriminasyon.
Nan
finisman levanjil la Jezi di nou “nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou”. Sa fè
nou konprann efò n’ap fè, se pa pou granmesi, nou p’ap pèdi li, n’ap jwenn
rekonpans nou kan menm. Si nou kiltive pasyans, si nou sibi tout kalamite ak
pèsekisyon akoz yo pa konprann nou, rekonpans dènye jou a va ba nou rezon.
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpri voye Lespri Sen w’ nan vin anime mwen pou mwen kapab ranpli wòl
mwen kòm disip misyonè.
PWOPOZISYON: Mwen p’ap kite
sosyete entimide m’, m’ap chèche ranpli misyon Bondye konfye mwen?
No hay comentarios:
Publicar un comentario