Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Bondye ap fè yon peyi wa leve, li p’ap janm gaye, l’ap vale tout
peyi wa yo”
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 2,
31-45
Jou sa yo: Danyèl di Nabikodonozò:
“Ou menm, wa, ou te wè, se te yon gran pòtre moun; gran pòtre moun
nan bèl wotè te kanpe an fas ou, aparans li te fè moun pè. Tèt pòtre moun sa a
te fèt avèk lò pi bon kalite, pwatrin nan menm ak bra yo te fèt ak lajan, vant
la ak kuis yo te fèt ak kuiv, janm yo menm te fèt ak fè, yon pati pye yo se te
fè, lòt pati a se te labou yo kuit.
Konsa ou t’ap gade, joustan yon wòch detache sot sou mòn nan san
men moun pa touche l’, li frape pòtre moun nan nan pye l’ yo ki te fèt ak fè ak
labou kuit la, li kraze yo. Lè sa a atò, ni fè a kraze, ni labou kuit la, ni
kuiv, ni lajan, ni lò, yo vin tounen tankou pay nan tan cho sou glasi, sa van
an ap bwote a, yo pa kite okenn mak; kanta pou wòch la menm, ki te frape pòtre
moun nan, li vin tounen yon gran mòn, li plen tout tè a.
Sa a se rèv la. N’ap bay sans li tou devan ou, wa. Ou menm ou se wa lòt wa yo, Bondye
syèl la te ba ou peyi wa ak pouvwa ak kòmandman ak glwa, tout kote pitit moun
yo abite, ni bèt bwa yo, ni zwazo syèl yo, li renmèt yo nan men ou, li enstale
tout bagay anba lòd ou; konsa se ou menm ki tèt ki fèt ak lò a. Aprè ou gen yon
lòt peyi wa k’ap leve, k’ap
pi piti pase ou, se lajan an; epi yon twazyèm peyi wa se kuiv la, l’ap kòmande
sou tout tè a; epi yon katriyèm peyi wa ap tankou fè. Tankou fè kraze tout
bagay, konsa l’ap kraze, l’ap detwi tout sa yo.
Kòm ou wè yon pati pye yo ak dwèt yo fèt ak labou kuit
epi lòt pati a fèt ak fè, peyi wa a ap separe; l’ap gen menm kalite ak fè, jan
ou wè fè a ki mele ak labou kuit la. Pou dwèt pye yo ki fèt yon pòsyon ak fè,
lòt la ak labou kuit la, sa vle di peyi wa a ap solid sou yon bò, l’ap kraze
sou lòt bò a. Jan ou wè fè a melanje ak labou kuit la, y’ap melanje ak ras
lèzòm, men yo p’ap antann yo, menm jan fè pa kapab melanje ak labou yo kuit.
Men nan jou peyi wa sa yo, Bondye syèl la ap fè yon
peyi wa kanpe, ki p’ap janm gaye, peyi wa l’ la p’ap pase nan men lòt pèp,
okontrè l’ap kraze, l’ap vale tout peyi wa sa yo, men li menm menm l’ap kanpe
pou tout tan. Daprè jan ou wè a, wòch la ki detache sot sou mòn nan san men pa
touche l’ la, epi li kraze ni labou kuit, ni fè, ni kuiv, ni lajan, ni lò a,
Bondye ki gran an montre wa a sa k’ap rive aprè; rèv la vrè, sans li ekzak”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Dn 3, 57, 58. 59. 60. 61
Fè konpliman pou Granmèt la, tout travay Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou
tout tan.
Fè
konpliman pou Granmèt la, zanj Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè
konpliman pou Granmèt la, syèl yo.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè
konpliman pou Granmèt la, tout dlo yo ki anlè syèl yo.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout pouvwa Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
“P’ap rete wòch sou wòch”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 5-11
Lè sa a:
Kèk nan disip yo t’ap pale sou Tanp la, kijan li gen
bèl wòch, kijan li dekore avèk kado. Jezi di: “Bagay sa yo nou wè a, gen jou
k’ap rive, p’ap rete wòch sou wòch nan yo ki p’ap detwi”.
Yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap di: “Mèt, kilè bagay
sa yo ap rive, epi ki siy k’ap fè konnen lè y’ap kòmanse?”
Li di: “Atansyon pa kite yo twonpe nou; sèke anpil
moun ap vini o non m’, y’ap di: “Se mwen menm, epi tan an ap rive”; pa suiv yo.
Lè n’ap tande y’ap pale sou lagè ak revòlt, pa pè: bagay sa yo gen pou yo rive anvan,
men se p’ap toutsuit finisman an”.
Lè sa a li t’ap di yo: “Nasyon ap leve kont nasyon,
peyi wa kont peyi wa. Ap gen gran tranbleman tè kèk kote, epidemi, grangou, ap
gen bagay ki sot nan syèl la k’ap fè moun tranble, epi gran mèvèy”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Pawòl Bondye pou jodi a ba nou yon avètisman sou sa
ki gen pou rive. Pwofesi nou jwenn nan levanjil la, yo tout deja reyalize. Nan
tan n’ap viv la, menm si gen anpil gwo pwogrè lasyans ak teknoloji, gen anpil
pwoblèm ki rete yon gwo defi pou limanite, tankou pwoblèm grangou,
tranblemantè, tsounami, maladi kansè, kolera, pwoblèm ki konsène estrikti
lafanmi, elatriye.
Sa fè anpil moun kòmanse panse lemond pral fini.
Sètènman gen anpil pwofesi ki akonpli. Nou menm kretyen, lè n’ap li Levanjil sa
nou dwe li l’ avèk je lafwa nou paske san sa nou p’ap kapab konprann anyen.
N’ap pwoche nan finisman ane litiji- B, epi nan yon ti
tan n’ap rive nan fen ane nòmal la tou ki pral make avèk selebrasyon gwo fèt Nesans
Sovè nou Jezikri. Nou kòmanse ap li lekti apokaliptik yo
ki rakonte nou kijan fen tan yo ap ye. Nan fason sa Legliz la vle raple nou
tout bagay genyen yon finisman; men li enpòtan pou nou prepare nou dekwa pou
nou pa soufri lè sa rive, pou nou pa di nou pa t’ konnen, paske pwovèb kreyòl
la di nou «si m’ te konnen toujou dèyè»,
oubyen «malè avèti, pa touye kokobe».
Kidonk,
nou dwe toujou chèche fè sa ki bon, sa ki byen, antan n’ap chèche fè volonte
Bondye. Se chak jou pou nou evalye tèt nou pou wè si pawòl nou ak aksyon nou yo
koresponn ak sa Bondye vle.
LAPRIYÈ:
Granmèt ede nou travay nan konstwiksyon peyi wa w’ la, pou lapè, jistis ak
renmen kapab blayi toupatou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap kolabore pou chache solisyon
yon gwo pwoblèm ki prezante nan fanmi mwen oubyen nan sosyete a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario