Koulè Wouj
SESIL KI SEN, VYÈJ E MATI (Memwa)
PREMYE LEKTI
“Sa a ki kreye tè a, l’ap renmèt nou espri
a ak lavi a”.
NAN DEZYÈM LIV MAKABE YO 7, 1.20-31
Jou sa yo:
Yo arete sèt frè, yo pran yo ansanm avèk manman yo, wa a fòse yo
manje vyann kochon, antan yo bat yo avèk fwèt ak rigwaz.
Manman yo menm merite konsiderasyon depase tout jan, li merite pou
bon moun yo sonje l’: li wè sèt pitit li yo k’ap mouri nan yon sèl jou, epi li
sipòte sa ak anpil kouraj poutèt esperans li te gen nan Bondye. Li t’ap
ankouraje yo chak nan lang zansèt yo avèk fòs, li te plen sajès, li mete nanm
gason nan refleksyon li t’ap fè kòm fi, li di yo: “Mwen pa konnen kijan nou te
parèt nan vant mwen, ni kijan mwen te ba nou espri ak nanm ak lavi, ni se pa
mwen menm ki te konpoze manb nou chak; men se Sa a ki kreye tè a, ki fòme
nesans moun, li menm ki jwenn sous tout bagay, se li menm tou avèk mizerikòd li
k’ap renmèt nou espri a ak lavi a, menm jan koulye a nou meprize pwòp tèt nou
poutèt lalwa l’ yo”.
Antyokis menm konprann se li menm yo tout ansanm t’ap meprize, li
te sispèk pawòl sa a te gen bagay ladan l’ k’ap derespekte l’. Pandan sa k’ te
pi piti a te vivan toujou, non sèlman li t’ap ba l’ konsèy ak pawòl, men li te
fè sèman l’ap fè l’ vin rich pou l’ alèz; pou l’ kite lalwa papa l’ yo, pou l’
vin tounen zanmi l’, li t’ap ba l’ sa li bezwen. Men, kòm jèn ti gason an pa t’ panche
ditou sou bagay sa yo, wa a rele manman an, li t’ap chèche pran tèt li pou l’
sove ti gason an.
Aprè wa a fin di l’ anpil pawòl, li pwomèt
l’ap bay pitit li a konsèy; konsa li panche sou li, li pase gwo chèf mechan an
nan jwèt, li di nan lang papa yo: “Pitit mwen, pran pitye pou mwen, se mwen
menm ki te pote ou nan vant pandan nèf mwa epi mwen te ba ou tete, mwen te swen
ou pandan twazan, mwen fè ou rive nan laj sa a. Mwen mande ou, pitit, tanpri,
pou ou gade nan direksyon syèl la ak tè a ak tout bagay ki nan yo, pou ou
konprann se ak anyen Bondye te fè yo, ni ras moun. Konsa pa pè bouwo sa a, men
se pou ou montre ou merite menm ran ak frè ou yo, aksepte lanmò, pou m’ resevwa
ou avèk frè ou yo nan tan mizerikòd la”.
Antan li t’ap pale toujou, ti gason an di:
“Ki sa n’ap tann? Mwen p’ap obeyi lòd wa a,
men lòd lalwa a, sa yo te ba nou pa lentèmedyè Moyiz la. Kanta ou menm, ki envante tout mechanste
sa a kont Ebre yo, ou p’ap chape nan men Bondye”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 16, 1. 5-6. 8bc e 15
R/ Lè m’a leve, m’ap satisfè
devan fas ou, Granmèt.
Koute jistis mwen, Granmèt, panche sou priyè m’.
Pare zòrèy ou nan priyè m’ ki pa sot nan
bouch manti.R.
Kenbe plant pye m’ nan chemen ou yo, pou
demach mwen pa tranble.
Mwen menm se kote ou mwen rele, paske ou
koute m’, Bondye;
panche zòrèy ou sou mwen, koute pawòl mwen
yo.R.
Pwoteje m’ tankou grenn je, anba lonbraj
zèl ou, pwoteje m’.
Kanta mwen menm, nan jistis ou m’ap wè fas
ou, lè m’ap reveye, m’ap satisfè devan fas ou.R.
LEVANJIL
“Poukisa ou pa t’ mete lajan m’ nan labank?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 19, 11-28
Lè sa a:
Jezi di yon parabòl, poutèt li te tou pre
Jerizalèm, epi paske yo te konprann se toutsuit peyi wa Bondye a t’apral parèt.
Konsa li di: “Te gen yon mesye ki te nan gran ras, li te pati nan
yon peyi ki lwen pou l’ resevwa peyi wa a, epi pou l’ tounen.
Li rele dis sèvitè l’ yo, li bay yo dis pyès lajan, li di yo: “Fè
yo rapòte, joustan mwen vini”. Sitwayen l’ yo te rayi l’; yo voye yon
delegasyon aprè l’, yo di: “Nou pa vle pou sa a vin wa sou nou”. Lè l’ tounen,
aprè li fin jwenn peyi wa a, li pase lòd pou yo rele sèvitè yo, sa l’ te bay
lajan an, pou l’ konnen konbyen chak moun te rapòte.
Premye a rive, li di: “Mèt, pyès lajan ou nan rapòte dis pyès
lajan”. Li di l’: “Se byen, bon sèvitè: paske ou te fidèl nan ti bagay, w’ap
jwenn pouvwa sou dis vil.Yon lòt rive, li di: “Mèt, pyès lajan ou nan te fè
senk pyès lajan”. Li
di sa a: “Ou menm tou w’ap kòmande sou senk vil”.
Yon lòt rive, li di: “Mèt, men pyès lajan
ou nan, mwen te depose l’ nan yon mouchwa; mwen te pè ou, paske ou se yon moun
ki rèd: ou pran sa ou pa mete, ou ranmase sa ou pa simen”. Li di l’: “Se ak
bouch ou ou jije pwòp tèt ou, sèvitè ki pa vo anyen; ou te konnen mwen se yon
moun ki rèd, mwen pran sa m’ pa mete, epi mwen ranmase sa m’ pa simen, ebyen
poukisa ou pa t’ met lajan m’ nan labank, pou lè m’ rive mwen ta reprann li
avèk enterè?”
Li di moun yo ki te kanpe la a: “Wete pyès
lajan an sot nan men l’, epi bay moun ki gen dis pyès lajan yo”. Yo di l’:
“Mèt, li gen dis pyès lajan!”
“Mwen di nou, tout moun ki genyen, y’ap ba
li, l’ap gen an plis; men sa k’ pa genyen an, menm sa l’ genyen y’ap wete l’
sot nan men l’. Kanta pou ènmi m’ sa yo, ki
pa t’ vle pou m’ kòmande sou yo kòm wa a, mennen yo isit la, touye yo devan
m’”. Kon l’ fin di sa, li pran devan, l’ap monte Jerizalèm.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Pòsyon Levanjil Sen Lik nou li jodi a, li
plen ak imaj, metafò oubyen parabòl. Reyalite li dekri a pèmèt nou gen yon ide
sou tradisyon moun yo nan epòk sa a. Parabòl, se youn nan mwayen Jezi te
itilize anpil pou bay lansèyman. Menm nou menm tou, nou itilize parabòl oubyen
pwovèb pou bay konsèy ak fanmi, zanmi, vwazen nou yo.
Nan premye lekti a, yo pale de sèt (7) frè. Jan nou konnen l’ deja, chif sèt (7)
senbolize pèfeksyon ak plenitid (1sam 2, 5/ jr 19, 9). Fanm nan ak sèt pitit li yo reprezante pèp Izrayèl, yon pèp
frajil, inosan e san defans.
Lekti a mande pou nou mete esperans nou nan Bondye ki Mèt lavi a. Paske
moun ki fè Bondye konfyans li p’ap janm sòti wont. Lè nou mete konfyans nou nan
li, lè nou mize lavi nou sou li, paske se li menm sèl ki kapab ba nou lavi, se
li menm sèl ki kapab konble tout dezi kè nou yo.
Ansanm ak Salmis la, ann mande Bondye kenbe plant pye nou nan
chimen li yo. Atravè parabòl wa ak
administratè li yo daprè Sen Lik, oswa parabòl talan yo daprè Sen Matye, Jezi
vle montre nou kòman rèy Bondye a ye, e kòman nou menm pèp Bondye chwazi a, nou
dwe konpòte nou.
Nou tout, nan yon fason ou yon lòt, nou
resevwa anpil bagay gratis nan men Bondye. Kisa nou fè ak don nou resevwa a?
Kòman nou jere l’? Nou chak gen pwòp repons pa nou. Men nan levanjil la, Lik prezante nou yon bèl ekzanp bon
administratè. Tout sa Bondye ba nou, se pou nou fè l’ grandi nan pataj ak
renmen. Nou pa gen dwa pè, Jezi p’ap mande nou sa li pa ba nou. Men, tout sa l’ ba nou, li pral mande nou
kont sou kòman nou te jere l’.
Ala bon sa ta bon si nou te kapab byen administre byen Bondye ba
nou yo!
LAPRIYÈ: Bondye Papa nou, ou menm ki gen bon kè, tanpri montre nou
kòman pou nou aprann jere e fè donnen tout sa ou ba nou gratis. Vide abondans
charite w’ la nan kè nou pou nou kapab pataje san kondisyon kado ou ba nou
chak, pou nou youn kapab anrichi lòt, pou lavi a kapab fleri pou nou tout.
Puiske nou resevwa gratis, aprann nou bay gratis.
PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap idantifye talan, don oubyen kado Bondye fè mwen (yon
bagay materyèl oubyen espirityèl) pou mwen kapab fè li miltipliye epi mete li
nan sèvis lòt yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario