Páginas

MADI 21

Koulè Blan
PREZANTASYON MARI KI SEN, KI VYÈJ
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Petèt m’a kite ekzanp, si paraza mwen jwenn yon lanmò ki respektab pou lalwa yo".
LEKTI DEZYÈM LIV MAKABE YO 6, 18-33
Jou sa yo:
Eleazar te youn nan pi gran skrib yo; se te yon moun ki te gen anpil laj, ki te gen bèl aparans. Yo louvri bouch li, yo fòse l’ manje vyann kochon. Men li menm, li pi pito yon lanmò ki plen glwa pase yon lavi ki merite yo rayi l’: li pran devan pou l’al pase mati ak tout fòs volonte l’. Li te wè kijan li dwe mache, li sipòte avèk pasyans, li te pran desizyon pou l’ pa aksepte sa ki pa dakò ak lalwa a, si se sa li ta dwe fè pou sove lavi l’.
Moun yo menm ki te kanpe a, yo te tresayi ak yon move santiman pitye poutèt yo te zanmi l’ depi lontan; yo pran l’ apa, yo t’ap sipliye l’ pou l’ fè yo pote vyann li gen dwa manje, pou l’ te fè kòmsi li t’ap manje nan vyann sakrifis yo jan wa a te pase lòd la. Pou jès sa a li ta fè a ta kapab delivre l’ sot nan lanmò a, epi poutèt zanmi yo te zanmi l’ depi lontan, se pousa yo te aji ak bon kè pou li. Men li menm li kòmanse reflechi sou gran kondisyon laj li ak vyeyès li, avèk sou cheve blanch ki te ba l’ konsiderasyon natirèl, epi sou bon konduit li te genyen depi l’ te tou piti; daprè règleman lalwa ki sen an, lalwa Bondye fè a, li reponn tout-suit, li di li vle pou yo voye l’ byen vit anba tè a.
Li deklare: "Sa pa kadre avèk laj nou pou nou nan fè sanblan; pou anpil nan jèn jan yo konprann Eleazar akatrevendizan travèse nan mòd lavi etranje yo, epi yo menm poutèt sanblan mwen fè a epi poutèt yon ti kras tan lavi k’ap peri a, yo ta twonpe, epi konsa mwen ta resevwa tach sa a avèk lawont sa a pou vyeyès mwen. Reyèlman, menm si mwen chape sot nan men move tretman lèzòm nan tan koulye a, men mwen p’ap chape sot nan men Sa a ki gen tout pouvwa a, ni antan m’ vivan ni antan m’ mouri. Se pousa antan mwen kite lavi a avèk kouraj, mwen montre mwen respekte vyeyès la; epi petèt m’ap kite yon ekzanp pou jèn jan yo, si mwen aksepte yon lanmò ki respektab avèk tout kè m’, tout kouraj mwen pou lalwa yo ki enpòtan anpil yo, ki sen anpil yo".
Kon l’ fin di sa, menm lè a, yo kondui l’ al pase mati. Moun yo menm ki t’ap kondui l’ yo, epi ki te byen dou yon ti moman anvan, yo vin chanje, yo vin nan kòlè poutèt pawòl yo li di a, yo te konprann se avèk awogans li te di yo.
Men, pandan l’ap sibi kout fwèt, l’ap plenn, li di: "Granmèt, ou menm ki gen syans ki sen an, ou byen konnen malgre mwen ta kapab fè yo delivre m’ sot nan lanmò, m’ap sipòte doulè ki rèd nan kò mwen; epi nan nam mwen tou m’ap sipòte yo ak tout kè m’ poutèt krent mwen gen pou ou".
Se konsa li kite lavi-a, antan l’ kite souvni lanmò kòm ekzanp kouraj ak fòs pa sèlman pou jèn jan yo, men pou tout moun.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 3, 2-3. 4-5. 6-7 (r.: 6b)
R/ Granmèt la resevwa m’.
Granmèt, se pa ti kras anpil yo anpil sa yo k’ap fè m’ pase tray la.
Yo anpil ki leve kont mwen,
yo anpil k’ap di nam mwen:
"Pa gen sove pou li nan Bondye".R.

Ou menm, Granmèt, ou sèvi m’ pwoteksyon,
Glwa m’, w’ap leve tèt mwen.
Ak vwa m’ m’ap rele kot Granmèt la,
li koute m’ antan l’ sou mòn li ki sen an.R.

Mwen menm mwen dòmi, mwen nan pwofon somèy,
mwen leve, paske Granmèt la resevwa m’.
Mwen pa pè mil pèp k’ap antoure m’.
Leve, Granmèt, sove m’, Bondye mwen.R.
LEVANJIL
"Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa k’ te peri a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 19, 1-10
Lè sa a:
Jez antre Jeriko, l’ap travèse vil la. Men yon mesye yo rele Zache, ki te chèf kolektè yo, ki te rich. Li t’ap chèche wè Jezi, kilès li ye; li pa t’ kapab akòz foul la, paske li te tou kout. Li kouri devan, li monte sou yon pye figye, pou l’ wè l’, paske li te gen pou l’ pase la.
Lè Jezi rive kote sa a, li leve je l’, li wè l’, li di l’: "Zache, fè vit, desann, paske jodi a se nan kay ou mwen gen pou m’ rete". Li fè vit, li desann, li resevwa l’ avèk kè kontan. Lè tout moun wè sa, yo t’ap kritike, yo t’ap di: se kay yon pechè l’al manje.
Zache menm kanpe, li di Granmèt la: "Men mwatye byen m’ yo, Granmèt, mwen bay pòv yo; epi si m’ te vòlè yon moun, mwen renmèt li kat fwa plis".
Jezi menm di l’: "Jodi a sove-a rive pou kay sa-a, paske li menm tou se yon pitit Abraam. Sèke Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa k’ te peri a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi antre Jeriko, li tou pre Jerizalèm. Anpil moun ap chèche wè li. Mesye yo rele Zache, ki te chèf kolektè yo se yon nèg rich ki te vle wè Jezi tou. Kòm wotè li pa t’ pèmèt li, li monte sou yon pye bwa pou li te kapab wè Jezi. Jezi rele li e li mande l’ pou l’ fè ladesant lakay li. Se konsa Zache jwenn òpotinite pou yon gwo chanjman fèt nan lavi li. Li remèt tout sa li te vòlè, e li remèt li kat fwa plis. Jezi fè limyè sou misyon li: li vini pou l’ sove sa k’ te peri a.
Istwa sa a, se yon ekzanp rankont ki transf   òme moun: Zache se nèg ki te pi mal pami nèg ki te mal yo. Moun yo te imilye li, yo te mete li sou kote; men aprè Jezi fin wè li, li mande l’ pou l’ fè ladesant lakay li. Fui rankont sa, sèke pechè a, malad la, li rekonsilye ak Bondye, li geri.
Jodi a, Legliz la ap sonje Prezantasyon  Mari ki Sen, ki Vyèj. Mari, Manman Legliz la, se Manman nou tout. Selebre Prezantasyon Mari ki Sen, ki Vyèj, se selebre lavi pou kretyen yo, se selebre lafwa, se fete mèvèy entèvansyon Bondye nan lavi lèzòm, se selebre zanmitay nou ak Bondye.
Granmesi “wi” Mari te di Bondye a, pa lantremiz Anj Grabriyèl, Sovè te fèt nan mitan nou. Mari ou vyèj, ou se manman Bondye, ou se yon modèl lafwa, ede nou di «wi». San ou nou pa t’ap konn Jezi, san ou nou pa t’ap gen Jezi. Mèsi Mari poutèt ou te di “wi” a.
Zanmi mwen, avèk «wi» Mari a, Jezi abite nan mitan nou, Bondye tounen yon moun pou li sove nou.
Mari se “nimewo 1”, li te di “wi” nèt ale jous devan lakwa a, kote li viv gwo eskandal krisifiksyon an, kote li t’ap gade Pitit li a ki t’ap jemi, ki t’ap plenn, ki t’ap soufri. Pa gen pi gwo soufrans yon manman te kapab soufri pase sa Mari te andire a. Ann mande li pou li kontinye lapriyè pou nou, pou yon jou, menm jan ak li nou kapab antre nan lavi tou nèf Bondye pwomèt tout pitit li yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, antan n’ap sonje Mari ki sen anpil, ki Vyèj, avèk respè, n’ap mande ou, tanpri, pou gras a priyè l’, nou merite jwenn, nou menm tou, nan gras ou a ki plen l’ nan. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Di Bondye “wi”, se fè sa li vle; se pa fè sa nou vle. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario