Páginas

LENDI 20

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Vin gen yon gran kòlè sou pèp la”
NAN PREMYE LIV MAKABE YO 1, 11-16. 43-45. 57-60. 65-67
Jou sa yo:
Gen yon rasin peche ki leve, se Antyokis ki gen gran repitasyon an, pitit wa Antyokis ki te prizonye a Wòm, epi ki te vin wa nan ane santrannsèt depi kòmansman rèy Grèk yo.
Jou sa yo, gen kèk pitit mechanste ki leve nan Izrayèl, yo pran tèt anpil moun, yo di: “Ann ale pou nou pase kontra avèk nasyon yo ki alantou nou yo, paske depi lè nou rale kò nou sot sou yo a, nou jwenn anpil malè”. Pawòl sa a sanble gen bon sans nan je yo; yo chwazi kèk moun nan pèp la, y’al jwenn wa a epi li ba yo pouvwa pou yo adopte konpòtman nasyon yo. Yo bati stad jimnastik nan Jerizalèm daprè abitid nasyon yo; yo efase tras sikonsizyon yo, yo vire do bay alyans ki sen an, yo fè yon sèl ak nasyon yo, yo vann tèt yo pou yo fè sa k’ mal.
Wa Antyokis ekri tout peyi kote l’ wa a, pou tout moun fè yon sèl pèp, pou chak moun abandone lalwa pa l’. Tout nasyon yo vin dakò pou yo viv daprè pawòl wa Antyokis la, epi anpil moun nan Izrayèl vin dakò pou yo antre nan esklavaj li a, yo ofri sakrifis bay zidòl yo, yo avili saba a.
Kenzyèm jou mwa Kasle a, sankaransenkyèm ane a, wa Antyokis drese sou lotèl Bondye a zidòl ravaj la ki merite pou yo rayi l’ la; nan tout vil Jida yo toutalantou, yo drese lotèl pou zidòl. Devan pòt kay yo ak nan plas yo yo t’ap boule lansan, yo t’ap ofri sakrifis, yo te chire liv lalwa Bondye yo e yo te boule yo nan dife; nenpòt ki moun yo te jwenn ki te gen liv testaman Granmèt la nan kay li, epi nenpòt ki moun ki t’ap obsève lalwa Granmèt la, yo te konn touye l’ daprè lòd wa a.
Anpil moun nan pèp Izrayèl la te pran rezolisyon fèm pou yo pa manje bagay ki pa pwòp, yo te pito mouri pase pou yo sal kò yo ak manje ki pa pwòp, yo pa t’ vle derespekte lalwa Bondye a ki sen an; epi asasen touye yo. Gen yon gran gran kòlè ki vin fonn sou pèp la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 53. 61. 134. 150. 155. 158
R/ Fè m’ viv, Granmèt, pou m’ kenbe kòmandman ou yo.
Lawont sezi m’ poutèt pechè yo k’ap abandone lalwa ou la.R.
Kòd pechè yo mare m’, men mwen pa bliye lalwa ou la.R.
Delivre m’ sot nan move témwayaj moun yo, pou m’ kenbe kòmandman ou yo.R.
Y’ap pwoche, sa yo k’ap pèsekite m’ nan mechanste yo, men yo ret lwen lalwa w’ la.R.
Sove a lwen pechè yo, paske yo pa chèche desizyon ou yo.R.
Mwen wè sa yo k’ap fè rebèl yo, sa degoute m’, paske yo pa kenbe pwomès ou yo.R.
LEVANJIL
“Kisa ou vle pou m’ fè? — Gran­mèt, fè m’ wè”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18, 35- 43
Lè sa a:
Rive, pandan Jezi ap pwoche Jeriko, yon avèg te chita bò wout la, l’ap mande charite. Lè l’ tande foul la k’ap pase, li t’ap mande sa sa ye. Yo di l’ se Jezi moun Nazarèt la k’ap pase.
Li rele byen fò, li di: “Jezi, pitit David, pitye pou mwen”. Moun yo ki t’ap mache devan an, yo t’ap fè l’ obsèvasyon pou l’ pe bouch li; men li menm menm se plis li t’ap rele pi fò: “Pitit David, pitye pou mwen”.
Jezi menm kanpe, li pase lòd pou yo mennen l’ kote l’.
Pandan l’ap pwoche, li mande l’: "Kisa ou vle pou m’ fè?”
Li menm li di: “Granmèt fè m’ wè”.
Jezi di l’: “Se pou ou wè, lafwa ou sove ou”.
Menm lè a, li wè, epi li t’ap suiv li antan l’ap fè konpliman pou Bondye. Tout foul la, lè l’ wè sa, li fè lwanj pou Bondye.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a nou wè nan premye lekti a kijan yon gwoup nan pèp Izrayèl te pito aksepte mouri anvan yo te dezobeyi lwa Granmèt la, nan manje manje ki pa t’ pwòp selon kòmandman Bondye papa a. Yo te kenbe fèm nan lafwa malgre wa Antyokis te vle pèp la aji kont volonte.
Nou nan sosyete pòsmodèn, kote yo vle mete laverite lafwa nou nan dènye plas. Si nou vle viv tankou patizan Jezikri tout bon vre, li nesesè pou nou lite avèk tout fòs sa yo ki vle diminye lafwa ak konfyans nou nan Bondye.Kòm pitit Bondye, fòk nou fè sa li mande nou, fòk nou kite li ba nou fòm pou nou kapab grandi.
Levanjil jodi a fè nou sonje pa gen anyen ki enposib pou Jezikri, li toujou la, li vle kanpe avèk nou pou li delivre nou nan tout sikonstans. Jezi fè avèg la wè nan moman li te mande l’ pou l’ fè l’ wè. Kisa  Bondye ap di mwen atravè Pawòl sa a?
 Malgre Granmèt la konnen sa nou bezwen, li ba nou libète pou nou mande l’ sa nou santi nou gen bezwen: Jezi mande: «Kisa ou vle m’ fè pou ou?». Lè ou prezante demand ou devan Bondye, se rekonèt ou rekonèt feblès ou ak limit ou devan li.
Lòt bagay ki ka atire atansyon nou nan lekti a, se ensistans avèg sa, malgre foul moun yo t’ap di l’ fèmen bouch li, li kontinye ensiste jiskaske Jezi tande rèl li. Nou menm tou, zanmi m’ yo, nou pa dwe dekouraje nan lapriyè; fòk nou pèsiste nan lapriyè nan tout sikonstans nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Jezi, pitit David, pitye pou mwen. Mwen ta renmen viv nan kominyon ak ou, mwen ta renmen sèvi ou menm sèl ak tout kè mwen.

PWOPOZISYON: M’ap pran yon ti moman nan jounen jodi a pou m’ reponn kesyon Jezikri poze m’ nan Levanjil la: kisa ou vle pou m’ fè pou ou?”. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario