Koulè Vèt
TRANNTWAZYÈM
DIMANCH ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Li travay avèk ladrès men li»
LEKTI LIV PWOVÈB YO 31, 10-18. 19-20. 30-31
Madanm ki gen
kouraj la, kilès k’ap jwenn li? Byen lwen depase dènye bout peyi, li gen valè.
Kè mari l’ gen konfyans nan li, li pa manke jwenn avantaj; pandan tout tan lavi
madanm nan, se byen l’ap fè pou mari l’, se pa mal; li chèche lenn ak koton, li
travay yo avèk ladrès men l’.
Li lonje men
l’ nan plòt fil la, dwèt li pa pè manyen zegui; li louvri men l’ bay malere a,
li lonje plat men l’ bay pòv la.
Bèl
prezantasyon twonpe, bèl figi vid: madanm ki krenn Granmèt la, se li menm ki
merite lwanj. Ba li nan fwi men l’, se pou travay li fè lwanj li nan pòt vil yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
127, 1-2. 3. 4-5 (r.: cf. la)
R/ Ala kontantman pou tout moun ki krenn Granmèt la.
Ala
kontantman pou tout moun ki krenn Granmèt la, k’ap mache nan wout li yo.
Se fwi travay
men ou w’ap manje, ala kontantman pou ou, w’ap jwenn avantaj.R.
Madanm ou ap
tankou yon jaden rezen ki byen donnen sou bò kay ou;
Pitit ou yo
ap tankou jenn plant pye oliv alantou tab ou a.R.
Men se konsa moun nan ap beni, sa k’ krenn Granmèt la.
Se pou Granmèt la beni ou sot nan Siyon, se pou ou wè
byen Jerizalèm toulejou lavi ou.R.
DEZYÈM LEKTI
«Pa kite jou
Granmèt la sezi nou tankou vòlè»
LEKTI PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO
5, 1-6
Frè m’ yo:
Kanta pou tan yo avèk lè yo, nou pa bezwen pou n’ ekri
nou sou sa; nou menm nou konn sa byen: jou Granmèt la, se tankou yon vòlè nan
nuit, se konsa l’ap vini.
Reyèlman, lè moun yo ap di: «Lapè ak trankilite», se lè
sa a, sanzatann, pakèt fòs lanmò ap tonbe sou yo, tankou doulè sou yon madanm
ki ansent, epi yo p’ap chape. Kanta nou menm, frè m’ yo, nou pa nan fènwa, pou
jou sa a sezi nou tankou yon vòlè; sèke nou tout, nou se pitit limyè ak pitit
lajounen; nou pa moun nan nuit ni moun fènwa.
Konsa, piga nou ret ap dòmi tankou lòt yo, men se pou
nou veye, pou nou kontwole tèt nou devan manje ak bwè.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Poutèt ou te
fidèl sou yon ti bagay, antre nan kè kontan mèt ou a».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 25, 14-30
Lè
sa a: Jezi di disip li yo parabòl sa a:
«Yon
mesye t’ap pati al nan vwayaj, li rele sèvitè l’ yo, li renmèt yo byen l’ yo;
youn li ba l’ senk pyès lajan, yon lòt menm de, epi yon lòt yon sèl; chak moun
daprè kapasite pa l’; aprè sa li pati la menm. Sa k’ te resevwa senk pyès lajan
an, l’ale, li travay avèk yo, li rapòte senk lòt. Menm jan an tou sa k’ te
resevwa de pyès lajan an, li rapòte de lòt. Men sa k’ te resevwa yon sèl la,
l’al fouye nan tè a, li kache lajan mèt li a.
Aprè
anpil tan, mèt sèvitè sa yo vini, li mande règleman avèk yo.
Sa
k’ te resevwa senk pyès lajan an, li pwoche li prezante senk lòt pyès lajan, li
di: «Mèt, se senk pyès lajan ou te ban mwen, men senk lòt mwen rapòte». Mèt li
di l’: «Se byen, bon sèvitè ki fidèl: poutèt ou te fidèl sou yon ti kras, m’ap
enstale ou sou anpil; antre nan kè kontan mèt ou».
Sa
k’ te resevwa de pyès lajan an pwoche tou, li di: «Mèt, se de pyès lajan ou te
renmèt mwen, men; de lòt mwen rapòte». Mèt li di l’: «Se byen, bon sèvitè ki
fidèl: poutèt ou te fidèl sou yon ti kras, m’ap enstale ou sou anpil; antre nan
kè kontan mèt ou».
Sa
k’ te resevwa yon sèl pyès lajan an, li pwoche atò, li di: «Mèt, mwen konnen ou
se yon moun ki rèd; ou rekòlte kote ou pa simen; ou ranmase kote ou pa plante.
Mwen te pè, m’ale, mwen kache pyès lajan ou nan anba tè a; men li, pran afè
ou».
Mèt
li reponn, li di l’: «Move sèvitè, ou parese! Ou te konnen mwen rekòlte kote
mwen pa simen, mwen ranmase kote mwen pa plante: ou te dwe renmèt lajan m’ nan
labank, lè m’ vini mwen ta resevwa sa m’ depoze a avèk benefis. — Pran pyès
lajan an nan men l’, bay moun ki gen dis pyès lajan an; konsa tout moun ki
genyen, y’ap ba li, l’ap gen plis; moun ki pa genyen an menm, sa l’ konprann li
genyen an menm, y’ap wete l’ sot nan men l’. Epi sèvitè sa a ki pa vo anyen an,
jete l’ nan fènwa deyò yo: kote sa a ap gen rèl ak manje dan».
______ OUBYEN PI KOUT
+ LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ SEN MATYE 25, 14-15. 19-20
Lè sa a: Jezi
di disip li yo parabòl sa a:
«Yon mesye
t’ap pati al nan vwayaj, li rele sèvitè l’ yo, li renmèt yo byen l’ yo: youn li
ba l’ senk pyès lajan, yon lòt menm de, epi yon lòt yon sèl; chak moun daprè
kapasite pa l’; aprè sa li pati la menm.
Aprè anpil
tan, mèt sèvitè sa yo vini, li mande règleman avèk yo.
Sa k’ te
resevwa senk pyès lajan an, li pwoche, li prezante senk lòt pyès lajan, li di:
«Mèt, se senk pyès lajan ou te ban mwen; men senk lòt mwen rapòte».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lavi kretyen an se yon konba. Kretyen an pa
fèt pou rete chita ap tann mond lan chanje, li dwe yon ajan chanjman, antan
l’ap temwaye lafwa li nan sosyete kote l’ap viv la.
Nan premye lekti a nou
wè kote y’ap fè elòj fanm sa a ki mete lafwa li nan Granmèt la, epi ki tounen
yon lwanj pou mari li tout kote li pase. Lavi nou dwe ankouraje lòt yo fè
konpliman pou Bondye, ki se Mèt tout bagay.
Nan dezyèm lekti a, Apot
Pòl pale klè ak moun Tesalonik yo sou konpòtman yo dwe geneyen nan fason y’ap aji
tankou moun ki gen lafwa. Li vle fè yon konparezon ant sila a yo ki pa kwè yo
(ki se pitit fènwa yo) ak sila yo ki kwè (kretyen yo = pitit limyè yo, ki pare
yo pou kèlkeswa jou Granmèt la ap vini, paske se yon jou kè kontan l’ap ye pou
yo). Pi gwo avètisman Pòl bay moun Tesalonik yo, se
pou yo pa kite zèv mond sa a fè yo tonbe nan sa ki pa kòrèk. Lavi nou tou, kòm
kretyen, dwe chache chak jou bay bon jan temwanyaj devan lezòm, dekwa pou lòt
yo jwenn opòtinite rankontre ak Jezi.
Matye, nan Levanjil li a, li vle raple nou responsablite nou genyen
devan Bondye: Li rakonte nou kòman Mèt k’ap pati nan vwayaj la remèt nan men 3
moun diferan yon kantite lajan pou yo kapab travay: 2 premye yo te rive fè
lajan an bay randman, men twazyèm nan te gen konpòtman rebèl, li te antere sa
mèt la te ba li a, sa pa t’ rapòte anyen. Istwa sa a fè nou reflechi sou
reyalite lavi chak moun sou tè a, Granmèt la mete nan men nou chak yon
responsablite. Kisa nan lavi nou ki ka reprezante responsablite sa a?
Lavi nou an premye:
èske lèzom chache konnen Bondye ki kreye l’ la? Fanmi nou: èske chak manb
lafanmi a pran reskonsablite l’ pou fè l’ vin bèl, pou gen bon jan relasyon? Èske m’ konsyan m’ se moun ki angaje pou viv
reyalite Levanjil la? Nan ki mezi mwen mete talan m’ yo osèvis Wayòm Bondye a?
Èske m’ede mond lan vin pi jis? Ki kont m’ap rann Bondye alafen? Granmèt la ki
kreye nou, sètènman li vle pwòp byen nou, li vle pou n’ rive patisipe nan bèlte
li a.Kèlkeswa moun nou ye, nou gen yon responsablite nan men Granmèt la, ki dwe
ede n’ rive nan finisman lavi nou, nan Bèlte li a.
Ann eseye viv lafwa nou yon fason dinamik, dekwa pou bon aksyon nou yo
deja montre reyalite Wayòm kote Bondye rele n’ pou n’ travay ak li a.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, ak konkou lagras ou,
ede m’ pran responsablite m’ oserye, ede m’ ranpli misyon pwofetik ou te ban
mwen an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:
Talan Bondye ban mwen an, m’ap mete li nan sèvis pwochen mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario