Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Yon chemen san antrav parèt nan lanmè Wouj la; yo vòltije tankou
mouton”
NAN LIV SAJÈS LA 18, 14-16;
19, 6-9
Pandan yon silans lapè te vlope tout bagay, etan lannuit la te
rive nan mitan kous chemen l’, pawòl ou a ki gen tout pouvwa a sot nan syèl la,
nan
twòn wa yo; tankou yon vanyan sòlda li fonse nan mitan tè ki gen pou disparèt
la; li pote yon epe pwenti: kòmandman w’ nan ki p’ap defèt la; li kanpe, li
plen tout bagay ak lanmò; pandan l’ kanpe sou tè a, li te rive jous nan syèl
la.
Tout
kreyati te refèt daprè kategori li te genyen nan kòmansman an, pou l’ sèvi
kòmandman ou yo, pou pitit ou yo te kapab jwenn pwoteksyon kont tout sa ki mal.
Reyèlman,
nyaj la te kouvri kote yo poze tant yo a. Epi kote ki te gen dlo anvan an, se
tè sèk ki vin parèt; nan lanmè Wouj la se yon chemen san antrav ki parèt, epi
yon jaden plant nan fon lanmè a; tout nasyon an travèse ladan l’, se men ou ki
te pwoteje l’, yo te wè mèvèy ou yo ak pwodij yo.
Yo
te tankou chwal ki nan jaden zèb; tankou mouton, yo t’ap vòltije, antan y’ap
chante lwanj ou, Granmèt, ou menm ki te delivre yo a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 104,
2-3. 36-37. 42-43
R/ Sonje mèvèy yo Granmèt la te fè a.
Chante pou li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout
mèvèy li yo.
Tire lwanj nou nan non l’ ki sen an, se pou kè k’ap
chèche Granmèt la yo kontan.R.
Li frape tout premye pitit nan peyi yo a, premye pitit
tout fòs yo.
Li
fè yo sòti avèk lajan ak lò; pa gen malad nan ras pa yo.R.
Sèke
li te sonje pawòl li ki sen an, sa l’ te di Abraam sèvitè l’ la.
Li
fè pèp li a sòti ak kè kontan, sa yo li chwazi a avèk fèt.R.
LEVANJIL
“Bondye
ap tire vanjans pou sila yo li chwazi a, k’ap rele kote l’ la”
MEN BÒN NOUVÈL NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18,1-8
Lè sa a:
Jezi t’ap di disip li yo yon parabòl, pou montre fò yo
toujou ap priye, san yo pa janm sispann; li di: “Te gen yon jij nan yon vil, li
pa t’ krenn Bondye, li pa t’ respekte moun.
Nan vil sa a gen yon vèv ki te konn vin kote l’ ap di:
“Fè m’ jistis anba men sa k’ap pèsekite m’ nan”. Pandan lontan, li pa t’ vle.
Aprè sa, li di nan kè l’: “Menm si mwen pa krenn
Bondye, mwen pa respekte moun, sèlman, paske vèv sa a ap fatige m’, m’ap fè l’
jistis pou l’ pa vin kase tèt mwen ankò”.
Granmèt
la di: “Koute sa move jij sa a di. Epi Bondye pa ta fè jistis pou sa yo li
chwazi a, k’ap rele kote l’ lajounen kon lannuit? èske l’ap fè yo pran pasyans
toujou? Mwen di nou l’ap fè vit, l’ap rann yo jistis. Sèlman, lè Pitit moun nan
va rive, èske nou kwè l’ap jwenn lafwa sou tè a?”
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Gen anpil sikonstans ki ka lakòz anpil soufrans ak
tristès nan lavi yon moun. Nan tan n’ap
viv la, pa ekzanp, anpil kote nan lemond moun ap viktim enjistis, vyolans, diskriminasyon
ou ekslizyon, elatriye. Sitiyasyon sa yo konn pèmèt moun
dekouraje, e menm rive pèdi moral.
Jezi
tou nan tan li te pase sou tè a, li te sibi eprèv ak kalamite sa yo; men sa ki
te fè fòs li, se te lapriyè. Li te toujou nan kominikasyon ak Papa l’; se pou
sa lajounen kou lannuit li te toujou ap priye: avan li te pran yon desizyon
enpòtan, li te priye. Li konnen enpòtans lapriyè, li konnen tout enpak sa
genyen, se pou sa li envite zanmi li yo pou yo pa ezite priye Bondye. Se
lapriyè a k’ap pèmèt nou dekouvri plan Bondye pou lavi nou. Lè Jezi mande pou
nou pa lache Bondye yon may la, pou nou kenbe l’ kout nan lapriyè, se di li di
nou mete anpil lafwa nan Bondye lè n’ap priye.
Jezi
fè nou konnen depi n’ap priye ak lafwa n’ap toujou rete an kontak ak Bondye pou
fè volonte l’; kòm konsekans lapriyè nou pa ka pa ekzose, paske lè sa a tout
lavi nou tounen yon priyè, e Bondye ap toujou ban nou fòs Lespri Sen an pou nou
kapab rete an kominyon ak li nan tout sitiyasyon.
LAPRIYÈ:
Jezi, ou menm ki se modèl nou nan lapriyè, tanpri ba nou lafwa epi voye
Lespri Sen an vin abite nan nou pou l’ kapab aprann nou lapriyè menm jan avè
w’, konsa n’a kapab dekouvri volonte Bondye e n’a rive travay pou rèy Bondye a
reyalize sou tout fas tè a. Amèn !
PWOPOZISYON: M’ap denonse sitiyasyon ki vle
antrave lavi moun, sitiyasyon ki fè moun pèdi diyite yo.Paske Bondye m’ap sèvi
a, se yon Bondye jistis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario