Koulè Vyolèt
DEZYÈM SEMÈN LAVAN
DEZYÈM DIMANCH LAVAN, ANE B
PREMYE LEKTI
«Pare chemen
Granmèt la»
LEKTI LIV
PROFÈT IZAYI 40, 1-5. 9-11
«Konsole, konsole, pèp mwen, deklarasyon Bondye nou an.
Pale ak kè Jerizalèm, ankouraje l’, paske mechanste l’ la fin disparèt, fot li
a efase, li fin resevwa nan men Granmèt la doub pou tout peche l’ yo».
Vwa sila a k’ap rele nan savann nan: «Pare chemen Granmèt
la, drese santye Bondye nou yo nan savann nan. Tout gòj ap leve, tout mòn ak
bit tè ap bese, sa k’ kwochi yo ap vin dwat, sa k’ gen twou yo ap vin tounen
chemen egalize, bèlte Granmèt la ap devwale, tout chè ap wè ansanm se bouch
Granmèt la ki pale».
Monte sou yon mòn ki wo, ou menm k’ap anonse bòn nouvèl
la bay Siyon ; leve vwa ou byen fò, ou menm k’ap anonse bon nouvèl la bay
Jerizalèm ; leve, pa pè, di vil Jida yo: «Men Bondye nou an, men Granmèt
Bondye a k’ap vini ak fòs, bra l’ap kòmande: men rekonpans li avèk li, travay
li devan l’. Tankou yon gadyen ap gadiyen bann mouton l’, l’ap rasanble mouton
yo ak bra l’, l’ap leve yo sou lestomak li, l’ap pote sa k’ plenn yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 84,
9ab-10. 11-12. 13-14 (r.: 8)
R/ Fè nou wè kè sansib ou a Granmèt,
delivrans ou a, ba nou li.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap di, se lapè l’ap
pale pou pèp li a ak sen l’ yo. Reyèlman vre, delivrans li a tou pre
moun ki respekte l’ yo, pou bèlte a abite sou tè nou an.R.
Kè sansib ak verite rankontre, jistis ak lapè anbrase.
Verite a leve sot sou tè a. Jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’.
Jistis ap mache devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R.
DEZYÈM LEKTI
«Se nouvo syèl
yo ak nouvo tè a n’ap tann.»
LEKTI DEZYÈM
LÈT APOT PYÈ KI SEN 3, 8-14
Gen yon bagay ki pa dwe kache pou nou, nou menm mwen
renmen anpil la, sèke yon sèl jou kot Granmèt la tankou mil ane, epi mil ane
tankou yon sèl jou. Granmèt la pa mize pou l’ reyalize pwomès li a, tankou kèkzen
konprann nan; men se avèk pasyans l’ap aji poutèt nou, paske li pa vle pou
kèkzen peri, men li vle pou tout moun tounen fè penitans. Sèlman, jou Granmèt
la ap rive tankou yon vòlè, lè sa a syèl yo ap pati avèk gran bwi, tout bagay
ap fonn nan chalè a, tè a menm avèk bagay ki ladan l’, y’ap boule.
Konsa kòm tout bagay sa yo gen pou yo dekonpoze, nou pa
bezwen mande kijan nou dwe konpòte tèt nou nan konduit ki sen e ki fè n’ zanmi
Bondye, antan n’ap tann e n’ap avanse pou nou rankontre jou Granmèt la k’ap
vini an, jou sa a syèl yo ap dekonpoze antan y’ap boule a, jou sa a tout bagay
ap disparèt nan chalè dife a? Sèke se nouvo syèl yo ak nouvo tè a n’ap tann
daprè pwomès li a, kote jistis la abite a.
Poutèt sa, nou menm mwen renmen anpil la, antan n’ap tann
bagay sa yo, se pou nou fè efò pou l’ jwenn nou san tach ak san repwòch nan
lapè.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Drese santye
Granmèt yo dwat».
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 1, 1-8
Kòmansman Levanjil Jezikri Pitit Bondye.
Jan sa ekri nan pwofèt Izayi a : «Men mwen voye
Mesaje m’ nan devan fas ou, l’ap prepare chemen ou nan devan ou. Vwa sila a
k’ap rele nan savann nan : «Pare chemen Granmèt la, drese santye l’ yo
dwat».
Jan te nan savann nan ; l’ap batize, l’ap preche yon
batèm penitans pou padon peche yo. Tout rejyon Jide a ak tout moun Jerizalèm te
sòti vin jwenn li, yo t’ap resevwa batèm nan men l’ nan larivyè Jouden an,
antan y’ap konfese peche yo.
Jan te abiye avèk pwal chamo, yon senti po te pase nan
tay li, se krikèt ak myèl sovaj li te konn manje, li t’ap preche, antan l’ap
di : «Gen yon moun ki pi fò pase m’ k’ap vini aprè m’, mwen pa merite bese
pou m’ delase kòd sapat li yo. Mwen menm mwen te batize nou nan dlo, li menm
menm l’ap batize nou nan lespri Sen an».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Depi lontan, Jezi
mouri epi li leve ankò pou ba nou lavi ki p’ap janm fini an. Nou santi sa nan
kè nou, sa ba nou kouraj ak lespwa.Depi lè Jezi te fè sa, se te premye jou
Wayòm li an, Wayòm nan inogire. Gen anpil sityasyon nan lavi nou ki vin
amelyore granmesi jefò anpil moun ki kwè nan renmen, pataj ak padon nan sosyete
a, onon Jezi. Nou wè sa.
Epoutan, nenpòt moun kapab di w’ konsa, Wayòm Bondye a poko fin tabli
nèt, paske peyi nou an gen kriz, gen mizè ak grangou, gen moun k’ap fè
mechanste. Tout tan se pwoblèm. Granmèt la pa renmen bagay sa yo. Si se li
menm k’ap kòmande vre, bagay sa yo pa ta gen dwa ekziste, men yo la.
Sa vle di, Wayòm Bondye a inogire, li kòmanse, men gen yon pati ki
manke. Se sa n’ap tann toujou. Kounye a se «dèyè mòn gen mòn», men ap gen yon
jou, l’ap plen gòj yo, l’ap bese mòn yo, pou nou ka mache pi alèz. Nan lekti
pwofèt Izayi nou sòt li a, Granmèt la fè nou pwomès, jou sa a pa lwen
rive.
Nan dezyèm lekti a, Sen Pyè fè nou konprann pou ki sa Bondye mande nou
gen pasyans konsa. Si Granmèt la poko fin kaba ak tout mechanste ki genyen nan
lemond, se paske l’ap ba nou okazyon konvèti, pou nou pa peri lè l’ fin tabli
Wayòm li an nèt, paske se nou menm k’ap fè mechanste a.
Jou k’ap 25 desanm nan, n’ap fete fèt Nesans Jezi. Menm jan yon manman
ki ansent konnen jou a ap rive pou li akouche, li poko wè jou a men li gen
lespwa, se konsa tou n’ap tann Wayòm Bondye a. Si nou gen pwoblèm pandan n’ap
tann yon lavi miyò, nou pa bezwen dekouraje, paske kè no uva kontan.
LAPRIYÈ: Granmèt, nou
pa bliye pwomès ou te fè nou: n’ap tann yon peyi tou nèf kote tout moun ka viv
ak kè poze. Nou konte sou ou! Amèn.
PWOPOZISYON:
Kòman pou m’ viv pandan m’ap tann jou a rive?
No hay comentarios:
Publicar un comentario