Koulè
Vyolèt.
PREMYE
LEKTI
Se Bondye
li menm k’ap vini, l’ap sove nou.
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 35, 1-10
Se pou dezè a kontan ni tè ki pa
gen wout la, se pou savann nan danse, se pou l’ fleri tankou lis. Se pou l’
jèmen byen jèmen, se pou l’ danse ak kè l’ byen kontan, ak lwanj l’ap chante.
Yo ba l’ bèlte Liban an, ni dekorasyon Kamèl la ak Sawon an; yo menm y’ap wè
bèlte Granmèt la ak richès Bondye nou an.
Ankouraje men k’ap febli yo,
asire jenou ki pèdi fòs yo; di sa k’ap ezite yo: "Ankouraje, pa pè: Men
Bondye nou an ap mennen vanjans revanj la: se Bondye li menm k’ap vini, l’ap
sove nou".
Lè sa a je avèg yo ap louvri,
zòrèy moun soud ap louvri; lè sa a moun k’ap bwate a ap vòltije tankou kabrit,
lang moun bèbè yo ap lage.Yo pral chante. Sous dlo
pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann. Kote sab
la te cho a pral tounen yon letan. Tè sèk yo pral plen sous dlo. Kote chen
mawon te konn rete a se la wozo ak jon pral pouse an kantite.
Pral gen yon bèl wout pase la.
Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se
va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka
detounen moun k'ap swiv chemen sa a.
P'ap gen lyon sou wout sa a. P'ap
gen bèt bwa k'ap pase la. Se moun Granmèt a delivre ase ki pral vwayaje sou li.
P'ap gen lòt moun ankò!
Moun Gramèt la te delivre yo pral
tounen.Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi
yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!
Pawòl Granmèt la.
SÒM 84, 9AB 10. 11- 12. 13 -14
R/ Men
Bondye nou an ap vini, l ap sove nou.
M’ ap koute sa Granmèt Bondye ap
di, se kè poze l’ ap pale pou pèp li a ak sen l’ yo.
Reyèlman vre, delivrans li a
toupre pou moun ki respekte l’ yo, pou bèlte a rete sou tè nou an. R.
Kè sansib ak verite rankontre,
jistis ak kè poze anbrase.
Verite a leve sot sou tè a, jistis
la panche sot nan syèl la. R.
Wi, Granmèt
la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’.
Jistis ap
mache devan l, l’ ap pase pye l’ sou wout la. R
LEVANJIL
״Nou wè
mèvèy jodi a ״.
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ LIK 5, 17-
26
Yon jon, Jezi te chita li t’ ap
bay lansèyman, te gen farizyen tou ki te chita ni espesyalis lalwa yo, ki te
vin sòti nan tout bouk Lagalile ak Lajide ak Jerizalèm; pouvwa Granmèt la t’ ap
geri moun yo. Gen moun ki vin ap pote yon mesye sou yon kabann, li pa t’ kapab
fè mouvman ak manm li, yo t’ ap chèche pote l’ anndan an pou yo depoze l’ devan
l’. Kòm yo pa jwenn ki kote pou yo pote l’
anndan an akoz foul la, yo monte sou tèt kay la, yo desann li nan fetay kay la
ansanm avèk kabann nan nan mitan an devan Jezi. Lè l’ wè lafwa yo, li di:
"Monchè, peche ou yo efase". Pwofèse lalwa yo ak farizyen yo kòmanse
fè kalkil nan kè yo, y’ ap di: "Kilès sila a, k’ ap di bagay pou
derespekte Bondye a? Kilès ki kapab padonnen peche, si se pa Bondye sèl?"
Kòm Jezi te konnen panse yo, li pran lapawòl, li di yo: "Kisa n ap kalkile
nan kè nou an? Kisa ki pi fasil, eskè se di "Peche ou yo efase",
oubyen di: "Leve epi mache " Ebyen pou nou kapab konnen Pitit moun
nan gen pouvwa sou tè a pou l’ padonnen peche yo", Li di moun nan ki pa t
kapab fè mouvman ak manm li yo: "Mwen di ou, leve, pran kabann ou, al fè
wout ou lakay ou". Menm lè a li leve devan yo, li pran kabann nan kote li
te kouche a, li pati lakay li, antan l’ ap fè konpliman pou Bondye.
Annou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Granmèt la ki gen tout pou pouvwa.
REFLEKSYON:
Jodi a, Granmèt la enstwi nou e li geri
nou an menm tan. Nou wè Granmèt la k’ap bay farizyen yo ak doktè lalwa yo
lansèyman, sila yo ki te pran pòz se yo ki gen pi gwo konesans nan epòk Jezi
t’ap viv la. Kèk fwa, lè nou panse ak epòk n’ap viv la epi ak pakèt etid nou te
fè, nou konn gen enpresyon nou pa tèlman rete anpil bagay pou nou aprann ankò.
Lojik sa ki pa gen anyen ki depase rezon nou, li konn fè pafwa nou vle fè
chemen Bondye tounen chemen pa nou, oubyen fè chemen pa nou tounen chemen
Bondye.
Nou dekouvri nan atitid sila yo
ki te swete gerizon yon zanmi, rezolisyon ke nou genyen pou nou rive jwenn sa
nou vle tout bon vre a. Sa yo te swete a - pou kokobe a mache - se pa yon bagay
ki move nan li menm. Men sa pa sifi. Granmèt la vle fè yon gerizon total pou
nou (sa vle di li vle geri nou nan pwofondè). Se pou sa li kòmanse ak sa li te
vin akonpli nan mond lan, se sa non li menm vle di: sove mond lan anba tout
peche.
Rasin tout mal nou yo se peche
a: «Peche w’ yo padone» (Lik 5,20). Trè souvan, priyè nou yo oubyen enterè nou
se pou yon bagay ki sèlman materyèl, men Granmèt la konnen kisa nou plis bezwen. Tankou nan tan sila a,
jounen jodi a, lopital yo ranpli ak malad. E menm jan ak malad sa yo, li
difisil pou nou ale kote nou kapab jwenn gerizon total la, sa vle di: rankontre
Granmèt la nan sakreman penitans la.
Yon rankont sensè avèk Jezi ki
si tèlman gen kè li sansib, se yon bagay esansyèl nan lavi tout kretyen. Li
menm ki rich ak mizerikòd, l’ap fè nou sonje nan Tan Lavan sa a, nou bezwen
padon ke l’ap ba nou an ak kè li ak de bra li byen louvri. Pafwa nou menm tou,
nou bezwen retire blokis sa ki anpeche nou wè li, sa vle di mechanse, baraj
konfò, prewokipasyon, mank konfyans, ki se obstak ki anpeche nou wè Jezi.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen gen anpil bagay ki kokobe
mwen, menm si mwen pa wè yo, yo la. Pase m’ lòd pou mwen leve.
PWOPOZISYON: Jodi a
m’ap chèche fè yon rankont sensè ak Jezi nan sakreman padon an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario