Koulè
Blan
NOTREDAM GWADALOUPE,
PATWÒN AMERIK LA
(Fèt).
PREMYE
LEKTI
"Men
ti fi ki vyèj la ap vin ansent".
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 7,10-14
Jou sa yo,
Granmèt la pale avèk Akaz, li
di: "Mande Granmèt Bondye ou la yon siy nan bafon anba tè a oubyen nan
syèl la anwo nèt la".
Akaz di: "Mwen p’ap mande,
mwen p’ap eseye Granmèt la".
Izayi di: "Koute non, kay
David: èske sa pa kont nou pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive ap fatige ata
Bondye m’ nan? Se pousa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy: Men vyèj la ap
vin ansent, l’ap fè yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske
Bondye-avèk-nou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 66, 2-3.5. 7-8 (r. ; 4)
R/ Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp
yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye pran pitye pou
nou, se pou l’ beni nou; se pou l’ fè figi l’ klere sou nou.
Pou yo rekonèt chemen ou yo sou tè
a, delivrans ou a nan tout nasyon yo. R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou
yo danse, paske ou jije pèp yo yon fason kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Tè a bay fwi l’; Bondye beni nou,
Bondye nou an; se pou Bondye nou an beni nou, se pou tout limit tè a respekte
l’.R.
DEZYÈM
LEKTI
"Bondye
voye Pitit li a, ki fèt sot nan madanm nan".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU GALAT YO 4,
4-7
Fre m’ yo:
Lè tan an rive bout li, Bondye
voye Pitit li a ki fèt sot nan madanm nan, ki fèt anba lalwa a, pou l’ te kapab
delivre nou, nou menm ki te anba lalwa a, pou nou te kapab vin tounen pitit
adoptif. Laprèv nou se pitit, sèke Bondye voye Lespri Pitit li a nan kè nou, l’ap
rele: "Aba. Papa". Konsa pa gen esklav ankò, men se pitit ki genyen. Si se
pitit, se eritye gras a Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Kote sa
sòti pou mwen pou manman Granmèt mwen vin kote m’»?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1,
39-45
Jou sa yo, Mari leve, li pati al
nan mòn yo byen vit, nan yon vil Jida. Li antre nan kay Zakari.
Li salye Elizabèt, rive, kon
Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la danse nan vant li, epi Elizabèt vin
plen ak Lespri Sen an, li rele byen fò, li di:
"Ou beni nan pami tout fi;
epi li beni tou, fwi vant ou a. Epi kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt
mwen vin kote m’? Gade, kon vwa ou rive nan zòrèy mwen lè ou salye m’ nan ti
pitit la danse nan vant mwen ak kè kontan. Se chans pou ou, poutèt ou te kwè,
paske sa Granmèt la voye di ou yo, y’ap reyalize".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a
Legliz la ap fete Notredam Gwadaloupe, ki se Patwòn Amerik la. Non sa se yon
lòt non yo bay Manman Mari, lè y’ap pale de li tankou Manman tout pèp yo nan Kontinan
Ameriken an. Men an reyalite, Mari pa sèlman manman
kontinan sa, li se manman tout moun alawonnbadè.
Fèt jodi a ap fè nou sonje gwo wòl
timadanm sa te jwe pou nou te kapab rive genyen Jezi, Sovè nou an. Menm jan
Jezi aprann nou rele Bondye ‘‘Papa’’ (Mat 6, 9), se konsa tou li aprann nou
rele Mari ‘‘Manman’’ (Jn 19, 26-27).
Nou pa bezwen pè rele Mari
Manman nou, se sa li ye. Se Manman ki renmen nou e li toujou prè pou li pote
nou sekou, se pou sa kòm Patwòn peyi Ayiti nou rekonèt li tankou «Manman Pèpetyèl Sekou». Manman sa a se
modèl nou, modèl lapriyè, disponiblite, obeyisans, lafwa, kouraj, sèvis. Nou ka
konte sou konpreyansyon li ak konkou lapriyè li:li konnen tout sa nou bezwen,
se poutèt sa, sa li pa kapab ba nou li mande Pitit li a li pou nou. Manman sa a
se kanal, se atravè li menm nou resevwa Jezi, se atravè li menm nou resevwa
tout gras nan men Bondye.
Manman sa san tach: Bondye te
rezève li depi byen davans pou li te kapab vin Manman Jezi. Se pou sa li fèt
san mak peche orijinèl la. Manman sa a se kle delivrans nou, san li nou pa t’ap
gen Jezi ki delivre nou an. Li se kolaboratè Bondye. Elizabèt, kouzin Mari a,
lè li te plen ak Lespri Sen an, li te gen yon kantantman ekstrawòdinè. Koute sa
li te di Mari: «Ou beni nan pami tout fi; epi li beni tou, fwi vant ou a. Epi
kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’!».
Mari plen ak Lespri Sen an, kidonk
li plen ak Bondye. Se pou sa li chante chan nou
rele ‘‘Mayifikat’’ la pou li li fè lwanj ak konpliman pou Bondye ki leve li
anlè:
«Nanm mwen ap chante pou Mèt la
ki gen pouvwa.
Lespri m' pran plezi nan Bondye
ki delivrans mwen.
Paske li voye je l' sou mwen, yon
sèvant ki soumèt devan li.
Wi, depi koulye a, epi pou tout
tan, tout moun pral di:
Ou se yon fanm Bondye beni!
Paske Bondye ki gen tout pouvwa a
fè anpil bèl bagay pou mwen.
Non li, se yon non pou tout moun
respekte.
L'ap toujou gen pitye pou tout
moun ki gen krentif pou li.
Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li.
Li fè moun ki gen lògèy ak gwo
lide nan kè yo pèdi tèt yo.
Li desann chèf ki te byen chita
nan fotèy yo.
Li leve moun ki pa gen
pretansyon yo.
Li bay moun ki grangou yo anpil
byen. Li voye rich yo ale san anyen.
Li vin pote sekou bay pèp
Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, pou
Abraram ansanm ak tout ras li a, daprè pwomès li te fè zansèt nou yo» (Lik
1,46-55).
LAPRIYÈ: Mèsi
Jezi Sovè mwen, pou Manman w’ ou ba nou; tanpri aprann nou renmen li chak jou
menm jan ou te renmen li. Tanpri, fè nou merite jwenn gras
nan men Bondye gras a lapriyè l’ap fè an favè nou. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap pran
yon ti moman nan jounen an pou mwen pale ak Manman Mari, m’ap di l’ mèsi paske
gras a li menm mwen resevwa tout gras nan men Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario