Koulè Wouj
LISI KI SEN, Vyèj e Mati
(Memwa)
PREMIE
LEKTI
"Bondye
ki gen tout pouvwa a bay sa ki fatige a fòs".
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 40, 25-31
"Ak ki sa nou fè m’ sanble,
nou konpare m’?" deklarasyon Sen an. Leve je
nou nan syèl anwo nèt la, epi gade: kilès ki te kreye bagay sa yo, ki fè lame
yo sòti nan ran an, ki rele yo tout daprè non yo? Akoz grandè fòs ak pouvwa ak
otorite l’, pa gEn youn ki rete.
Pouki sa w’ap di, Jakòb, w’ap
deklare Izrayèl: «Chemen m’ nan kache devan Granmèt la, jijman m’ nan pati sot
devan Bondye m’ nan?» Èske ou pa konnen, oubyen ou pa t’ tande? Se Bondye tout
tan an, Granmèt la, ki te kreye limit tè a, li p’ap febli, li p’ap bouke, pa
gen fon pou bon konprann li. Li menm ki bay sa k’ fatige a fòs, sila yo ki pa
ekziste yo li ba yo fòs, li devlope fòs la. Timoun yo febli, yo bouke, jenn jan
yo tonbe ak feblès; men sila yo ki espere nan Granmèt la yo jwenn fòs tou nèf,
yo pran zèl tankou malfini, yo kouri epi yo pa bouke, yo mache epi yo pa febli.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 102, 1-2.3-4. 8 e 10.
R/ Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam
mwen; tout sa k’ andan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam
mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fot ou
yo, ki geri tout maladi ou yo; li menm ki delivre lavi ou sot nan fòs la, ki
kouwonnen ou ak kè sansib, ak pitye.R.
Granmèt la pran pitye, li gen kè
sansib, li pran pasyans, li gen anpil kè sansib.
Se pa daprè peche nou yo li
trete nou, ni daprè fot li renmèt nou yo.R.
LEVANJIL
"Vin
jwenn mwen, nou tout k’ap redi".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE
11, 28-30
Le sa a: Jezi pran lapawòl li
di:
«Vin jwenn mwen, nou tout k’ap
fatige, k’ap redi anba gwo chaj, m’ap refè fòs nou. Pran jouk mwen sou nou,
pran leson nan men m’, paske mwen tou dou, mwen pòv nan kè m’; n’ap jwenn repo
pou nam nou;
jouk mwen fasil pou pote, chaj
mwen leje».
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a
Jezi ap mennen nou nan repo Granmèt la. Nou konnen Bondye se yon Papa ki
ekzijan, paske li renmen nou e li mande nou pou nou ba li tout bagay, men li
p’ap fè nou enjistis, li p’ap maltrete nou. Lè li mande nou yon bagay, se pou
nou kapab grandi nan renmen li an. Sèl sa li mande nou fè se renmen. Nou ka
soufri poutèt lanmou an, konsa tou nou ka rejui akoz lanmou, nou ka repoze akoz
lanmou an.
Lè nou fè nou dosil nan men
Bondye, sa fè nou vin lib e kè nou vin pi gran. Se poutèt sa Jezi ki envite nou
renonse ak pwòp tèt nou an pou nou pote kwa nou epi suiv li a, li di nou: «
jouk mwen fasil pou pote, chaj mwen leje» (Mt 11,30). Menm si pafwa sa pa fasil
pou nou obeyi ak volonte Bondye, lè nou rive fè sa avèk lanmou, sa pote anpil
lajwa pou nou: « Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo
mwen jwenn tout plezi m'» (Sòm 119,35).
Mwen ta renmen rakonte yon
bagay. Pafwa, aprè yon jounen ki te pote anpil fatig, lè m’pral kouche, mwen
santi tankou yon vwa ki di m’: Poukisa ou pa pran yon ti moman avèk mwen nan
lapriyè? Aprè yon ti moman etònman ak rezistans,
mwen aksepte pase yon ti moman ak Jezi. Aprè sa mwen al kouche, mwen santi m’
byen, nan demen maten mwen reveye e mwen pa twò santi fatig mwen abitye santi
lematen an.
Men yon lòt fwa, mwen fè yon lòt
bagay. Lè mwen fè fas ak yon pwoblèm ki trakase m’, mwen panse e mwen di: Nan
nuit sa a, m’ap priye inèd tan pou m’ jwenn yon solisyon. E lè mwen pran
dispozisyon pou m’ lapriyè, mwen tande yon vwa ki pale sou pa anndan ki di
mwen: Ou konn yon bagay? Ou ta plis fè
m’ plezi si w’ te al kouche touswit e si w’ te fè m’ konfyans; se mwen k’ap rezoud
pwoblèm ou an. Epi, lè mwen sonje kondisyon mwen tankou yon «sèvitè initil»,
mwen ak kouche trankilman, mwen lage tout bagay nan men Granmèt la.
Tout sa, se pou di ke volonte
Bondye se kote ki gen pi gwo lanmou an, men pa fòseman kote ki gen pi gwo
soufrans la… Gen plis lanmou nan repo konfyans la ke nan nan angwas enkyetid
la.
LAPRIYÈ: Bondye
ki gen tout pouvwa, ou menm ki pase nou lòd pou nou pare chemen pou Jezikri
Granmèt la, fè nou favè, tanpri, pou okenn feblès pa fè nou bouke, nou menm
k’ap tann prezans doktè syèl la k’ap konsole nou an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Selon jan
mwen viv ak pwochen mwen, mwen ka montre si Jezi prezan oubyen si li absan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario