Koulè Blan
JAN DE LAKWA KI SEN, Prèt e Savan sakre Legliz
la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Se mwen menm sila a ki delivre ou la, Sen Izrayèl
la".
LEKTU LIV PWOFÈT IZAYI 41,13-20
Mwen menm Granmèt Bondye ou la
ki pran ou nan men, ki di ou: "Pa pè, mwen pote ou sekou". Pa pè,
Jakòb ou ki yon ti vè, nou menm ki te mouri nan Izrayèl la; se mwen menm ki
pote ou sekou, deklarasyon Granmèt la ki delivre ou la, Sen Izrayèl la.
Mwen mete ou tankou yon fouch
tou nèf k’ap kraze pay, ki gen dan l’ byen sere; w’ap kraze mòn yo, w’ap fè yo
tounen farin, ni bit tè yo w’ap fè yo vin tounen tankou pousyè, w’ap vante yo,
van an ap bwote yo, toubiyon an ap gaye yo; kanta ou menm menm w’ap danse nan
Granmèt la, nan Sen Izrayèl la kè ou ap kontan.
Malere yo ak pòv yo ap chèche
dlo, men yo pa jwenn; lang yo seche ak swaf. Mwen menm Granmèt la m’ap koute
yo, Bondye Izrayèl la mwen p’ap lage yo.
M’ap louvri
larivyè sou mòn yo ki pa gen pye bwa yo, nan mitan savann yo m’ap louvri sous;
m’ap fè dezè a vin tounen letan dlo, tè ki pa gen wout la m’ap fè l’ vin tounen
larivyè dlo.
Nan savann nan, m’ap mete pye
sèd, akasya, mit ak pye oliv; nan dezè a
m’ap mete pye siprè, pye bwapen, pye melèz ansanm, pou yo gade, pou yo konnen,
pou yo sonje, pou yo konprann yo tout, se men Granmèt la ki fè sa, se Sen
Izrayèl la ki te kreye l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 144, 1 e 9. 10-11. 12-13ab
R/Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib, li gen
pasyans, li gen anpil kè sansib.
M’ap fè lwanj ou, Bondye m’, wa mwen,
m’ap fè konpliman pou non ou pou tout tan ak tout tan gen tan.
Granmèt la bon pou tout moun, kè
l’ sansib pou tout sa l’ fè. R.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa
ou fè yo;
sen ou yo ap fè konpliman pou ou.
Y’ap deklare bèlte rèy ou an, y’ap
anonse pouvwa ou.R.
Pou yo fè pitit moun yo konnen
mèvèy ou yo, ak bèlte grandè rèy ou an.
Rèy ou an, se rèy tout tan,
Kòmandman ou nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
LEVANJIL
"Pa
gen moun ki pi gran pase Jan Batis ki te leve".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 11-15
Lè sa a: Jezi di foul yo:
"An verite mwen di nou, nan
pami moun ki fèt sot nan fi yo, pa genyen ki leve ki pi gran pase Jan Batis;
epoutan sila a ki pi piti nan rèy syèl yo, pi gran pase l’. Depi jou Jan Batis
yo jous koulye a rèy syèl yo sibi efò, se moun ki vif ki sezi l’. Tout pwofèt
yo ak lalwa a jous Jan yo te fè deklarasyon pwofèt, epi si nou vle aksepte, se
li menm menm Eli sa a ki te gen pou l’ vini an. Moun ki
gen zòrèy pou l’ koute se pou l’ koute".
REFLEKSYON:« Rèy syèl yo sibi efò, se moun
ki vif ki sezi l’».
Jodi a, Levanjil la pale nou de
Jan Batis, Sila ki t’ap anonse vini Mesi a, sa vle di sila a ki t’ap prepare
chemen Granmèt la. L’ap akonpaye nou depi jodi a pou rive jou
k’ap sèz, dènye jou nan premye pati Tan Lavan an.
Jan se yon nèg ki dyanm, li konnen
kijan bagay yo difisil pou nou, li konsyan ke nou dwe lite pou nou vin pi bon,
e pou nou rive kòrèk nèt, e se pou sa menm Jezi pale konsa: « Depi jou Jan
Batis yo jous koulye a rèy syèl yo sibi efò, se moun ki vif ki sezi l’» (Mt
11,12). Moun ki vyolan, se sou pwòp tèt yo yo fè
vyolans. Èske mwen mete mwen nan kondisyon mwen pou mwen fè tèt mwen kwè ke
Granmèt la renmen mwen? Èske mwen sakrifye mwen pou mwen fè mwen tou piti? Èske
mwen fè jefò pou mwen konsyan epi viv tankou pitit Papa a?
Sen Terèz fè referans ak pawòl
Jezi sa yo ki kapab di nou kichòy e ki kapab ede nou nan konvèsasyon pèsonèl
nou ak Jezi: «Se ou menm menm Povrete! Premye
sakrifis mwen, m’ap rete ansanm ak ou jiskaske mwen mouri…». E mwen menm,
poukisa mwen toujou ap plenyen lè mwen santi mwen manke yon bagay ke m’
konsidere ki nesesè? Si omwen mwen te ka wè tout aspè ki nan lavi mwen klè menm
jan ak Doktè a!
Ak yon langaj ki petèt pa fin klè
pou nou, Jezi ap di nou jodi a tou: «Pwofèt Eli dwe vini, se li menm menm Eli
sa a [Jan Batis]. Moun ki gen zòrèy pou l’ koute se pou l’ koute» (Mt 11,
14-15). Kisa li vle di nou? Se vle li vle montre
nou ke Jan Batis se te sila ki te pran devan li a, sila a ki te byen akonpli
misyon Eli a, selon kwayans tan moun yo te genyen nan epòk la, yo te kwè ke Eli
te gen pou retounen avan Mesi a.
LAPRIYÈ: Reveye kè
nou, Granmèt, pou nou pare wout Sèl Pitit ou
a, pou lè l’ rive, nou merite sèvi w’ avèk kè nou pwòp. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Mwen
p’ap fè kòlè: m’ap aji ak dousè; mwen p’ap kenbe ògèy ak lespri vanjans: m’ap
aprann aji ak konpasyon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario