Koulè
Vyolèt
PREMYE
LEKTI
"Si ou te kapab koute kòmandman m yo!"
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 48, 17- 19
Men pawòl Granmèt la, sila a ki
aprann ou sa k’ sèvi ou, k’ap dirije ou sou wout la, kote ou ap mache a. Si ou
te kapab koute kòmandman m’ yo! Kè poze ou la ta tankou yon
larivyè, jistis ou a ta tankou lanm lanmè yo! Ras ou ta tankou sab, desandans
ki sòti nan vant ou ta tankou grenn sab li; anyen pa t’ap efase sot devan fas
mwen!"
Sa se pawòl Bondye ki gen pouvwa
a.
SÒM 1,
1- 2. 3: 4 e 6 (r. cf. Jn 8, 12)
R/ Moun ki swiv ou, Granmèt, l’ap gen limyè lavi a.
Se chans pou moun ki pa ale nan
reyinyon moun ki pa respekte Bondye yo, ki pa kanpe nan chemen moun peche yo,
ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase lalwa a nan rizib yo, demen se nan lalwa
Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen ak lannwit.R
L ap tankou yon pye bwa ki
plante sou bò kouran dlo, k’ap donnen fwi l’ nan tan li; li p’ap pèdi fèy li,
tout sa l’ap fè ap reyisi.R
Se pa konsa pou moun ki pa
respekte Bondye yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voye jete. Sekè
Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo, men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R
LEVANJIL
“Yo pa
koute ni Jan ni Pitit moun nan".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 16 -19
Lè sa a: Jezi di foul yo:
"Ak kisa mwen ta konpare jenerasyon sa a? Li sanble ak ti gason yo ki
chita sou laplas, k’ap rele zanmi yo, y’ap di: "Nou chante pou nou, epi
nou pa danse; nou chante chante dèy, epi nou pa kriye". "Reyèlman vre
Jan rive, li pa manje, li pa bwè, epi yo di: 'Se yon demon li genyen, Pitit
moun nan rive l’ap manje epi l’ap bwè, epi yo di: 'Men yon moun voras, yon moun
k’ap bwè diven, yon zanmi pibliken yo ak peche yo. Ebyen bon konprann nan jwenn
pitit li yo ki rann li jistis".
Annou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Granmèt la ki gen tout pou pouvwa.
REFLEKSYON: Tan
Lavan se yon moman espesyal, yon tan pou nou lapriyè anpil. Se yon tan lespwa.
Nou espere pwomès Bondye yo ap reyalize pou nou. Nan sans sa a, nou tande vwa
Izayi ak Jan Batis k’ap ankouraje nou chanje konpòtman nou, chanje kè nou, pou
nou akeyi benediksyon Bondye.
Nan liv pwofèt Izayi a, men sa
Granmèt la di: «Se mwen menm Bondye w’
la ki te fòme w’, ki te montre w’ chemen an pou w’ swiv la, si nou te swiv lòd
mwen yo, si nou te rete atantif nou ta jwenn benediksyon m’ yo tankou lapli
k’ap tonbe, tankou lanmè k’ap voye lanm e mwen pa t’ap sispann kanpe nan mitan
nou».
Pafwa nan lavi a nou konn distrè, nou
dekonekte: nou pa konnen ki bagay ki fè kè nou kontan ni sa ki fè nou tris.
Matye di nou nan levanjil jodi a, Jan Batis vini pou prepare wout pou Sovè a;
paske li pa manje li pa bwè, yo di li gen demon sou li, Pitit moun nan vini pou
pran ka sa ki pi piti yo, pòv yo, pechè yo, malad yo. Li manje li bwè tout sa
moun yo te konn manje ak bwè, yo wè sa mal, yo di l’ se glouton, aloufa,
tafyatè, zanmi moun k’ap viv nan peche yo, elatriye.
Frè ak sè m’ yo, pandan tan fò
sa a, pawòl Bondye a envite nou fè jefò pou nou resevwa tout moun byen, pran ka
sila yo ki pi piti, sa ki pa gen pèsonn pou pran ka yo, pòv yo, sila yo ki poko
tande bon nouvèl la. Jezi te vini pou sove tout ras
moun sou latè.
Jezi gen pou l’ retounen. Kisa
n’ap fè? Èske nou pare pou nou resevwa li? Pwofèt Jan Batis ap mande nou pou
pare wout pou Granmèt la, nou menm k’ap viv nan peche, se pou nou kase tèt
tounen vin jwenn Bondye; kite tout sa ki mete nou dozado ak Bondye. Si nou fè
sa, ebyen nou va wè kijan «tè sèk la va
wouze, flè yo va pouse, malere yo va kanpe, prizonye yo va lage, lè sa a n’a
rele di mèsi Bondye» e n’a wè kijan Bondye pa janm bliye pwomès li yo.
LAPRIYÈ: Bondye
Papa, tanpri, ranpli nou ak sajès ou, konsa n’a gen ladrès mete lòd nan lavi
nou, pou nou akeyi Pitit ou a.
PWOPOZISYO: Yon minit lavi sensè
vo plis pase san lane ipokrezi: m’ap aprann viv san ipokrizi ak pwochen mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario