Koulè Woz
TWAZYÈM SEMÈN
LAVAN.
TWAZYÈM DIMANCH
LAVAN, ANE-B
(Gaudete)
PREMYE LEKTI
«Se pa ti kras
kontan mwen kontan nan Granmèt la»
LEKTI LIV
PWOFÈT IZAYI 61, 1 -2a. 10 -11
Lespri Granmèt la sou mwen, se pou sa Granmèt la sakre
m’, li voye m’ pote nouvèl bay pòv yo, pou m’ panse kè ki kraze yo, pou m’
preche padon bay prizonye yo, delivrans bay sa k’ fèmen yo, pou m’ preche yon
ane kote Granmèt la fè gras.
Se pa ti kras kontan mwen kontan nan Granmèt la, nam mwen
ap danse nan Bondye m’ nan, paske li abiye m’ak rad delivrans, li vlope m’ nan
manto jistis tankou yon mesye k’ap marye ki dekore ak kouwòn epi tankou yon
madanm k’ap marye ki anbeli ak bijou l’. Tankou tè a donnen semans li, tankou
jaden jèmen semans li, se konsa Granmèt Bondye ap fè jistis jèmen lwanj devan
tout nasyon yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: Lik
1, 46-48. 49-50. 53-54 (r.: Iz 61, 10b)
R/ Nam mwen ap danse nan Bondye m’.
Nam mwen ap fè konpliman pou Granmèt la,
Lespri m’ap fete nan Bondye sovè m’, paske li gade
jan sèvant li a piti;
gade reyèlman vre depi koulye a tout jenerasyon ap di
mwen gen chans.R.
Paske li fè gran mèvèy pou mwen, sila a ki gen pouvwa a,
non l’ sen.
Kè sansib li sot nan jenerasyon al nan jenerasyon pou
moun ki respekte l’ yo.R.
Li plen moun ki grangou yo ak byen, li voye rich yo ale
grangou.
Li pote Izrayèl, sèvitè l’, sekou, li sonje kè sansib li.R.
DEZYÈM LEKTI
«Ni lespri nou,
nam nou, ni kò nou, ap konsève pou lè Granmèt la rive»
LEKTI PREMYE
LÈT APOT PÒL POU TESALONISYEN YO 5, 16- 24
Frè m’ yo :
Se pou nou kontan tout tan. San rete se pou nou lapriyè.
Nan tout okazyon se pou nou di Bondye mèsi : sa a se volonte Bondye
Jezikri pou nou tout. Pa etenn lespri a; pa meprize deklarasyon pwofèt yo;
sèlman se pou nou eseye tout bagay, se sa k’ bon an pou nou kenbe, se pou nou
ret lwen tout kalite mal.
Bondye lapè a menm, se pou l’ fè nou vin sen nan tout
bagay, pou l’ kenbe lespri nou entak, ni nam nou, ni kò nou san repwòch pou lè
Granmèt nou Jezikri ap rive a. Li fidèl, sila a ki rele nou an, se li
menm tou k’ap fè sa.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Li kanpe nan
mitan nou, sila a nou pa konnen an»
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 1, 6-8 19-28
Gen yon moun Bondye voye, yo te rele l’ Jan. Li te vini
temwaye, pou l’ sèvi limyè a temwen, pou tout moun te kapab kwè pa lentèmedyè
l’. Li pa t’ limyè li menm, men se pou l’ te kapab sèvi limyè a temwen.
Men temwayaj Jan, lè Juif yo te voye prèt ak levit kote
l’ sot Jerizalèm, pou yo poze l’ kesyon an : «Ou menm kilès ou ye a?». Li
te rekonèt, li pa nye, li rekonèt : «Mwen pa Kris la». Yo poze l’
kesyon : «Ki sa ou ye ebyen? Èske ou se Eli?»
Li di: «Mwen pa sa». «Èske ou se
pwofèt la?» Li reponn : «Non».
Konsa yo di l’: «Kilès ou ye? Pou nou kapab bay moun ki
voye nou repons ; ki sa ou di sou ou?» Li di : Mwe se vwa sila a k’ap
rele nan savann nan : Drese chemen Granmèt la, jan pwofèt Izayi te di a».
Moun yo yo te voye yo, genyen se nan Farizyen yo yo te
sòti. Yo poze l’ kesyon, yo di l’ : «Pouki sa w’ap batize, si ou pa Kris
la ni Eli ni pwofèt la?»
Jan reponn yo, li di : «Mwen batize nan dlo ;
men nan mitan nou gen yon moun ki kanpe, nou pa konnen l’ : se li menm ki
gen pou l’ vin apre m’ nan, li menm ki te anvan m’, mwen pa merite defèt lasèt
sapat li».
Bagay sa yo te pase nan Betani lòt bò Jouden an, kote Jan
t’ap batize a.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Tan Lavan, tan
preparasyon pou vini Granmèt nou an : tan ki ede n’ reflechi sou vini li
te vini nan lemond, tan ki fè n’ sonje prezans li nan mitan Legliz li a, tan ki
fè n’ kontinye ap espere l’ lè l’ap retounen nan bèlte li a. Se yon moman
enpòtan nan lavi kretyen an ki envite l’ pou l’ toujou gen yon kè ki prepare.
Jodi a, nou dwe sonje lavi nou dwe kore sou Pawòl Jezi te
vin pote pou nou an, Bòn Nouvèl li te vin anonse a; kominote nouvo li te vin
mete sou pye a. Nou santi nan tout mouvman pèp la prezans delivrans Granmèt la
nan anpil aksyon pozitif k’ap reyalize nan lemond, men nou santi anpil van
kontrè ki vle kontrarye plan delivrans Granmèt la. Sa li te pataje ak moun ki
kwè yo.
Nou konstate anpil reyalite mele sou tè a, anpil moun gen
bezwen fè rankont ak Granmèt la nan lavi yo, anpil chèn jouskounye a merite
kase, anpil prizonye merite lage.
Se poutèt sa pèp Bondye a, disip Jezikri yo, tankou Jan
Batis, dwe kontinye travay pou yon chanjman an pwofondè nan sosyete a, nan fanmi
yo, nan kè chak grenn kretyen vivan. Travay levanjelizasyon an dwe kontinye
avèk bon jan temwanyaj lavi tèt ansanm, renmen, kè kontan, pataj, defans pòv
yo, sèvis, ki dwe kore li dekwa pou lemond ka rekonèt Jezi prezan nan mitan
nou. Legliz la dwe chak jou vire je li bay Granmèt la nan lapriyè pou l’ jwenn
fòs reyalize travay la.
Legliz la dwe pote kwa l’ chak jou dèyè Mèt la, aksepte
afwonte nan verite tout antrav l’ap rankontre sou wout li, dekwa pou jistis
Sila a ki te mouri a epi ki te leve byen vivan an, fè l’ jwenn yon lòt fwa
nouvo lavi sa a li te pwomèt li a. Nou vle di, Legliz la gen pou l’ pran menm
wout Mèt li a: Pasyon, lanmò ak Leve byen vivan an. Men Legliz la dwe viv nan
kè kontan sa a pandan l’ap sonje Granmèt la renmen nou plis pase peche nou yo.
Legliz la se sila a ki dwe rekonèt li se : «Vwa sila a k’ap rele nan dezè limanite a,
k’ap prepare kè yo pou rankontre ak Mèt la». Batèm nou yo dwe tounen siy
rankont moun nan avèk Jezikri, veritab maryaj ki make lavi moun nan nèt ale,
premye pa moun nan fè nan direksyon wayòm nan.
Legliz la ki se temwen limyè a, se li k’ pou ede Limyè
Mèt la klere tout moun ki fè rankont ak li nan batèm nan dekwa pou yo vin
tounen limyè tou.
Ak imilite epi nan yon lespri padon, ann rekonèt tout sa
nou genyen pa sòti nan merit nou yo, men nan kalite gran favè renmen Granmèt
nou an.
LAPRIYE : Granmèt, mèsi paske ou libere nou sot anba
tout antrav peche a. Mèsi paske w’ap
kondwi tout aksyon nou yo pou byen pan ou. Fè nou tounen vrè temwan renmen ou
w’ nan antan n’ap bay temwayaj lespwa yon lavi miyò.
PROPOZISYON:
Refleksyon an gwoup sou sans angajman batèm nan ak sans travay apostola nou an
tankou batize.
No hay comentarios:
Publicar un comentario