Koulè
Vyolèt
PREMYE LEKTI
«M’ap fè yon
desandans kòrèk leve pou David»
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 23, 5-8
«Men jou k’ap vini, deklarasyon
Granmèt la, m’ap fè yon desandans kòrèk leve pou David; l’ap kòmande kòm wa,
l’ap gen sajès, l’ap fè jijman ak jistis sou tè a. Nan jou sa yo, Jida ap sove,
Izrayèl ap abite avèk asirans; men ki non y’ap rele l’: «Granmèt nou an ki
kòrèk la».
Poutèt sa, men jou k’ap vini,
deklarasyon Granmèt la, yo p’ap di ankò: «Granmèt la vivan, li menm ki te fè
pitit Izrayèl yo sot nan peyi Lejip la», men: «Granmèt la vivan, li menm ki te
fè ras kay Izrayèl la sòti nan peyi nan nò a ak nan tout peyi yo, kote mwen te
jete yo a, epi li kondui yo vini, y’ap abite nan peyi l’ la».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 71, 1- 2. 12-13. 18-19
R/ Jistis ap
fleri nan tan l’avèk lapè an kantite pou tout tan.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay
pitit wa a jistis ou, l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap
rele a, ak pòv la ki pa gen sekou a.
L’ap pran pitye pou pòv la ak
mizerab la, l’ap sove nam pòv yo.R.
Konpliman pou Granmèt Bondye,
Bondye Izrayèl, li menm ki fè mèvèy pou kont li; konpliman pou non l’ ki gran
an pou tout tan, tout tè a ap plen ak grandè l’. Amèn, amèn.R.
LEVANJIL
«Jezi fèt sot
nan Mari, ki te fiyanse ak Jozèf, pitit David.»
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 1, 18-24
Men kijan Jezikri te fèt :
Lè manman l’ Mari te fiyanse
avèk Jozèf, anvan yo te abite ansanm, rive li te vin ansent pa pouvwa Lespri
Sen an ; Jozèf menm, mari l’, kòm li te kòrèk, epi li pa t’ vle denonse l’, li
te vle ranvwaye l’an kachèt.
Pandan l’ap kalkile sa, zanj
Granmèt la parèt devan l’ nan rèv, li di : “Jozèf, pitit David, pa pè resevwa
Mari, madanm ou an : sèke sa k’ fèt nan li a se nan Lespri Sen an li sòti ;
l’ap anfante yon pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi, se li menm k’ap sove pèp
li a sot nan peche l’ yo.”
Tout sa rive pou pawòl Granmèt
la te di pa lentèmedyè pwofèt la rive vre : “Men vyèj la ap vin ansent, l’ap
anfante yon ti gason ; y’ap rele non l’Emanyèl, sa vle di Bondye-avèk-nou.”
Lè Jozèf leve sot nan dòmi, li
fè jan zanj Granmèt la te pase lòd la, li resevwa madanm li an.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:N’ap
pwoche pi pre fèt Nwèl la, kote nou selebre lanmou Bondye a ki pran chè pou li
te ka libere nou. Sen Irene (Evèk Ipòn nan) di nou: «Bondye
te kreye nou san nou, li p’ap sove nou san nou». Nou dekouvri sa nan istwa
delivrans nou an, atravè Lavyèj Mari: Pou Bondye sove tout moun, Pawòl li a vin
tounen moun nan yon moun.
Nou abitye sonje ke Bondye te
mande Lavyèj Mari si l’ te aksepte ansent Jezi, avan l’ te fè mirak la. Nou
toujou di konsa, Bondye respekte libète moun nan, li pa enpoze volonte l’ sou
nou. Tout sa se vre, epi li enpòtan pou n’ sonje sa.
Men pafwa, gen sitiyasyon nan
lavi nou ki sanble plis ak eksperyans Jozèf te fè a. Jozèf li menm, li pa t’
janm konnen si Lespri Sen an te pral ansent fiyanse li, Mari. Yo pa t’ mande
Jozèf si l’ te dakò. Se aprè sa te fin fèt, li te vin rann li kont sa.
Anpil fwa nan lavi nou, gen
bagay ki rive nou, nou pa t’ janm mande yo, nou pa t’ menm prepare pou yo. Nan
sityasyon sa yo, nou ka sonje Sen Jozèf, ak jan l’ te reyaji lè sa menm te rive
l’ tou.
Jozèf te sezi lè l’ wè Mari
ansènt epi se pa li menm ki te ansènt li, men l’ pa t’ reyaji ak vyolans. Menm
avan l’ te fin konprann sa ki t’ap pase a, li te pran desizyon aji yon fason ki
pa ta pral fè Mari mal. Daprè lalwa alepòk, li te gen dwa touye Mari ak kout
wòch, men li te pran desizyon separe avè l’ tou senpleman, san moun pa konnen
ki sa k’ te pase nan mitan yo. Lè zanj Bondye a te eksplike Jozèf vrè rezon
Mari te ansent la, Jozèf te aksepte l’ak tout kè li. Li te leve Jezi kòm si l’
te pitit pa l’. Malgre li pa te konnen sa alavans, li te wè jan Bondye te
bezwen l’ tou, epi li te kolabore ak volonte Granmèt la jiskobou.
Nou menm tou, lè yon bagay rive
nou ki fè n’ sezi epi ki mete nou mal alèz, nou ta dwe reflechi sou ekzanp
Jozèf. Si l’ te reyaji ak vyolans, se yon gwo erè li t’ap fè, paske se Pitit
Bondye a menm li ta pral touye.
Okontrè, fò n’ chache reyaji ak
sajès, ak renmen, epi pou n’ chache konprann nan ki fason Granmèt la ap sèvi ak
sityasyon sa a pou envite n’ kolabore ansanm avè l’, pou tout moun ka sove
alawonnbadè.
LAPRIYÈ: Granmèt fè mwen dispoze pou mwen resevwa o
unan lavi mwen tankou Mari, ak kè kontan. Amèn.
PWOPOZISYON: Èske
anpil fwa mwen aprann bay pwojè Bondye priyorite sou pwojè pa mwen?
No hay comentarios:
Publicar un comentario