Koulè
Vyolèt
PREMYE
LEKTI
“Nesans
Samson an, zanj la anonse a”
NAN LIV JIJ YO 13, 2-7. 24- 25a
Jou sa yo :
Te gen yon mesye nan Sorea nan ras
Dan, yo te rele l’ Manwe, li te gen yon madanm ki te steril; zanj Granmèt la
parèt devan madanm nan; li di l’: “Fè atansyon pou ou pa bwè diven ak bwason
fò, ni pou ou pa manje okenn bagay ki pa pwòp; paske w’apral ansent, w’a fè yon
ti gason, razwa pa dwe touche tèt li: sèke li konsakre pou Bondye depi l’ tou
piti depi l’ nan vant manman, se li menm k’ap kòmanse delivre Izrayèl sot nan
men Filisten yo”.
Lè mari l’ rive, madanm nan di
l’: “Gen yon mesye Bondye ki te vin kote m’, li te gen fas yon zanj, li te fè
kè m’ sote anpil. Lè m’ mande l’ kilès li te ye epi ki kote li te sòti epi ki
non l’, li pa t’ vle di m’; men li reponn mwen konsa: Men w’apral ansent epi
w’ap anfante yon ti gason. Fè atansyon pou ou pa bwè diven ni bwason fò, ni pou
ou pa manje okenn bagay ki pa pwòp; sèke ti pitit la ap konsakre pou Bondye
depi l’ tou piti, depi l’ nan vant manman l’ jous jou lanmò li”.
Konsa li fè yon ti gason, li
rele non l’ Samson. Ti gason an grandi, Granmèt la beni l’. Lespri Granmèt la
kòmanse vin avèk li nan abitasyon Dan yo ant Sorea avèk Estawòl.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 70, 3-4a. 5-6ab. 16-17
R/ Bouch
mwen ap anonse delivrans ou, Granmèt.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch
sitadèl, ak yon kay-defans pou ou sove m’, paske fòs mwen ak kachèt mwen, se ou
menm, Bondye mwen, wete m’ nan men moun peche a.R.
Paske se ou menm ki esperans mwen,
Granmèt; Granmèt, esperans mwen depi m’ tou jèn. Se sou ou mwen apiye depi m’
nan vant, depi m’ nan vant manman m’ se ou menm ki soutni m’.R.
M’ap vin kot pouvwa Granmèt la:
Granmèt, m’ap fè sonje jistis ou ki pa gen parèy la. Bondye, ou ban m’ansèyman
depi m’ tou jèn; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
LEVANJIL
“Nesans
Jan Batis Gabriyèl anonse a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1,5-25
Nan tan Ewòd yo, wa Jide a, te
gen yon prèt yo te rele Zakari, nan ras Abya, madanm li te sòti nan yon fanmi
Aawon, non l’ se te Elizabèt. Yo toulede te kòrèk devan Bondye, yo te obeyi
tout kòmandman ak desizyon Granmèt la san kont. Men yo pa t’ gen pitit, paske
Elizabèt te steril, yo toulede te avanse nan laj yo.
Rive, pandan li t’ap fè sèvis
prèt li nan ran klas li devan Bondye, daprè abitid prèt yo, sò a tonbe sou li
pou l’ prezante lansan antan l’antre nan Tanp Granmèt la ; tout foul pèp la te
deyò, yo t’ap priye pandan lè lansan an.
Zanj Granmèt la parèt devan l’, li
kanpe adwat lotèl lansan an. Zakari twouble lè l’ wè sa, sezisman tonbe sou li.
Zanj la di l’ : “Pa pè, Zakari, yo
tande priyè w’ la ; madanm ou, Elizabèt, ap fè yon ti gason ba ou, w’ap rele
non l’ Jan, w’ap kontan, w’ap fete, anpil moun ap kontan nan nesans li. Sèke
l’ap gran devan Granmèt la, li p’ap bwè diven ak alkòl, l’ap plen Lespri Sen an
depi nan vant manman l’. L’ap fè anpil pitit Izrayèl yo tounen kot Granmèt
Bondye yo a. Li menm l’ap mache devan l’ nan Lespri ak pouvwa Eli, « pou l’ fè
kè papa yo vire kot pitit yo », pou l’ fè moun ki pa kwè yo vin gen entelijans
moun kòrèk yo, pou l’ pare yon pèp ki kòrèk nèt pou Granmèt la”
Zakari menm di zanj la. “Kòman
m’ap fè konn sa? Sèke mwen menm mwen se yon granmoun, epi madanm mwen avanse
nan jou l’ yo”.
Zanj la reponn, li di l’: “Se
mwen menm Gabriyèl, ki kanpe devan Bondye ; li voye m’ pou m’ pale ak ou, epi
pou m’anonse ou bòn nouvèl sa yo. Ebyen men w’apral baba epi ou p’ap kapab pale
jous nan jou bagay sa yo ap fèt, poutèt ou pa t’ kwè pawòl mwen yo, k’ap
reyalize nan tan yo”.
Foul la menm t’ap tann Zakari,
yo te sezi poutèt li te mize nan Tanp la. Lè l’ sòti menm li pa t’ kapab pale
avèk yo, yo te rekonèt se yon vizyon li te genyen nan Tanp la. Li menm menm li
t’ap fè yo siy, epi li te rete baba.
Rive, lè jou sèvis li yo fini,
li pati al lakay li. Aprè jou sa yo, Elizabèt madanm li vin ansent, li te ret
kache, pandan senk mwa, li t’ap di: “Se konsa Granmèt la aji avèk mwen, nan jou
sa yo, kote li voye je pou l’ wete wont mwen an nan pami lèzòm yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Pouvwa Bondye se yon bagay nou pa kapab
mezire ak pwòp ti entelijans nou, paske Bondye pi gran pase nou, se kreyati li
nou ye. Entelijans li ba nou twò piti pou nou ta rive konprann li nan Sajès li
ki san mezi ak nan renmen li ki san limit.
Gen yon gwo vid ki separe Kreyatè
a ak kreyati a. Nou li de tèks jodi a ki sanble tèt koupe: Youn pale de istwa
nesans Samson; lòt la pale de istwa nesans Jan Batis. Nan tou de istwa sa yo
nou wè Bondye fè gwo entèvansyon, kidonk se Bondye k’ap aji, atravè mesaje li.
Tou de istwa yo montre kòman Bondye kapab aji nan feblès nou. Lè tout bagay
parèt enposib pou nou, lè nou santi nou dekouraje, n’ap pase wont nan sosyete
a, Bondye li menm li kapab aji pou li leve tèt nou. Paske li
Se Bondye Abraam, Izaak ak Jakòb la, li se Bondye ki onore pwomès li, li se yon
Papa fidèl. Nan premye moso labib la, Manwe se te yon nèg ki pa t’ espere gen
pitit ak madanm li, paske madanm nan te steril; sa vle di li pa t’ gen kapasite
natirèl pou li te fè pitit.
Nan kilti pa nou, nou konnen lè
yon fi steril ki non yo ba li, epi kijan fi sa kapab santi li jennen pou li
mache nan sosyete a. Se yon sitiyasyon ki vrèman imilyan, sitou lè tout moun
konnen entèl se yon jèn fi ki gen 5 an oubyen 10 zan depi li marye epi li pa
janm fè pitit.
Nan Levanjil la nou wè Elizabèt,
madanm Zakari te twouve li nan ka sa tou, li te steril epi li te avanse nan
laj. Kidonk se yon fi ki te dezespere gen pitit. Men nou wè pandan Zakari t’al
prezante lansan nan Tanp la Bondye te anonse li yon bòn nouvèl, li di li atravè
zanj Gabriyèl: «Pa pè, Zakari, yo tande priyè w’ la ; madanm ou, Elizabèt, ap
fè yon ti gason ba ou, w’ap rele non l’ Jan, w’ap kontan, w’ap fete, anpil moun
ap kontan nan nesans li…».
Mezanmi, se yon istwa ki envite
nou mize lavi nou sou Bondye epi pou nou mete tout konfyans nou nan li, paske
se Bondye sèl ki ka pote lavi ak lespwa pou nou. Se li menm sèl ki kapab chanje
lavi nou, se li menm sèl ki kapab leve tèt nou devan sosyete a.
LAPRIYÈ:
Bondye, ou menm ki devwale klète glwa ou bay tè a, gras a Pitit Lavyèj ki sen
an anfante a, tanpri, mistè gran Bondye sa a ki vin pran chè a, fè nou adore
l’avèk yon lafwa ki entak, fè nou toujou frekante l’avèk tout respè nou. Pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap fè
Bondye plis konfyans nan pwoblèm mwen yo, paske li gen tout pouvwa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario