Koulè
Blan
NESANS
GRANMÈT LA
(Gran
Fèt)
NB: POU MÈS GRANMATEN
AN Y’AP LI:
PREMYE LEKTI: LIV PWOFÈT
IZAYI 62, 11-12
SÒM REPONS 96, 1 e 6.11-12
DEZYÈM LEKTI: LÈT APOT
PÒL KI SEN, POU TIT 3, 4-7
LEVANJIL: LIK 2, 15-20
POU MÈS LAJOUNEN AN:
PREMYE
LEKTI
“Tout
limit tè a ap wè sove Bondye sove nou an”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
52, 7-10
Ala bèl yo bèl sou mòn yo, pye
moun k’ap anonse bòn nouvèl la, k’ap preche lapè a, k’ap anonse byen an, k’ap
preche sove Bondye sove a, k’ap di Siyon: «Bondye w’ la wa»! Men vwa santinèl
ou yo: yo leve vwa yo, y’ap fè lwanj ansanm, paske y’ap wè je nan je lè Granmèt
la ap tounen Siyon.
Fè kè nou kontan, fè lwanj ansanm,
dezè Jerizalèm yo, paske Granmèt la konsole pèp li a, li rachte Jerizalèm.
Granmèt la drese bra l’ ki sen an devan je tout nasyon yo, tout limit tè a ap
wè sove Bondye sove nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
97, 1. 2-3ab. 3cd-4. 5-6
R/ Tout limit
tè a ap wè sove Bondye sove nou an.
Chante yon kantik nouvo pou
Granmèt la, poutèt mèvèy li fè.
Sove li sove a sot nan men dwat
li, nan bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove li
sove a, devan fas nasyon yo li devwale jistis li a.
Li sonje mizerikòd li ak verite
l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye
sove nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a,
eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik;
sou twonpèt ki dous ak son kòn, fè
konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
DEZYÈM
LEKTI
“Bondye pale avèk nou nan Pitit
la”
NAN LÈT EBRE YO 1, 1-6
Lontan, anpil fwa ak anpil
manyè, Bondye te pale ak zansèt yo nan pwofèt yo ; nan dènye jou sa yo, li pale
avèk nou nan Pitit la. Se li menm li enstale kòm eritye tout bagay, se pa
lentèmedyè l’ li te fè tan yo. Li menm ki klète glwa li ak pòtre sa l’ ye a, li
pote tout bagay ak pawòl pouvwa l’ la, li pwòpte peche yo, li chita adwat glwa
a nan anwo nèt la ; li gen pi gran plas pase Mesaje yo, non li eritye a pi gran
anpil pase pa yo a.
Kilès nan zanj yo Bondye te di :
«Se Pitit mwen ou ye, mwen menm jodi a mwen anfante ou » ? Epi tou : «M’ap yon
papa pou li, li menm l’ap yon pitit pou mwen
». Epi, lè l’ap fè Premye Pitit la antre sou fas tè a li di: «Se pou tout zanj
Bondye yo adore l’ ».
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pawòl
la vin tounen moun, li abite nan nou”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
1, 1-18
Nan kòmansman se te Pawòl la,
Pawòl la te kot Bondye, se Bondye Pawòl la te ye. Li te kot Bondye nan
kòmansman. Tout bagay te fèt pa lentèmedyè l’, san li menm anyen pa t’ fèt nan
sa k’ te fèt.
Nan li se te lavi, lavi a se te
limyè lèzòm; limyè a klere nan fènwa, fènwa yo pa vlope l’.
Gen yon moun Bondye voye, yo te
rele l’ Jan. Li te vini nan temwayaj, pou l’ sèvi limyè a temwen, pou tout moun
te kapab kwè pa lentèmedyè l’. Li pa t’ limyè li menm, men se pou l’ te kapab
sèvi limyè a temwen.
Te gen vrè limyè a, sa k’ klere
tout moun k’ap vin sou tè sa a. Li te sou tè a, se pa lentèmedyè l’ tè a fèt,
men tè a pa t’ rekonèt li ; li vin lakay li, moun lakay li pa t’ resevwa l’.
Men tout moun ki te resevwa l’,
li ba yo pouvwa pou yo vin tounen pitit Bondye, yo menm ki kwè o non l’, ki pa
fèt sot nan san yo, ni nan volonte chè a, ni nan volonte gason, men ki fèt sot
nan Bondye.
Pawòl la vin tounen moun, li
abite nan nou; nou wè glwa li, glwa tankou pa Sèl Pitit la ki sot nan Papa a,
plen favè ak verite.
Jan sèvi l’ temwen, li rele byen
fò, li di: “Sa a, se osijè l’ mwen te di: “Sa a k’ap vini apre m’ nan, li pran
plas devan m’, paske li te la anvan mwen”; nan sa l’ ye anplen an, nou tout nou
resevwa, epi gras pou gras. Sèke lalwa a yo te bay li pa lentèmedyè Moyiz, gras
la ak verite a menm se pa lentèmedyè Jezikri li rive. Bondye, pèsòn pa janm wè
l’ ; sèl Pitit la, ki nan vant Papa a, li menm li montre l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Mwen
swete tout zanmi Sous Lavi yo bòn Fèt Nwèl! Nwèl se fèt lajwa, fèt gete. Nwèl
se Jezi ki vin kase dènye chenn. Pandan fèt sa a, Bondye vle montre nou, li pa
yon Bondye k’ap viv lwen nou, li pa yon Bondye ki rete nan lespas. Fèt sa a, se
Bondye ki vin fè youn avèk nou, Li pran fòm moun pou li kapab montre nou kijan
li pataje menm reyalite ak nou e kijan li kapab konprann nou nan tout
sitiyasyon lavi nou. Jou 25 desanm nan raple nou Emanyèl ki fèt. Emanyèl ki vle
di Bondye avèk nou. Menm jan lè yon etranje vin lakay nou, nou fè pwòpte pou nou
akeyi li, ebyen mwen panse pandan Tan Lavan an, nou te fè tout sa ki nesesè
tankou ale legliz, konfese, netwaye tout sa ki dwe netwaye nan lavi nou pou
kapab akeyi Sovè nou an nan gran jou sa a.
Youn nan gwo mistè nou jwenn nan
Levajil la, se mistè Enkanasyon an: Bondye ki fè li tounen moun pou li kapab
sove nou. Kijan li kapab sove nou? Sa a se kesyon
prensipal chak kretyen ta dwe poze tèt li. Nou chak grenn moun ki sou tè a
kapab sove avèk yon sèl kondisyon. Se sèlman lè li akeyi Bondye, kidonk, n’ap
kapab wè sa nan fason l’ap aplike Pawòl Bondye a nan lavi li, nan fason l’ap
sèvi frè ak sè li, nan lanmou l’ap genyen pou yo. Sa rèd anpil lè w’ wè yon
moun vin lakay ou epi ou pa resevwa l’. Sa te
toujou konn rive; anpil kote Jezi pase yo pa t’ resevwa li, e jis jounen jodi
a, anpil moun pa resevwa Jezi lakay yo. Lè nou gade mond nou an jodi a, nou
mande nou èske anpil nan moun sa yo gen Jezi nan lavi yo. Tout vye konpòtman
fin anvayi nou.
Anpil fwa nou pale de Jezi, nou pale de labib,
ata goumen nou goumen sou non li pafwa. Men lè nou desann nan fon kè nou pou
nou ta wè nou konbyen ki fè volonte li an reyalite, sa ta ba nou lapenn.
Nou menm ki di nou se kretyen,
nou menm ki di n’ap suiv Jezi, se nou ki ta dwe bay premye ekzanp, men elas!
Èske li toujou konsa vre? Mwen rete sèten si nou tout ki di nou se kretyen nou
te viv daprè kòmandman Gran Frè nou Jezi te ba nou yo, nou t’ap genyen yon lòt
mond, tout bagay t’ap chanje tout bon. Nan gran jou sa a li enpòtan pou nou
aksepte Jezi ak tout nou menm. Resevwa li, se viv jan li te konn viv, viv jan
li mande nou pou nou viv, kwè nan li, idantifye nou ak li.
Levanjil la prezante nou Jezi
tankou yon limyè. Ebyen zanmi Sous Lavi yo, ann travay pou menm jan ak Jezi
lavi nou kapab tounen yon limyè, yon modèl pou lòt moun kote n’ap viv yo, pou
nou kapab travay pou nou chanje mond nou an.
LAPRIYÈ: Bondye,
ou menm ki fè kè nou kontan chak ane antan n’ap tann redanmsyon nou an, tanpri,
Sèl Pitit ou a, li menm nou resevwa ak kè kontan an kòm Redanmtè a, fè nou
merite wè l’ tou avèk asirans lè l’ap vini kòm Jij la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap
kontinye fè sa m’ kapab pou fason m’ap viv kapab reprezante yon modèl, yon
limyè pou moun m’ap rankontre sou wout mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario