Koulè Vyolèt
KATRIYÈM SEMÈN LAVAN.
KATRIYÈM DIMANCH LAVAN, ANE-B
PREMYE LEKTI
«Rèy David la
ap kanpe pou tout tan devan fas Granmèt la».
LEKTI DEZYÈM
LIV SAMYÈL 7, 1-5. 8b-12. 14a. 16
Rive lè Wa David fin enstale nan lakay li, lè Granmèt la fin ba l repo
tout kote sot anba men tout lènmi l yo, li di pwofèt Natan : "Gade
kijan mwen menm mwen abite nan kay ki fèt ak planch bwa pen, epi pa Bondye a
menm depoze nan mitan yon joupa". Natan di wa a: "Tou sa ki nan kè w,
al fè l, paske Granmèt la avèk ou". Rive nan nwit sa a menm, pawòl Granmèt
la rive kot Natan, li di: "Al di David sèvite m nan: 'Men pawòl Granmèt
la: Èskè se ou menm k ap bati yon kay ban mwen pou m abite? Se mwen menm ki te pran
ou sot nan savann zèb la, lè ou t ap swiv bann mouton yo, pou ou te kapab vin
chèf sou pèp mwen Izrayèl, mwen te avèk ou nan tout okazyon tout kote ou te
pase, mwen te touye tout lènmi ou yo sot devan fas ou ; mwen te fè ou vin
gen yon non ki gran tankou non gran pèsonaj yo ki sou tè a. M ap mete yon kote
pou pèp mwen Izrayèl, m ap plante l, l ap abite la, li p ap nan kè sote
ankò ; pitit mechanste yo p ap vin pou yo trakase l tankou anvan, depi jou
mwen te enstale jij yo sou pèp mwen Izrayèl la. M ap ba ou repo sot anba men
tout lènmi ou yo, Granmèt la avèti ou davans se Granmèt la k ap fè yon kay pou
ou. Lè jou ou yo ap fin rive nan limit yo, epi ou ap dòmi ansanm avèk zansèt ou
yo, m ap fè desandans ou leve apre ou, sa k soti nan vant ou a; m ap konsolide
reny li, M ap yon papa pou li, li menm l ap yon pitit pou mwen. Kay ou a ap
fidèl, ni rèy ou a jous pou tout tan devan fas ou, fotèy ou a ap solid pou tout
tan".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 88,
2-3. 4-5. 27 e 29 (r.: cf. 2a)
R. Kè sansib Granmèt la se tout tan m’ap
chante l’.
Kè sansib Granmèt la, se tout tan m’ap chante l’, pou
jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse verite ou nan bouch mwen. Sèke mwen te
di : «Pou tout tan kè sansib la bati, nan syèl la ou asire verite ou la.R.
Mwen regle alyans avèk sa a mwen chwazi a, mwen fè sèman
bay David, sèvitè m’ nan : Pou tout tan m’ap asire desandans ou a, m’ap
drese fotèy ou pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Li menm l’ap rele m’ : «Se Papa m’ ou ye, Bondye
m’ak Wòch k’ap sove m’ nan».
Pou tout tan m’ap kenbe kè sansib mwen pou li, alyans
mwen an ap fidèl pou li.R.
DEZYÈM LEKTI
«Mistè a ki te
ret an silans pandan tout tan yo, li louvri koulye a».
LEKTI LÈT APOT
PÒL KI SEN POU WOMEN YO 16, 25- 27
Frè m’ yo:
Sa a ki gen pouvwa pou l’ konsolide nou daprè bòn nouvèl
mwen an ak prèch mwen fè sou Jezikri, daprè revelasyon mistè ki te ret an
silans pandan tout tan yo, men ki louvri koulye a gras a sa pwofèt yo te ekri
yo, daprè lòd Bondye bay depi tout tan, mistè sa a tout nasyon yo konnen pou yo
obeyi lafwa a; pou Bondye sèl ki gen sajès pa pouvwa Jezikri, onè ak konpliman
pou li pou tout tan gen tan! Amèn.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Men w’ap pote
yon pitit nan vant, w’a fè yon ti gason»
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 26-38
Lè sa a:
Bondye voye mesaje
Gabriyèl nan yon vil Lagalile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse avèk
yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari. Mesaje a antre kote
l’, li di : «Se pou kè ou kontan, ou menm ki plen favè, Granmèt la avèk
ou, ou beni nan pami tout fi». Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li
t’ap kalkile ki kalite mòd jan salye sa a, Mesaje a di l’ :«Pa pè,
Mari ; ou jwenn favè kot Bondye : men w’ap ansent, e w’ap anfante yon
ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sila a ki
anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba l’ fotèy David papa l’, l’ap kòmande kòm wa
nan kay Jakòb la pou tout tan, rèy li p’ap janm fini». Mari di Mesaje a :
«Kijan pou sa fèt, paskè mwen pa gen konesans gason» ? Mesaje a reponn li
di l’ :«Lespri Sen an ap vini nan ou, fòs Sila a ki anwo nèt la ap kouvri
ou ak lonbraj li. Se pou sa sila a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’
Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason
nan vyeyès li, mwa sa a se sizyèm nan pou sila a yo te rele pa kapab fè pitit
la ; paskè anyen pa enposib kot Bondye», Mari di: «Men sèvant Granmèt
la ; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a». Mesaje a pati kite l’.
REFLEKSYON : Jodi a, se katriyèm dimanch tan Lavan nan lane B, sa vle
di nou rive nan fen tan Lavan an epi n’ap vanse nan gwo fèt kè kontan, ki se
fèt Nwèl la.
Avan nou ale pi lwen, an nou pran yon ti tan pou nou wè kote nou ye nan
chemen nou sot fè pandan tan preparasyon sa a. Èske kè nou vrèman prepare pou
nou fete fèt nwèl la.
Nan premye lekti a, nou wè Bondye te fè David anpil pwomès men li pa t’
bliye, paske Bondye pa janm bliye pwomès li fè nou. Lè nou gade sòm 88 la, nou
wè menm lide pwomès Bondye te fè David la. Granmèt la gen kè sanbib pou nou,
sitou sa k’ pi pòv yo. Menm jan avèk David, nan tèks anonsyasyon an tou nou
kapab di ke Bondye pa gade sou figi moun men li gade sou kalite moun nan. Pou
l’ te voye Pitit li a vin sove nou, li pa t’ chèche yon fi ki te sòti nan gwo
fanmi, ki te plase nan moun ki te pi wo nan sosyete a, men li te vire gade yon
ti pòv, ke sosyete a pa t’ menm konnen petèt, sitou nan yon pèp kote se gason
yo te bay enpòtans.
Mari se te yo fanm, menm Bondye pa t’ gade sou sa. Nan yon sosyete kote yo te
bay granmoun plis valè, Mari li menm se te yon ti jèn fi, men Bondye te kraze
tout baryè sa a yo pou l’te ranpli l’ak tout gras ki nesesè pou l’ te kapab
prepare l’ pou l’ te fè pitit li tounen moun. Mari pa t’ reponn lanj lan
touswit, li te pran yon ti tan pou l’ te poze lanj Gabriyèl yon ti kesyon, se
jis pou l’ te kapab distenge si se te Granmèt la tout bon vre ki te voye l’
pale avè l’. Men touswit aprè lanj la te fin ba l’ repons, kòm li te deja
dispoze pou l’ te kolabore nan zèv sove tè a, li pa t’ grate tèt pou di l’ap
gade pou l’ wè ; men li te reponn «wi», yon «wi» ki te monte mòn, paske
«wi» sa te kondwi l’ jis nan pye lakwa a, jis kote misyon Jezi a te fini an.
Menm jan Mari te louvri kè l’ pou l’ te resevwa pawòl Bondye, nou menm tou
an nou pa fè kè nou di lè nou tande Bondye ap pale avèk nou, an nou pa pè
reponn ak apèl li fè nou ; konsa n’a rive kolabore nan travay pou
delivrans tè a.
LAPRIYE : Bondye Papa nou,
ede nou distenge vwa w’ lè ou pale avè nou. Ede nou di «wi» san nou pa gade
deyè, san nou pa poze kesyon ; konsa, menm jan avèk manman Mari, n’a
merite antre nan bèlte ou prepare pou nou an. Amèn !
PWOPOSISYON : Solidarite nan renmen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario