Koulè
Vyolèt
PREMYE
LEKTI
«M’ap voye
pwofèt Eli ba nou, anvan jou Granmèt la rive»
LEKTI LIV PWOFÈT MALACHI 3, 1-4: 23-24
Men pawòl Granmèt Bondye:
«Men m’ap voye Anj mwen an, l’ap
pare wout la devan fas mwen. San zatann l’ap antre nan tanp li a, Chèf la, n’ap
chèche a, Anj alyans la, nou anvi a. Men l’ap vini, deklarasyon Granmèt lame
yo. Kilès ki kapab kalkile jou l’ap rive a? Epi kilès ki kapab kanpe pou gade
l’? Li menm l’ap tankou dife k’ap boule, tankou fèy lesiv; l’ap chita pou l’
fonn, pou l’ pwòpte lajan, l’ap netwaye pitit Levi yo, l’ap netwaye yo tankou
lò ak lajan, y’ap vin tounen pou Granmèt la moun k’ap ofri sakrifis nan jistis.
Sakrifis Jida ak Jerizalèm nan ap fè Granmèt la
plezi tankou jou syèk tan yo, tankou tan lontan yo». «Men m’ap voye pwofèt Eli
ba nou, antan jou Granmèt la rive, jou sa a ki gran, ki terib la. L’ap fè kè
papa vire kot pitit yo, epi kè pitit yo kot papa yo, pou m’ pa vin frape tè a
ak madichon».
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 24, 4bc-5ab. 8-9 10 e 14 (r.: Lk 21,
28)
R/ Gade,
leve tèt nou, paske redanmsyon nou an ap pwoche.
Chemen ou yo, Granmèt, montre m’
yo, santye ou yo, aprann mwen yo.
Dirije m’ nan santye ou la, ban
m’ leson, paske ou se Bondye Sovè mwen.R.
Granmèt la bon, li dwat, se
pousa l’ap aprann pechè yo chemen an;
l’ap kondui moun ki dosil yo nan
jijman an, l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.
Tout chemen Granmèt la se kè
sansib ak verite, pou moun ki kenbe alyans li a ak temwayaj li yo. Granmèt
la aji an zanmi ak moun ki respekte l’ yo, pou l’ montre yo alyans li a.R.
LEVANJIL
«Nesans
Jan-Batis»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
1, 57-66
Elizabèt te rive lè pou l’anfante,
li fè yon ti gason.Vwazin yo ak fanmi yo tande kijan Granmèt la te fè mèvèy kè
sansib li avèk li, yo fè kè yo kontan avèk li.
Rive, sou uityèm jou a, yo vini
pou yo fè sikonsizyon ti pitit la, yo rele l’ non papa l’ Zakari. Manman l’
pran lapawòl, li di: «Non, men y’ap rele l’ Jan».
Yo di l’: «Men pa gen pèsòn nan
fanmi ou yo rele non sa a».
Yo fè papa l’ siy kijan l’ te
vle rele l’. Li mande yon adwaz, li ekri, li di: «Jan
se non l’ sa». Tout moun sezi. Menm lè a bouch li louvri, ak lang li, li pale,
li fè konpliman pou Bondye.
Sezisman tonbe sou tout vwazen l’
yo; anlè tout mòn Jide yo, yo t’ap gaye tout bagay sa yo. Tout
moun ki tande sa, yo kenbe l’ nan kè yo, yo t’ap di: «Ki sa ti pitit sa a ap
ye»? Reyèlman men Granmèt la te avèk li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a se lavèy fèt nesans Sovè a; sa vle
di, nou rive nan dènye bout preparasyon tout Tan Tavan an kote nou t’ap prepare
kè nou pou gran evénman sa: Bondye ki vin tounen moun nan mitan nou pou li ka
sove nou. Li tounen sa nou ye a pou nou kapab tounen sa li ye a. Jounen jodi a
se jou pou tout Ayisyen pwofite pou revize lavi nou, konsyans nou, pou nou poze
tèt nou kesyon sa: “chak ane n’ap fete nesans Jezi nan mitan nou, men kè nou pa
janm chanje, sa ki fè sa?” E pou nou rive nan fèt sa, Legliz la ofri nou yon
bon bout tan, sa nou rele Lavan an, espesyalman pou preparasyon fèt sa a. Men
nou wè peyi nou ap vin pi mal de jou an jou.
N’ap mande èske nou nenm kòm kretyen nou
prepare kè nou vre pou n’ resevwa Jezi? Ki ekzanp nou bay nan jan n’ap viv, nan
konpòtman nou? Ki ekzanp nou bay lòt moun ki pa bay
Bondye regle anyen pou yo nan lavi yo. Anpil fwa fason nou konpòte nou konn fè
anpil nan moun sa yo dekouraje pou vin jwenn Bondye, pou pran menm chemen avèk
nou.
Nou wè tout kote Bondye pase, tout
kote yo pran nesans Jezi ak enpòtans gen chanjman ki fèt. Men lakay nou se
kontrè a. Donk pwoblèm nan se pa Bondye, men se nou menm paske nou pa viv lafwa
nou ak senserite, onètete, transparans, nou sonje Bondye sèlman pou nou mande
l’ lè nou bezwen yon bagay, e si nou pa jwenn li nou kòmanse kondane Bondye,
nou di li pa bon.
Kretyen Ayisyen, nan okazyon fèt
nesans Jezi ane sa a, ann bay tèt nou yon defi! Ann travay pou nou tounen pèp
Bondye tout bon vre, epi pou Bondye tounen tout bon vre Bondye nou. Men pou nou
rive reyalize bèl pwojè sa tout bon vre, nou dwe fè jefò pou nou detache nou ak
bagay materyèl sèlman, bagay sipèfisyèl. Okontrè ann chache pito byen
espirityèl yo, santre lavi nou sou Bondye, e n’a wè bon jan fwi sa ap pote. Ènmi an
a sispann ri, l’a sispann di: “Jan pèp Ayisyen priye Bondye epi se pi mal l’ap
pi mal”.
Ann aprann dekouvri valè nou kòm
pèp Bondye chwazi pou sèvis li. Ann montre Jezi te vin fèt nan mitan nou, li
sove limanite. Ak valè li anseye nou nan doktrin li an,
n’ap sove peyi pa nou. Ann fè peyi nou pran yon lòt direksyon pandan n’ap mete
valè n’ap viv nan lafwa nou yo an aksyon, pou n’ di menm jan ak salmis lan:
Leve kanpe, met tèt ou debou, lè liberasyon w’ lan rive!
An nou mande Granmèt la montre nou
chemen li an, pou li aprann nou mache sou tras li ba nou yo, pou n’ ka mache
nan ladwati”. Pou nou asime gran responsablite sa, fòk nou aji menm jan ak Jan
Batis,wòl nou se anonse epi denonse tout mal, tout enjistis sosyal, prejije,
mansonj, vyolasyon, koripsyon. Pou sa, fòk nou ini fòs nou kòm kretyen pou n’di
sètase!
Nou dwe fè menm jan ak Jan Batis,
ki t’ap preche tout moun lakonvèsyon, epi ki t’ap devwale tout malis kache
otorite nan tan l’ yo t’ap pratike. Li pa te pè fè yo paske li te
konnen men Granmèt la te avèk li. Jan Batis pa te pè ekspoze lavi l’ pou l’
defann kòz Granmèt la. Nou menm kretyen katolik, anpil fwa se sa ki konn pase
nou, nou pè ofri lavi nou pou kòz frè ak sè nou ki se kòz Granmèt la. Donk, nan
lavèy fèt Nwèl sa se sa levanjil la ap envite nou fè lè li pale nou de nesans Jan Batis.
LAPRIYÈ: Jezi
o, n’ap mande w’ ane sa, fè n’ santi tout bon vre ou fèt nan mitan nou, nan
peyi nou k’ap soufri paske nou manke asime wòl nou kòm kretyen menm jan ak Jan
Batis. Ede n’ dekouvri w’ nan mizè ak doulè frè ak sè nou yo, pou n’ travay pou
kondisyon lavi yo amelyore jan w’ mande n’ pou n’ fè a. Amèn.
PWOPOZISYON: Kisa ki
anpeche mwen viv jan Jezi mande a? Kisa m’ap fè pou mwen kraze anpèchman sa a?
No hay comentarios:
Publicar un comentario