Koulè
Vyolèt
PREMYE
LEKTI
"Án
ap di Bondye mèsi pou nesans Samyèl".
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 1, 24-28
Jou sa yo:
Àn mennen Samyèl avèk li, lè l’
fin sevre l’, ansanm avèk yon towo twazan, twa mamit farin ak yon boutèy diven;
li mennen l’ lakay Granmèt la nan Silo. Ti pitit la te tou piti toujou. Yo
sakrifye towo a, yo ofri pitit la bay Eli.
Án di: "Tanpri, mèt mwen,
sou lavi nanm ou, mèt mwen; se mwen menm madanm sa a, ki te kanpe devan w’ nan,
isit la menm mwen t’ap priye Granmèt la. Se pou pitit sa a mwen t’ap priye,
Granmèt la ban m’ sa m’ te mande l’ la. Se pou sa mwen menm tou mwen renmèt li
bay Granmèt la pou tout lavi l’, l’ap toujou ret pou Granmèt la".
Yo adore Granmèt la, la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 1 Sam 2, 1. 4-5. 6-7.
R/ Kè m’ap danse nan Granmèt la ki sove m’ nan.
Kè m’ap danse nan Granmèt la:
kòn mwen leve nan Bondye m’ nan; bouch mwen louvri laj kont ènmi m’ yo, paske
mwen kontan nan delivrans ou a. R.
Zam flèch vanyan sòlda yo kase,
men fèb yo mare ren yo ak fòs.Sa k’ te plen lontan yo y’ap fè jounalye pou moso
pen, sa k’ te grangou yo yo gen vant plen; madanm ki te steril la li anfante
anpil, sa k’ te gen anpil pitit la menm li febli. R.
Granmèt la fè moun mouri, li
leve yo, li fè yo desann anba tè yo, li ba yo lavi ankò; Granmèt la fè moun vin
pòv, li fè moun vin rich, li rabese, li leve anlè. R.
Li leve malere a sot nan pousyè
a, li leve pòv la sot nan fatra a, pou l’ fè l’ chita avèk chèf yo, pou l’ ba
l’ twòn glwa a. R.
LEVANJIL
"Li
fè mèvèy pou mwen, sa a ki gen pouvwa a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK
1,46-56
Lè sa a: Mari di:
"Nanm mwen ap fè lwanj
Granmèt la, lespri m’ danse nan Bondye ki sove m’ nan, paske li gade imilite
sèvant li a. Reyèlman men depi koulye a tout jenerasyon ap di mwen ala
kontantman, paske li fè gran mèvèy pou mwen, Sa a ki gen pouvwa a, non l’ sen.
Kè sansib li pou jenerasyon ak
jenerasyon pou moun ki krenn li yo. Li fè bagay ki mande fòs ak bra l’, li gaye
moun ki te gen lògèy nan kè yo. Li jete sa k’ gen pouvwa yo sot sou twòn yo, li
leve sa k’ tou piti yo, li plen sa k’ grangou yo ak byen, li ranvwaye sa k’
rich yo men vid.
Li soutni Izrayèl, sèvitè l’ la,
li sonje kè sansib li a, jan l’ te pale ak papa nou yo, Abraam ak ras li pou
tout tan".
Mari rete avèk Elizabèt twa mwa
konsa, aprè sa, li tounen lakay li.
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Tèks Pawòl Bondye nou
li pou jodi a, yo fè nou wè kijan kantik Án nan ak kantik Mari a sanble. De
fanm ki rekonesan, youn nan Ansyen Kontra a; lòt la nan Nouvo Kontra a; yo
rekonèt entèvansyon Bondye nan lavi yo e se pou sa yo konsakre bèl chan ak
powèm pou fè lwanj pou li: Bondye, “Li fè bagay ki mande fòs ak bra l’, li gaye
moun ki te gen lògèy nan kè yo. Li jete sa k’ gen pouvwa yo sot sou twòn yo, li
leve sa k’ tou piti yo, li plen sa k’ grangou yo ak byen, li ranvwaye sa k’
rich yo men vid.”
Lè Mari, manman Bondye, te viv
sou tè a, se te yon moun ki senp. Li pa t’rete nan lavil Wòm,li pa t’ rete
nonplis nan Atèn, ni nan lavil Babilòn e menm nan lavil Jerizalèm li pa t’
rete. Li te rete apa pou Bondye nan
kwen yon ti vilaj ke moun pa t’ tèlman
konn vizite.
Nou konn tande y’ap di "
mwen menm, mwen renmen lavil la." Sa se pa yon move bagay men nou vle
atire atansyon w’ sou lavi Mari ki te pase lavi li "nan yon ti
vilaj". Nan tout ti bouk yo nou jwenn gwo notab yo nan premye ran, aprè
nou jwenn moun ki gen ti mwayen yo epi sa ki pi senp yo, sila yo ke yo pa janm
pale de yo a. Mari te nan dènye kategori moun sa yo. Men, Bondye panche gade
l’. Li te rekonèt ke li te piti epi li te tou senp; men sa pa t’anpeche ke li
te genyen yon vizyon ki gran anpil. Li te kapab gade pi lwen ke sitiyasyon ekonomik
li. Ti fanm sa a ki pa t’ menm gen anpil valè
t’ap panse ak tout mond lan. Mòn ki te ozalantou li yo pa t’
anpeche l’wè byen lwen. Si n’ap gade lavi fanm sa a, nou kapab konprann ke
povrete se dispozisyon kle nanm lan. Tankou moun yo konn di: "Yon vè plen
paka resevwa plis dlo. Ou dwe vid totalman pou w’ kapab resevwa Gramèt la”.
Moun ki kwè nan pwòp tèt li, sila a ki panse ke li kapab fè tout bagay pou kont
li a, li pa genyen l’ap espere.
Si n’ap gade lavi Mari, nou
kapab di ke bay Bondye glwa, ak kè kontan, se yon nan prensipal atitid yon
kretyen. Án ak Mari montre n’ kijan pou nou di Granmèt la mèsi a pati de
sitiyasyon lavi nou, nan sikonstans ke nou twouve nou chak jou.
Gen kèk moun ki gen espwa genyen
nan bòlèt pou yo kapab reponn ak bezwen yo; men pou nou menm kretyen yo, chak
lane nou gen chans jwenn lotri pa nou an: “Bondye avèk nou”. Si nou rive dekouvri vrè sans prezans Bondye sa a nan lavi nou, lapè
ak espwa ap grandi nan kè nou. Epi n’ap kapab, tankou Án ak Mari, di bèl
lapriyè Mayifikat a pati pwòp eksperyans lavi pa nou. Mari nan ka sa a ap animatris la epi nou menm n’ap
koral k’ap fè lwanj Bondye lavi a.
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri, menm jan ak lavi Án ak Mari, fè lavi nou
tounen yon kantik pou glwa ou kapab eklate. Ede nou rekonesan anvè ou ak anvè
sila yo ki fè byen pou nou. Amèn.
PWOPOZISYON: Menm jan
ak Mari, nou kapab poze tèt nou kesyon? Èske mwen menm mwen konnen tout bon vre
sa ki gen bon sans nan lavi mwen? Èske m’ap kapab chèche tout bon vre sa ki
byen pou lavi mwen ak pou lavi lòt moun k’ap viv bò kote mwen?
No hay comentarios:
Publicar un comentario