Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Granmèt la ap
rasanble tout nasyon yo nan lapè tout tan Rèy Bondye a»
LEKTI LIV
PWOFÈT IZAYI 2,1-5
Pawòl Izayi, pitit Amòs la, te wè osijè Jida ak
Jerizalèm.
Nan dènye jou yo, mòn kay Granmèt la ap pare anlè tèt mòn
yo, l’ap anlè ti mòn yo, tout nasyon yo ap kouri vin jwenn li. Anpil pèp ap
vini, y’ap di :
«Vini, an nou monte sou mòn Granmèt la, ak nan kay Bondye
Jakòb la, l’ap aprann nou cheme l’ yo, n’ap mache nan santye l’ yo; paske se
nan Siyon lalwa a ap sòti, pawòl Granmèt la ap vin sot Jerizalèm».
L’ap jije nasyon yo, l’ap korije anpil pèp: y’ap fonn epe
yo pou yo fè pikwa, ak fwenn yo pou yo fè sèpèt. Nasyon p’ap leve epe kont
nasyon ankò, yo p’ap aprann fè lagè ankò.
Kay Jakòb la, vini an nou mache nan limyè Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 121,
1-2, 34a (4b-5. 6-7) 8-9
R/ Nan lakay Granmèt la n’a prale ak kè
kontan
Mwen kontan, lè yo di m’ : «N’a pral nan lakay
Granmèt la».
Pye nou deja kanpe nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Se la reyèlman vre ras yo ap monte, ras Granmèt la,
temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj pou non Granmèt la. Paske se la fotèy yo ap poze
pou jijman an, fotèy kay David la.R.
Mande sa k’ap bay Jerizalèm lapè. Se pou yo gen asirans,
sila yo ki renmen ou nan. Se pou gen lapè nan miray ou yo, avèk asirans nan kay
defans ou yo. R.
Poutèt frè m’ yo ak pwochen m’ yo m’ap di : «Lapè
nan ou ! Poutèt kay Granmèt Bondye nou an m’ap mande byen pou ou.R.
LEVANJIL
«Anpil moun ap
sòti nan direksyon solèy leve ak nan direksyon solèy kouche, y’ap vin nan rèy
syèl yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI
A DAPRÈ MATYE KI SEN 8, 5- 11
Lè sa a :
Pandan Jezi t’ap antre Kafanawòm, yon kapitèn pwoche kote
l’, li di : «Granmèt, sèvitè m’ nan kouche lakay la, yon bò mouri, l’ap
soufri anpil».
Jezi di l’: «M’a prale, m’ap geri l’».
Kapitèn nan reponn, li di: «Granmèt, mwen pa merite pou
ou antre anba fetay lakay mwen; men di yon pawòl, epi sèvitè m’ nan ap geri.
Sèke mwen menm mwen se yon moun ki anba lòd lòt moun, mwen gen sòlda anba lòd
mwen, mwen di sa a: «Ale», epi 1’ale; epi lòt la: «Vini», epi li vini; epi
sèvitè m’ nan: «Fè sa», epi li fè l’».
Lè Jezi tande sa, li sezi, li di sila yo ki t’ap suiv li
a: «An verite, mwen di nou, mwen pa jwenn kalite lafwa sa a nan Izrayèl. Ebyen
mwen di nou: anpil moun ap vin sòti nan direksyon solèy leve ak nan direksyon
solèy kouche, y’ap manje avèk Abraam, Izaak ak Jakòb nan rèy syèl yo».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:«An verite, mwen di nou, mwen pa jwenn kalite
lafwa sa a nan Izrayèl».
Jezi retounen Kafanawòm e yon kapitèn mande li
pou geri yon sèvitè li. Jezi pwomèt li prale l’ap geri li, men kapitèn nan di
Jezi li pa nesesè: «Granmèt, mwen pa merite pou ou antre anba fetay lakay mwen;
men di yon pawòl, epi sèvitè m’ nan ap geri...». Jezi fè lwanj pou lafwa
kapitèn nan.
Jodi a, Kafanawòm, se lavil
nou an, se pèp nou an. Pami malad yo, genyen nou konnen, genyen nou pa konnen,
genyen yo bliye akòz jan mond nou an ap fonksyone a: nou chaje travay, aktivite
nou fè nou pa sonje sila yo k’ap viv sou kote sosyete a pou yon rezon maladi, e
ki pa kapab bouje menm jan avèk nou. Poutan, yon jou Jezi ap di nou: «chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti
pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li» (Mt 25,40).
Kapitèn nan pa bliye sèvitè li
a k’ap soufri, paske li renmen li. Menm si li gen plis fòs pase li, menm si
sèvitè sa anba otorite li, li gen rekonesans pou sèvis li rann li pandan anpil
tan. Li gen anpil konsiderasyon pou li. Se lanmou sa ki pouse aji lafwa li nan
Jezi pou li kapab mande li fè kichòy pou sèvitè a, e se pawòl sa yo nou repete
nan lamès avan nou kominye (sa vle di avan Jezi antre lakay nou): «Granmèt, mwen pa merite pou ou antre lakay
mwen, men di yon pawòl sèlman, nanm mwen va geri»(Mt 8,8).
Deklarasyon lafwa sa chita sou
esperans la, esperans ki sòti nan konfyans nou mete nan Kris la, ak santiman ki
fè nou rekonèt feblès nou ak limit nou devan Bondye.
Se lè nou fè nou tou piti, lè
nou nou gen kè nou senp nou kapab pwoche bò kote Kris la, tankou jan kapitèn
nan te fè a. Se konsa n’ap kapab viv lespwa tan Lavan an: lespwa delivrans ak
lavi, rekonsilyasyon ak lapè. Sèl moun ki kapab espere, se moun ki rekonèt
povrete li, e ki rekonèt sans lavi a pa nan li menm, men se nan Bondye li ye.
Se moun ki lage kò li nan men Granmèt la. An nou pwoche kote Kris la ak konfyans
antan n’ap fè lapriyè kapitèn nan tounen lapriyè pa nou.
LAPRIYÈ:Granmèt, tanpri, fè m’ gen yon kè ki senp antan m’ap chèche
prezans ou ki ka libere mwen. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Si mwen mwen pa ka ede yon
pwochen dirèkteman, m’ap ede li fè demach pou jwenn solisyon ak yon pwoblèm.
No hay comentarios:
Publicar un comentario