Koulè
Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Lespri Granmèt la ap poze sou li".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 11, 1-10
Jou sa a:
Yon ramo ap sòti nan rasin Jese, epi
yon flè ap monte sot nan rasin li, lespri Granmèt la ap poze sou li: lespri
sajès ak entelijans, lespri konsèy ak fòs, lespri syans ak relijyon, lespri
krent Granmèt la ap plen l’.
Li p’ap jije daprè sa k’ parèt devan
je, li p’ap pran pozisyon daprè bwi ki rive nan zòrèy; men l’ap jije pòv yo nan
jistis, l’ap pran pozisyon nan sa ki dwat pou pòv yo sou tè a, l’ap frape tè a
ak bagèt bouch li, ak souf po bouch li l’ap touye mechan yo. Jistis ap sèvi
senti tay li, lafwa ap sèvi zam pwotèj pou ren l’.
Lou ap abite avèk mouton, tig ap
kouche kot kabrit; bèf ak lyon ak mouton ap abite ansanm, yon ti gason ap
kondui yo; bèf ak ous ap manje ansanm, pitit yo ap rete menm kote, lyon ap
manje pay tankou bèf. Ti bebe ki nan tete ap jwe sou
twou koulèv mechan. Nan twou koulèv la ti bebe a ap lonje men l’. Yo p’ap fè
mechanste, yo p’ap touye sou tout mòn mwen an ki sen an, paske tè a plen ak
syans Granmèt la, tankou dlo yo ki kouvri lanmè a.
Jou sa a rasin Jese a, ki kanpe
kòm siy pèp yo, nasyon yo ap chèche l’, kote l’ ye a l’ap nan bèlte.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 71, 2, 7-8, 12-13, 17
R/ Jistis ap
fleri nan tan l’avèk lapè an kantite pou tout tan
Bondye, bay wa a jijman ou, bay
pitit wa a jistis ou, l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Nan tan l’ yo jistis ap fleri ak
lapè an kantite joustan lalin nan disparèt.
L’ap kòmande sot nan lanmè al nan
lanmè, epi sot nan gran larivyè jous nan bout fas tè yo.R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap
rele a, ak pòv la ki pa gen sekou a.
L’ap pran
pitye pou pòv la ak mizerab la, l’ap sove nanm pòv yo.R.
Se pou non l’ beni pou tout tan,
devan solèy la se pou non li dire.
Se pou tout ras tè yo jwenn
benediksyon nan li.Se pou tout nasyon yo fè lwanj li.R.
LEVANJIL
"Jezi
tresayi nan Lespri Sen an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
10, 21-24
Lè sa a:
Jezi tresayi nan Lespri Sen an, li
di: "Mwen fè konpliman pou ou, Granmèt syèl la ak tè a, paske ou kache
bagay sa yo pou moun sajès yo ak moun entelijans yo, epi ou devwale yo bay sa
ki tou piti yo. Wi, Papa, paske se konsa sa fè ou plezi. Papa m’ renmèt mwen
tout bagay. Pèsonn pa konnen ki sa Pitit la ye,
sinon Papa a; epi ki sa Papa a ye, sinon Pitit la ak moun Pitit la vle devwale
sa".
Li vire kot disip li yo, li di:
"Se chans pou je yo ki wè sa nou wè a. Mwen di nou anpil pwofèt ak wa te
vle wè sa nou wè yo, men yo pa t’ wè yo; yo te vle tande sa n’ap tande yo, yo
pa t’ tande yo".
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a,
premye lekti a nou li nan chapit 11 Liv Izayi a, se yon pwofesi ki te anonse
Jezi te gen pou vini. Tèks la pale nou sou kèk karakteristik Mesi a, Sovè a,
Liberatè a: «Lespri Granmèt la ap poze sou li: lespri sajès ak entelijans,
lespri konsèy ak fòs, lespri syans ak relijyon, lespri krent Granmèt la ap plen
l’» (Iz 11,2). Pwofèt la pale nou de Mesi a tankou yon jij ki kòrèk, li p’ap
gade sou aparans ni li pa nan patipri: « Li p’ap jije daprè sa k’ parèt devan
je, li p’ap pran pozisyon daprè bwi ki rive nan zòrèy; men l’ap jije pòv yo nan
jistis, l’ap pran pozisyon nan sa ki dwat pou pòv yo sou tè a» (Iz 11,4-5).
Jodi a nou li yon pasaj nan
chapit 10 Levanjil Lik la. Granmèt la te
voye 72 nan disip li yo nan misyon nan kèk zòn kote li te gen pou li te ale. Yo
retounen ak kè kontan. Lè Jezi tande bilan travay yo te fè, Li tresayi ak kè
kontan nan Lespri Sen an e li di: «Mwen fè konpliman pou ou, Granmèt syèl la ak
tè a» (Lik 10,21).
Gratitid oubyen rekonesans se
youn nan vizaj imilite a. Moun ki awogan kwè li pa dwe pèsonn anyen. Pou yon
moun di mèsi, fòk li dekouvri kijan li piti, sa vle di li pa plis ke sila a
l’ap di mèsi a. «Mèsi», se yon nan premye mo yo aprann timoun yo.«Mwen fè
konpliman pou ou, Granmèt syèl la ak tè a, paske ou kache bagay sa yo pou moun
sajès yo ak moun entelijans yo, epi ou devwale yo bay sa ki tou piti yo» (Lik
10,21).
Lè Pap Benwa XVI t’ap pale sou konpòtman
yon moun dwe genyen lè l’ap lapriyè li te di ke sa dwe fè «nou rekonèt prezans Bondye, Kreyatè ak Mèt Linivè a. Se yon rekonesans
ki plen ak gratitid, ki sòti nan pwofondè kè nou e ki ranpli sa nou ye a
toutantye, paske se sèlman lè n’ap adore Bondye, lè nou renmen li plis ke tout
bagay, nou rive reyalize nou tout bon vre».
Yon nanm ki delika, li santi bezwen pou
eksprime rekonesans li. Se sèl bagay ke lèzòm kapab fè pou bay Bondye repons lè
yo resevwa favè li. «Kisa ou genyen se pa Bondye ki
ba ou li?» (1 Kor 4,7). Sen Leon le Gran di nou, se poutèt sa «nou dwe di
Bondye Papa a mèsi, nan non Pitit li a, nan Lespri Sen an; pou jan li renmen ou
ak anpil mizerikòd, pou jan li gen pitye pou nou, lè nou te mouri akòz peche a,
li te fè nou reviv nan Kris la pou nou te kapab tounen yon lòt kreyati nan li».
LAPRIYÈ:
Mèsi Bondye Papa pou Jezi Pitit ou a ou
ba nou, pou sove nou anba esklavaj peche a.
PWOPOZISYON: M’ap
chèche viv nan imilite ak senplisite, paske Bondye pa pran plezi ak moun k’ap
fè grandizè. Pandan Lavan sa a, m’ap rekonèt kijan se akoz peche mwen Jezi te
vin sou tè a pou li te ka sove mwen. M’ap sèvi li menm sèl paske se nan li mwen
gen lavi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario