Koulè
Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Granmèt
la envite n’ nan resepsyon l’ nan, li siye dlo sot nan tout figi".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 25, 6-10a
Jou sa a:
Granmèt lame yo ap fè yon
resepsyon bon vyann pou tout pèp yo sou mòn sa a, resepsyon bon diven, vyann ki
gen bon gou, diven ki byen poze. Sou mòn sa a, l’ap chavire fas chenn nan ki te
mare sou tout pèp yo, ak vwal la ki te vlope sou tout nasyon yo. L’ap chavire
lanmò a pou tout tan, Granmèt Bondye ap wete dlo sot nan tout figi, l’ap wete
lawont pèp li a sot sou tout tè a, paske Granmèt la pale.
Jou sa a y’ap di: "Men
Bondye nou an, nou t’ap tann li, l’ap sove nou; se li menm Granmèt la, nou t’ap
espere li, n’ap fete, n’ap fè kè nou kontan nan delivrans li a. Paske men
Granmèt la ap poze sou mòn sa a".
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 22, l-3a. 3b-4, 5. 6
R/ M’ap abite nan kay Granmèt la pou
longè jou yo.
Granmèt la ap swen m’, mwen p’ap manke anyen: nan zèb vèt
li enstale m’, sou dlo kalm li kondui m’, li refè nanm mwen.R.
Li mennen m’ sou santye jistis poutèt non l’.
Sèke si m’ap
mache nan tè fon lanbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen.
Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap
konsole m’.R.
Ou pare tab devan m’an fas sila yo k’ap pèsekite m’ yo; ou
anbome tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapouswiv mwen
toulejou lavi m’, m’ap abite nan kay Granmèt lapou longè jou yo.R.
LEVANJIL
"Jezi geri anpil moun, li fè pen yo vin anpil".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 15, 29-37
Lè sa a:
Jezi rive bò lanmè Lagalile a, li monte sou mòn nan, 1i
chita la. Anpil foul pwoche kote l’, yo te gen moun baba, moun avèg, moun
bwate, moun malad, ak anpil lòt, yo lage yo nan pye l’, li geri yo; a tèl pwen
foul yo te sezi lè yo wè moun baba k’ap pale, moun bwate k’ap mache, moun avèg
ki wè, yo t’ap fè lwanj Bondye Izrayèl la.
Jezi menm rele disip li yo, li di: "Mwen gen pitye pou foul la,
paske sa fè twa jou deja yo pèsevere avèk mwen epi yo pa gen dekwa manje, mwen
pa vle ranvwaye yo san manje, pou yo pa tonbe feblès sou wout la".
Disip li yo di l’: "Ki kote nou kapab jwenn pakèt pen
sa yo nan savann nan, pou nou kontante pakèt foul sa a?"
Jezi di yo: "Konbyen pen
nou genyen?"
Yo menm yo di l’: "Sèt, epi
kèk ti pwason".
Li pase foul yo lòd pou yo
kouche atè a; li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo,
li bay disip li yo bay pèp la, tout moun manje, yo kontante. Sa k’ te rete an
plis e nan moso yo, yo ranmase sèt panye plen.
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi se
delivrans tout moun ap tann nan, se Sovè a. Nan premye lekti a, Bondye, pa lentèmedyè pwofèt Izayi, fè pèp Izrayèl
la yon gran pwomès. Bondye asire pèp li a gen yon tan k’ap vini
soufrans li yo pra l’ fini, li p’ap konnen sa k’ rele grangou ni kè sere. Paske
l’ap voye yon Liberatè pou li: Jezi Pitit li, ki se Mesi a tout Pwofèt yo te konn anonse. Se nan li Bondye Papa a akonpli
plan li trase nan istwa limanite. Jezi ofri tèt li sou lakwa a pou nou. Li se Prèt
an chèf la, an mem tan li se sakrifis la, Mouton san tach la. Sa k’ pi bèl la,
se pa pou peche pèp Ansyen Kontra a sèlman, men se pou tout moun alawonnbadè.
Nan bouch
pwofèt Izayi Bondye pwomèt malere yo yon gran banbòch manje, epi chenn ki mare
yo pral kase, kè yo pral kontan, alafen
l’ap detwi pi gwo ènmi an ki se lanmò!
Levanjelis Matye pale nou sou
gwo mirak pen an: Jezi bay plis pase ven mil moun ki t’ap swiv li manje, pa
sèlman manje k’ap soutni kò a, men tou nouriti pou nanm yo. Nan pami moun sa yo
te gen avèg, te gen moun ki paralize, moun ki bèbè, moun ki soud. Kè sansib li
pa t’ kite l’ ranvwaye moun yo lakay yo san manje e san delivrans yo te vin
chèche nan men li an.
Pi gwo fèt Jezi ofri nou, se lè
li envite nou manje pwòp kò l’ ak bwè pwòp san li nan Lekaristi a; chak fwa nou
kominye, se pwòp kò ak san Jezi nou resevwa, se lavi an kantite pou tout tan, paske se li ki di «moun ki manje kò mwen e ki bwè san mwen p’ap
janm mouri» (Jan 6,54).
LAPRIYÈ:
Granmèt, ou menm ki fè nou kado sèl grenn Pitit ou a, Jezikri
Sovè nou, ki ban nou manje pwòp kò ak san l’ pou nou gen lavi ki p’ap janm fini
an, tanpri fè nou favè yon kè ki sansib menm jan avèk li, dekwa pou n’ pataje
sa n’ ye ak sa n’ genyen bay frè nou yo ki pa gen anyen. Amèn
PWOPOZISYON: Mwen pa manke
rezónman, sèl sa mwen manke se konpasyon ak mizerikòd.
No hay comentarios:
Publicar un comentario