Koulè Blan
ANBWAZ KI SEN, EVÈK AK SAVAN SAKRE
LEGLIZ LA
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Se pou nasyon
ki kòrèk la antre, sa ki kenbe verite a».
LEKTI LIV
PWOFÈT IZAYI 26, 1-6
Jou sa a, y’ap chante kantik sa a nan peyi Jida a:
«Vil fò nou an se Siyon ; sila a ki sove nou an li
poze miray ak anvan-miray nan li. Louvri pòt yo, pou nasyon ki kòrèk la antre,
sa k’ap kenbe verite a.Ansyen move chemen an pati, n’ap kenbe lapè a: lapè
paske nou espere nan ou.
Nou te espere nan Granmèt la pou tout tan k’ap dire tout
tan yo, nan Granmèt Bondye ki fò pou tout tan an. Sèke li rabese moun yo ki te
abite nan wotè a; vil la ki te wo a, li rabese l’; li rabese l’ jous atè, li
trennen l’ jous nan pousyè. Pye moun ap foule l’, pye pòv la, plant pye malere
yo.»
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 117,
1 e 2 8-9, 19-21, 25-27 a
R/ Konpliman pou sila-a ki vini o non
Granmèt la.
Fè lwanj pou Granmèt la, paske li bon, paske kè l’ sansib
pou tout tan. Li bon pou nou kache nan Granmèt la, pase pou nou met konfyans
nan chèf yo.R.
Louvri pòt jistis yo pou mwen m’ap antre nan yo pou m’ fè
lwanj Granmèt la ; sa a se pòt Granmèt la, sila yo ki kòrèk yo ap antre
ladan l’. M’ap fè lwnj ou, paske ou koute m’, ou tounen delivrans pou mwen.R.
Granmèt, sove m’ ; Granmèt, bay siksè. Konpliman pou
sila a k’ap vini o non Granmèt la. N’ap fè konpliman pou nou sot nan kay
Granmèt la. Bondye Granmèt la klere nou.R.
LEVANJIL
«Moun ki fè
volonte Papa a, l’ap antre nan rèy syèl yo»
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 21. 24-27
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Se pa tout moun k’ap di m’: «Granmèt, Granmèt» k’ap
antre nan rèy syèl yo; men se moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li
menm k’ap antre nan rèy syèl yo.
Tout moun ki koute pawòl mwen sa yo epi ki obsève yo,
l’ap sanble ak yon moun sajès, ki bati kay li sou wòch; lapli tonbe, larivyè
desann, van soufle, yo fonse sou kay sa a, li pa tonbe; sèke li te chita solid
sou wòch.
Tout moun ki koute pawòl mwen sa yo, men ki pa obsève yo,
l’ap sanble ak yon moun ki san lespri, ki bati kay li sou sab; lapli tonbe,
larivyè desann, van soufle, yo fonse sou kay sa a, li tonbe, destriksyon l’ nan
gran anpil.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a Granmèt la pwononse pawòl sa yo nan fen «Diskou
sou mòn nan», kote li bay kòmandman nou jwenn nan Ansyen Testaman an (Pawòl
Bondye pou lèzòm) yon sans nouvo epi ki pi pwofon.
Li pale ak nou antan ke
Pitit Bondye, e se antan ke Pitit Bondye li mande nou resevwa sa li di kòm
pawòl ki gen pi gwo enpòtans : se pawòl lavi pou tout tan, ke nou dwe
pratike ; se pa sèlman koute nou dwe koute pawòl oubyen admire moun moun
ki di li a, san ke nou pas santi li angaje nou, aprè sa pou nou bliye li.
«Bati yon kay sou sab» (cf. Mt 7,26) se yon imaj pou dekri yon
konpòtman ensanse, ki pa mennen nan okenn rezilta e ki abouti nan echèk yon
lavi, aprè yon gran efò ke nou te fè ak anpil lapenn pou konstwi yon bagay.
Granmèt la vle montre
nou kijan pou nou poze fondasyon ki solid, kote baz la kapab soti nan fason nou
pratike ansèyman li yo, sa vle di nan fason nou viv yo chak jou.
Dispozisyon n’ap pran
chak jou pou nou viv ansèyman Kris la dwe abouti nan rezilta konkrè, si rezilta
yo pa ka definitif, men swa dwe ede nou viv ak kè kontan ak rekonesans, lè nou
ap ekzamine konsyans nou leswa avan nou dòmi.
Kè kontan nou jwenn lè
nou pote yon ti viktwa sou pwòp tèt nou dwe ede nou angaje nou nan lòt batay, e
fòs la p’ap manke nou, avèk konkou lagras Bondye, pou nou pèsevere jiska lafen.
LAPRIYÈ: Reveye pouvwa ou, Granmèt, pote nou
sekou ak gran fòs ou, pou sa peche nou yo te jennen yo, favè bon kè ou fè yo
rive pi vit. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:M’ap kraze kay relasyon mwen te fonde sou ipokrizi a pou
mwen ka rebati li sou renmen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario