Koulè ble
(ou blan)
IMAKILE KONSEPSYON
(Fèt)
PREMYE
LEKTI
“M’ap poze
rayisans ant ras ou ak ras madanm nan”
NAN LIV LAJENÈZ 3, 9-15. 20
Lè Adan fin manje nan pye bwa a,
Granmèt Bondye rele l’, li di l’: “Kote ou?”
Adan di: “Mwen te tande vwa ou nan
paradi a, mwen te pè, paske mwen te nikò, mwen kache kò m’”.
Bondye di: “Ebyen kilès ki te
montre ou ou te nikò, sinon paske ou manje nan pye bwa a, sa m’ te pase ou lòd
pou ou pa t’ manje ladan l’ nan?”
Adan di: “Se madanm nan ou te
ban mwen kòm asosye a, se li menm ki ban m’ nan pye bwa a, epi mwen manje”.
Granmèt Bondye di madanm nan:
“Pouki ou fè sa?”
Li reponn: “Se sèpan an ki
twonpe m’, epi mwen manje”.
Granmèt Bondye di sèpan an:
“Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan tout vivan ak tout bèt ki sou tè a: sou
vant ou w’ap mache, epi se tè w’ap manje pandan tout tan lavi ou. M’ap mete
rayisans ant ou menm ak madanm nan, ant ras ou ak ras li; li menm l’ap kraze
tèt ou, ou menm w’ap met pyèj nan talon l’”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 97, 1. 2-3ab. 3c-4
R/ Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la,
paske li fè mèvèy.
Chante yon kantik nouvo pou
Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Glwa sove a parèt gras a men dwat
li, ak bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove l’ la,
devan fas nasyon yo li devwale jistis li.
Li sonje mizerikòd li ak verite
l’ pou kay Izrayèl.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye
nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a,
eklate, danse, chante.R.
DEZYÈM
LEKTI
“Bondye
te chwazi nou nan Jezikri anvan tè a te fèt”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO
1, 3-6. 11-12
Konpliman pou Bondye, Papa
Granmèt nou Jezikri, li menm ki beni nou nan tout benediksyon Lespri a nan syèl
la nan Jezikri; se konsa li te chwazi nou nan li anvan tè a te fèt, pou nou te
kapab sen, san tach devan fas li nan renmen an; li menm ki te destine nou
davans pou nou te vin tounen pitit adoptif pa lentèmedyè Jezikri pou li menm,
daprè desizyon volonte l’, pou lwanj glwa gras li, gras li sa a li fè nou jwenn
nan Pitit li a li renmen an.
Se nan li menm menm yo te rele
nou kòm eritye, nou menm yo te mete apa depi davans, selon desizyon l’ k’ap
kondui tout bagay selon plan volonte li a, pou nou vin sèvi lwanj bèlte li, nou
menm ki t’ap espere davans nan Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Sali,
ou menm ki plen gras, Granmèt la avèk ou”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
1, 26-38
Lè sa a:
Bondye voye zanj Gabriyèl nan
yon vil Galile, yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse ak yon mesye, yo
rele Jozèf, nan ras David, non vyèj la se te Mari.
Zanj la antre kote l’, li di:
“Sali, ou menm ki plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni nan pami tout fi”.
Lè l’ tande sa, li twouble
poutèt pawòl zanj la, li t’ap kalkile ki kalite mòd salye sa a.
Zanj la di l’: “Pa pè, Mari; ou
jwenn gras kot Bondye: men w’ap ansent w’ap fè yon ti gason, w’ap rele non l’
Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba
l’ twòn David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan ras Jakòb la pou tout tan, peyi
wa l’ la p’ap janm fini”.
Mari menm di zanj la: “Kijan sa
ap fèt, paske lèzòm mwen pa konnen?”
Zanj la reponn, li di l’: “Se
Lespri Sen an k’ap vin desann nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak
lonbraj li. Se pousa, sa a k’ap fèt sot nan ou a, sen
an, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Gade Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li
ansent yon ti gason pandan l’ tou vye a; mwa sa a se sizyèm nan, pou sa a yo
rele pa ka fè pitit la; sèke pa gen anyen ki enposib kot Bondye”.
Mari menm di: “Men sèvant Granmèt
la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a”. Epi zanj la kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a
n’ap fete Imakile Konsepsyon Lavyèj Mari
(Sa vle di n’ap sonje manman Sovè nou Jezikri, ke Bondye te prezève de peche a,
sila ke Granmèt la te mete apa depi syèk tan yo pou li te sèvi kanal pou sous
gras li yo te kapab koule rive jwenn limanite). Se yon opòtinite pou nou
reflechi sou lavi manman Jezi, ki se manman nou tou: manman ki toujou kanpe la
pou l’ akonpaye tout pitit li yo, pou li pote yo sekou nan tout danje. Se sa ki
fè nou rele li «Manman Pèpetyèl Sekou».
Nan premye lekti a, nou wè jan
Adan ak Èv te dezobeyi Bondye, yo te kite Satan pran tèt yo epitou yo manje fwi
pye bwa Granmèt la te pase yo lòd pou yo pa t’ manje ladan li a. Nan tèks sa,
nou wè se Èv ki te tonbe an premye nan pyèj satan epi li fè Adan tonbe tou. Men
Lavyèj Mari vin tounen fanm modèl Bondye te vle fè ak Èv la; Mari se yon ekzanp
total nan obeyi lòd Granmèt la, e nan akeyi volonte l’ nan lavi l’.
Sa k’ pi enpòtan nan fèt sa, se
pa sèlman paske Lavyèj te fèt san peche; men se paske okenn mak peche pa t’
tache sou li, paske li te kontinye nan eta lagras sa a pandan tout lavi l’ sou
tè a. Li te rekonèt Bondye te chwazi l’,
epi li te viv selon volonte Granmèt la. Se poutèt sa lè Anj Grabriyèl te anonse
li pral anfante Jezi, li aksepte ak tout kè l’, paske li te toujou prè pou l’
fè volonte Granmèt la malgre tout enkonvenyan (malgre li te pran angajman ak
Jozèf, li te konprann ke angajman ak Bondye pi konsekan pou li). Mari se yon
gwo ekzanp lafwa ak imilite.
Anpil fwa nou pito reyalize
pwojè pa nou yo olye nou kite pwojè Bondye reyalize nan lavi nou. Menm jan ak
Lavyèj, nou dwe toujou pare pou nou fè sa Bondye vle; se konsa tout kretyen dwe
viv, paske depi nan batèm nou, Granmèt la te chwazi nou kòm pitit li renmen
anpil. Se pou sa li pwòpte nou pou wete salte peche orijinèl la nan nou. Men
anpil fwa nou vire do bay Papa nou e nou pèdi gras nou te resevwa nan batèm nan.
Jodi a, an nou fè pawòl anj
Gabriyèl tounen pawòl pa nou pou nou salye Mari, antan n’ap rekonèt enpòtans li
kòm «pon», kòm «kanal» ki fè nou jwenn liberasyon Granmèt la nan Jezikri.
LAPRIYÈ: Bondye,
ou te vle pare yon kay alawotè Pitit ou a. Se pousa ou fòme Mari san tach; li
Vyèj, li Sen. Ou prezève l’ pou okenn peche pa touche l’, gras a lanmò Pitit ou
a ou te prevwa a. L’ap priye pou nou. Tanpri, pwòpte nou; fè nou gras, pou nou
rive vin jwenn ou. Pa kite nou tonbe nan tantasyon bèl bagay mond la ap ofri
nou ki pou anpeche nou fè volonte ou. Amèn.
PWOPOZISYON: Salye
Lavyèj Mari nan jounen jodi a avèk menm pawòl zanj Gabriyèl la, pwofite jounen
an pou ou fè yon dizèn chaplè antan w’ap mande.
No hay comentarios:
Publicar un comentario