Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
« Obeyisans la pi bon pase sakrifis. Granmèt la
rejte ou pou ou pa wa ankò »
NAN PREMYE LIV
SAMYÈL 15, 16-23
Jou sa yo:
Samyèl di Sayil: «Kite
m’ montre ou sa Granmèt la di m’osijè ou nan nuit la ». Li di l’:
« Pale ». Samyèl di: «Èske lè ou te piti devan je ou la, ou pa t’ vin
tounen chèf nan ras Izrayèl yo? Granmèt la te sakre ou kòm wa sou Izrayèl,
Granmèt la te voye ou sou wout la, li te di: «Ale, touye pechè Amalèk yo, w’ap
batay kont yo jous ou fin touye yo nèt. Pouki sa ou pa t’ koute vwa Granmèt la,
men ou te lage kò ou nan piyay, ou fè sa k’ mal devan je Granmèt la»?
Sayil di Samyèl:
« Mwen te koute vwa Granmèt la byen pwòp, mwen te mache sou wout la, kote
Granmèt la te voye m’ nan; mwen kondui Agag wa Amalèk la, mwen touye Amalèk.
Men pèp la pran mouton ak bèf nan piyay la, premye pwodui nan sa yo touye yo,
pou yo sakrifye bay Granmèt Bondye yo nan Gilgal».
Samyèl di :
« Èske Granmèt la vle sakrifis antye ak sakrifis bèt, èske se pa pito pou
yo obeyi vwa Granmèt la? Obeyisans la pi bon pase sakrifis, koute vwa l’ pi bon
pase ofri grès belye yo. Se tankou peche zidòl, se sa refize koute Granmèt la,
tankou yon krim zidòl, se sa refize obeyi. Poutèt ou rejte pawòl Granmèt la,
Granmèt la rejte ou pou ou pa wa ankò ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 49, 8-9. 16bc-17. 21 e 23
R/ Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ sove
Bondye sove nou an.
Se pa nan sakrifis
ou yo m’ap regle kont avèk ou; sakrifis antye ou yo devan m’ tout tan. Mwen
p’ap pran towo sot lakay ou, ni bouk kabrit sot nan pak ou.R.
Pouki sa w’ap
detaye kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou? Epoutan ou rayi
disiplin, ou voye pawòl mwen yo jete dèyè do ou.R.
Se sa ou fè, epi
mwen te pe bouch mwen. Ou te konprann mwen te tankou ou.
Moun ki ofri
sakrifis lwanj, l’ap fè m’ jwenn glwa, moun ki san tach nan chemen an, m’ap
montre l’ sove Bondye sove nou an ».R.
LEVANJIL
« Mesye k’ap marye a avèk yo »
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 2, 18-22
Lè sa a:
Disip Jan yo ak
Farizyen yo t’ap fè jèn, yo rive, yo di Jezi: «Pouki sa disip Jan yo ak
Farizyen yo ap fè jèn, men disip pa ou menm yo pa fè jèn » ?
Jezi di yo: «Èske
moun yo envite nan nòs yo kapab fè jèn, pandan mesye k’ap marye a avèk yo?
Toutotan yo gen mesye k’ap marye a avèk yo, yo pa kapab fè jèn. Men gen jou
k’ap vini, lè y’ap pran mesye k’ap marye a sot nan men yo, lè sa a y’ap fè jèn
nan jou sa yo.
Pèsòn pa koud yon
moso twal nèf sou yon vye rad; otreman moso nèf la ap redi sou vye a, rad la ap
chire pi plis. Pèsòn pa mete yon diven nouvo nan vye veso ki fèt ak po
bèt ; otreman diven an ap fè veso yo eklate, diven an ap vide, veso yo ap
pèdi ; men diven nouvo, se nan veso nouvo yo pou yo mete yo ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Litiji Pawòl Bondye jodi a ap envite nou reflechi sou
enpòtans obeyisans. Nou wè sa Bondye bezwen plis nan men yon sèvite l’, se
obeyisans, se fè sa li mande fè. Se pa nan sakrifis bèt pou n’ di l’ mèsi
oubyen mande l’ padon. Se dezobeyisans ki te mete peche sou tè a, se
dezobeyisans tou nou wè ki fè Bondye rejte wa Sayil. Nou kapab di sa a se yon
repwòch Granmèt la fè Sayil, li retire twòn wayal la nan men l’; ebyen nou menm
tou, frè ak sè m’ yo, chak lè nou konpòte nou menm jan ak atitid Sayil te
genyen an, nan fè dezobeyisans, kèlke swa fòm dezobeyisans sou tout fòm, Granmèt
la pa pran plezi nan sa.
Ann apran n’ kiltive obeyisans nan fanmi nou, nan
travay nou, nan lekòl nou, tout kout nou pase. Lè sa a Granmèt la va viv lan
nou tou bon vre.Nan levanjil la, nou wè yo te poze Jezi yon kesyon ki ban ou
enpresyon yo te vle pran li nan pyèj, lè yo mande l’ pou kisa disip Jan yo ak
Farizyen yo ap fè jèn, men disip pa l’ yo menm pa fè jèn. Jezi vle fè nou
konnen ke nou pa dwe melanje sa ki dwe fèt jodi a ak sa ki dwe fèt demen; sa ki
bon ak sa ki move. Li vle montre ke
disip yo pa t’ gen rezon pou yo jene paske pandan Jezi te ansanm avèk yo, se
lajwa ki dwe genyen, se fèt ak kè kontan.
Nan tan Jezi t’ap viv sou tè a, lè yon moun ap fè jèn
se tristès, se rad sak li te dwe mete, li te dwe vide sann sou tout tèt li; se
te moman lapèn, men Jezi vin di nou, depi li avèk nou, pito n’ fete, pito nou
tande pawòl li, pito n’ koute vwal paske se sa ki pi enpòtan, ke tout lòt
sakrifis bèt yo, ak jèn lan, se tande vwa Bondye epi obeyi li. Si nou byen panse, nou kapab wè, lè nou rete
kole sou Jezi, se lavi tou tan nèt ale.
An nou rete kole sou Jezi, pou l’ ede n’ chanje, pou
l’ ede n’ konprann ke dezobeyisans lan se fwi peche li ye, pandan ke obeyisans
lan se fwi renmen Bondye pou lèzòm menm li ye.
Ann mande Bondye pou n’ pratike obeyisans sa a pandan
tout la vi nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ban nou fòs ak kouraj, pou n’ aprann viv nan
obeyisans, pou n’ aprann koute vwa w’, e ede lòt yo koute li tou atravè
predikasyon pawòl ou a. Amèn.
PWOPOZISYON:
Antan
mwen fikse je mwen sou Jezi m’ap dekouvri kisa ki anpeche mwen grandi
espirityèlman.
No hay comentarios:
Publicar un comentario