Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
“Samyèl sakre David nan mitan frè l yo,
Lespri Granmèt la dirije vin nan li".
LEKTI PREMYE LIV SAMYÈL: 1 Sam 16, 1-13
Jou sa yo:
Granmèt la di Samyèl: "Jouskilè w’ap
kriye pou Sayil, paske mwen menm mwen fin rejte l pou l pa wa sou Izrayèl? Plen
kòn ou a ak luil, epi vini, pou m voye ou kot Jese moun Bètleyèm nan: sèke mwen
deja chwazi davans nan pitit li yo yon wa pou mwen". Samyèl di:
"Kijan pou m’ fè ale ? Sayil ap aprann sa, l’ap touye m’". Granmèt la di: "Pran yon mouton nan pak
la avèk ou w’a di: (Mwen vin pou m sakrifye pou Granmèt la). Ou a rele Jese vin
nan sakrifis la, mwen menm m’a montre ou sa pou ou fè, ou a sakre sila a m’a
montre ou a.
Samyèl fè jan Granmèt la te di l la, li vin
Bètleyèm, Ansyen yo nan lavil la yo sezi lè yo vin rankontre l, yo di:
"Eske se lapè ou vi n’ pote"? Li di: "Se lapè: mwen vini pou m
sakrifye pou Granmèt la. Konsakre nou, vini ak mwen pou m ofri sakrifis
la". Li
konsakre Jese ak pitit li yo, li rele yo vin nan sakrifis la. Lè yo antre, li
wè Elyab, li di: "Eske Kris Granmèt la pa devan-l"? Granmèt la di
Samyèl: "Pa gade fas li, ni wote tay li, paske mwen rejte l. Se pa dapre
konsiderasyon lèzòm mwen jije: moun nan wè sa k parèt, Granmèt la
menm konsidere kè a". Jese rele Abinadad, li mennen l devan Samyèl. Samyèl
di: "Ni sila a tou Granmèt la pa chwazi l". Jese mennen Sama, li di
osijè l: "Ni sila a non plis tou Granmèt la pa chwazi- l". Konsa Jese
mennen sèt pitit li yo devan Samyèl, Samyèl di Jese: "Granmèt la pa chwazi okenn nan sila
yo". Samyèl
di Jese: "Eske se tout pitit ou yo sa"? Li reponn: "Gen yon ti
piti ki rete ankò, l’ap gade mouton yo". Samyèl di Jese: "Voye chèche
l; sèke nou pap sou tab anvan li vin isit la". Konsa li voye chèche l, li
mennen l. Li te wouj, li te gen bèl aparans ak bèl figi. Granmèt la di:
"Leve,
Kanpe non, vide lwil sou tèt li. Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l'
sou tèt David, devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Granmèt la desanm sou David.
Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil
Rama.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: Sm 88, 20-22. 27-28
R/ Mwen jwenn David, sèvitè m nan
Lè sa ou pale nan vizyon ak
Sen ou yo, ou te di:
"Mwen mete sekou a nan yon moun ki
wo,
mwen leve yon moun mwen chwazi nan pèp la.R.
Mwen jwenn David, sèvitè m nan; ak luil mwen
ki sen an mwen sakre l’.
Men m’ ap ret fèm ak li, bra m’ ap ba li fòs. R.
La menm l’ap rele m: "Se
Papa m ou ye, Bondye m’ak kachèt delivrans mwen".
Mwen menm m’ap mete l kòm premye pitit, pi wo pase wa yo
sou tè a".R.
LEVANJIL
“Saba a se pou moun nan li fèt, se pa
moun nan ki fet pou saba-a”.
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN
DAPRÈ MAK 2, 23-28
Rive
pandan Granmèt la t’ap pase nanjaden ble yonjou saba, patizan l yo te
kòmanse ap mache devan, ap kase zepi yo. Farizyen yo menm yo t’ap di l:
"Gade, poukisa jou saba a y’ap fè sa yo pa gen dwa fè a"? Li di yo: "Eske nou pat li sa David te
fè lè l te nan bezwen, lè l grangou, li menm ak moun yo ki te ak li yo? Kijan li te antre nan
lakay Bondye a sou tan Abiata chèf prèt yo, li te manje pen ki te ekspoze yo,
sa pèsonn pat gen dwa manje sof prèt yo, epi li te bay moun yo ki te ak li
yo"? Li
t’ap di yo: "Saba a se pou moun li fèt, se pa moun nan
ki fèt pou saba; se pou sa Pitit moun nan se mèt saba a".
Annou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan Levanjil nou li jodi
a, Jezi montre nou, se pa lalwa ki pi ènpotan: sa k’ pi ènpotan an se lavi a,
se moun. Si nou sèvi ak yon seri de prensip nan sosyete a, se paske prensip sa
yo fèt pou ede nou viv byen ansanm. Si gen yon lwa (yon prensip) ki meprize
diyite moun, ebyen yo ta dwe rekonsidere lwa sa a.
Sètènman, lwa nou gen nan sosyete a, yo dwe sèvi pou fè sosyete a mache
pi byen, pou favorize lapè, pou amelyore kalite lavi moun, pou garanti diyite
moun. Majorite moun ki pa respekte lalwa, se pa volonte Bondye y’ap chache.
Bondye vle pou nou tout jwenn lavi, men yo menm, yo konn ap kraze moun
ki devan yo pou yo jwenn pwòp benefis pa yo.
Frè ak sè mwen yo: ala difisil sa vin difisil pou moun nan aji ak
libète. Konbyen fwa moun nan aji kont pwòp volonte pa li, e pafwa menm si li
konnen byen aksyon li yo pa kòrèk, lè li pa gen kouraj pou li an kontradisyon ak sa yon lòt moun pwopoze
li ? Poutan, Jezi di nou: «Si nou
kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre.
N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban
nou libète nou» (Jan 8,31-32).
Nou menm ki se disip Kris la, nou kwè nan Pawòl li, nou kwè nou kapab
lib tout bon si nou chèche verite a, men sa mande nou pou nou angaje nou, sa
mande nou pou nou vrè ak tèt nou, pou nou koeran.
Tout lavi Jezi, se ekzanp pou nou menm ki se disip li, e nan pasaj
Levanjil jodi a, Jezi ban ou ekzanp libète. Menm fòs lalwa pa pi wo pase verite
a : «Saba a se pou moun nan li fèt,
se pa moun nan ki fet pou saba-a».
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri pa kite anyen fè nou
prizonye, pou nou kapab aji tankou moun lib antan nou kite se Pawòl ou a ki
pouse nou aji. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Èske gen kèk bagay m’ ta
dwe fè kòm kretyen, pou ede moun viv, menm si lalwa pa dakò?
No hay comentarios:
Publicar un comentario