Páginas

MÈKREDI 17

Koulè Blan
Sen Antwán, Abe
(Memwa)
PREMYE LEKTI
« David ranpòte viktwa sou Filisten an, avèk fistibal ak wòch »
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 17, 32. 33. 37. 40-51
Jou sa yo:
Lè yo fin mennen David bay Sayil, li pale ak li: « Kè pèsòn pa bezwen twouble poutèt li; mwen menm sèvitè ou la m’a prale, m’ap batay kont Filisten an». Sayil di David: «Ou pa kapab reziste kont Filisten sa a, ou pa kapab batay kont li, paske se yon timoun ou ye; li menm menm se yon moun ki abitye fè lagè depi l’ tou jèn».
David di: «Granmèt la, ki te rache m’ sot nan men lyon an ak nan men ous la, se li menm k’ap delivre m’ sot nan men Filisten sa a ». Sayil di David: «Ale, se pou Granmèt la avèk ou ».
Li pran baton l’ nan, sa l’ te toujou gen nan men l’ nan; li chwazi senk pi bèl wòch sot nan ravin nan, li mete yo nan sa k’ li konn genyen kòm gadyen an, sa l’ te gen avèk li a, li pran fistibal la nan men l’ li mache kont Filisten an.
Filisten an t’ap pwoche pi pre kont David, moun k’ap pote zam li yo devan l’, lè Filisten an gade, li wè David, li meprize l’: sèke li te tou jèn, li te wouj, figi l’ te tou fre. Filisten an di David: «Èske mwen menm se yon chyen mwen ye, pou w’ap vin kont mwen avèk yon baton an»? Filisten an madichonnen David o non dye l’ yo; li di David: «Vin jwenn mwen, m’ap renmèt chè w’ bay zwazo syèl yo ak bèt tè a ».
David menm di Filisten an: « W’ap vin kont mwen avèk epe, avèk fwenn, ak zam defans; mwen menm menm m’ap vin kont ou o non Granmèt lame yo, Bondye lame Izrayèl la, lame sa a ou manke dega jodi a. Granmèt la ap renmèt ou nan men m’, m’ap frape ou, m’ap koupe tèt ou sot sou ou; m’ap renmèt kadav lame Filisten yo jodi a menm bay zwazo syèl yo ak bèt tè a, pou tout tè a konnen gen yon Bondye nan Izrayèl, epi pou tout foul sa a aprann, se pa ak epe ni ak zam defans Granmèt la sove: sèke se lagè pa l’, l’ap renmèt nou nan men nou ».
Lè Filisten an leve, l’ap vini, l’ap pwoche kont David, David fè vit, li kouri al batay kont Filisten an. Li plonje men l’ nan sa k’ li a, li pran yon wòch, li tire fistibal la, li frape Filisten an nan fwon; wòch la fonse nan fontèn li, li tonbe sou fas li atè a.
David ranpòte laviktwa kont Filisten an ak fistibal la ak wòch la; li frape Filisten an li touye l’; kòm li pa t’ gen epe nan men l’, David kouri, li kanpe sou Filisten an; li pran epe l’, li wete l’ sot nan fouwo l’, li touye l’, li koupe tèt li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 143, 1.2. 9-10
R/ Konpliman pou Granmèt la, defans mwen an.
Konpliman pou Granmèt la, defans mwen an, li menm ki aprann men m’ pou yo batay, ak dwèt mwen pou yo fè lagè.R.
Mizerikòd mwen ak fòs mwen, kachèt mwen ak liberatè mwen;
pwoteksyon m’, nan li mwen espere, li menm ki pliye pèp mwen an anba m’.R
Bondye, se yon kantik nouvo m’ap chante pou ou, nan enstriman dis kòd la m’ap jwe pou ou, ou menm ki bay wa yo viktwa, ki delivre David sèvitè ou anba epe mechan an.R.
LEVANJIL
«Èske jou saba yo nou gen dwa sove yon lavi oubyen pèdi li »?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 3,1-6
Lè sa a:
Jezi antre ankò nan sinagòg la, te gen yon mesye la a ki te gen men l’ seche. Yo t’ap obsève l’ pou yo wè si li t’ap fè gerizon an jou saba a, pou yo akize l’.
Li di moun nan ki te gen men seche a: «Leve nan mitan an ». Li di yo: «Èske jou saba, yo gen dwa fè byen oubyen mal? Sove yon lavi oubyen pèdi li »? Yo menm menm yo te pe bouch yo. Li gade yo toutalantou avèk kòlè, li te gen lapenn poutèt yo te fèmen kè yo a, li di mesye a: «Lonje men ou».Li lonje l’, men l’ vin enganm.
Farizyen yo menm sòti menm lè a, yo fè konplo avèk disip Ewòd yo, kont li, pou yo wè kijan yo t’ap fè l’ mouri.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Tout detraktè yo te gen yon sèl objektif pou yo pyeje Jezi, pou yo akize l’ kòmkwa li enfidèl avèk lalwa a, pou yo prezante l’ tankou yon rebèl.
Jezi devye pyèj yo a, li fè yo konprann ke lalwa a, li fèt pou sèvis lavi. Li fèt pou byen moun e pou lanmou, li mye ke nou sove yon lavi avan tout bagay, anvan nou obsève Saba.
Levanjil jodi a konsène nou, li mete aklè tout ipokrizi nou yo nan gran ekran, li montre distòsyon oubyen boulvèsman ki ka genyen nan priyè nou yo epi jan nou aji, puiske nou pa toujou aji yon fason ki konfòm, nou pa toujou reyalis.
Okontrè anpil fwa nou tounen yon obstak ki anpeche frè ak sè nou yo avanse; olye nou ede yo avanse nou pito chèche dejwe plan yo.
Lafwa, se kòmansman yon lavi tou nèf, li plis pase yon konfyans vag ki marye ak yon mesaj lanmou inivèsèl, li se santiman ki pi puisan nan prezans mesaje a nan nou. «Granmèt la antrene nou nan batay la paske li se Alye nou, li se fòs nou» (Sòm 143).
Men ki batay li ye?
Se pa yon batay kont lòt la, kote n’ap chache pou nou detwi li, men yon batay pou lòt la, pou nou pa goumen youn ak lòt; men pou nou aprann goumen youn pou lòt, pou nou sove lavi olye nou detwi li; pou nou ankouraje tèt ansanm olye pou preche divizyon, paske se pou sa Jezi te mennen batay lakwa a jous sou tèt mòn Gòlgota a.
LAPRIYÈ Bondye, Antwán te chèf mwán, li vin sen. Ou te ba l’ gras pou l’ sèvi ou nan dezè a, antan l’ap pale avèk ou yon fason ekstrawòdinè, l’ap plede kòz nou. Fè nou konsidere tèt nou pou anyen, pou nou renmen ou plis pase tout bagay. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Konbyen fwa mwen aji pou mwen sove yon lavi? Èske mwen pa ta dwe fè sa jodi a? Nan ki fason?

No hay comentarios:

Publicar un comentario