Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
« Papa m’ Sayil ap chèche touye ou »
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 18, 6-9; 19, 1-7
Jou sa yo:
Lè David tounen, aprè l’ fin touye
Filisten an, medam yo sot nan tout vil Izrayèl yo, y’ap chante, y’ap kondui
dans, pou yo vin rankontre wa Sayil, ak tanbou k’ap mèt kè kontan, epi ak
bandyo. Medam yo t’ap
chante devan, yo t’ap jwe, yo t’ap di: «Sayil touye mil, David menm di
mil ». Sayil fache anpil, pawòl sa a pa fè l’ plezi devan je l’; li di: «Yo
bay David di mil yo, epi mwen menm yo ban m’ mil, sa k’ manke l’ si se pa peyi
wa a sèlman»? Sayil pa t’ gade David ak bon je depi jou sa a ankò.
Sayil pale ak
Jonatan, pitit li a, ak tout sèvitè l’ yo, pou yo touye David. Men Jonatan,
pitit Sayil la, te renmen David anpil; Jonatan avèti David, li di: «Sayil, papa
m’, ap chèche touye ou; se pousa, fè atansyon, tanpri, demen, ret kache, fèmen
kò ou yon kote. Mwen menm m’ap sòti, m’ap kanpe bò kot papa m’ nan jaden an
nenpòt kote ou ye; m’ap pale osijè ou ak papa m’, epi sa m’a wè, m’a anonse ou
li ».
Jonatan pale osijè
David an byen ak Sayil, papa l’, li di l’: «Mon wa, pa fè peche, kont sèvitè ou
David, paske li pa fè peche kont ou, aksyon l’ yo bon pou ou anpil. Li riske
lavi l’ nan men l’, li touye Filisten an, Granmèt la fè gran sove pou tout Izrayèl:
ou wè sa, kè ou kontan. Pouki sa w’ap fè peche kont san inosan an antan w’ap touye David, ki san
fot la »? Lè Sayil tande sa, li vin kalme akòz pawòl Jonatan an, li fè sèman:
« Sou lavi Granmèt la, yo p’ap touye li ».
Konsa Jonatan rele
David, li montre l’ tout pawòl sa yo; Jonatan mennen David kot Sayil, li vin devan
l’ tankou li te ye yè avèk avantyè.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 55, 2-3. 9-10ab. 10c-ll. 12-13
R/ Nan Bondye mwen espere, mwen p’ap pè.
Pitye pou mwen,
Bondye, paske moun nan ap foule m’anba pye, tout jounen sa k’ap fè m’ lagè a ap
kraze m’.
Ènmi m’ yo ap
foule m’anba pye tout jounen, paske yo anpil sa k’ap batay kont mwen yo, ou
menm ki anlè nèt la.R.
Ou konte demach
mwen yo, mete dlo ki sot nan je m’ yo nan veso w’ la; èske ou pa konte yo?
Lè sa a ènmi m’ yo
ap vire dèyè, nan nenpòt ki jou m’ap rele: R.
Men mwen konnen se
Bondye m’ ou ye.
Nan Bondye, li
menm m’ap fè lwanj pawòl li a, nan Granmèt la, li menm m’ap fè lwanj pawòl li
a.R.
Nan Bondye mwen
espere, mwen p’ap pè; ki sa pou moun fè m’?
Yo sou mwen,
Bondye, pwomès mwen fè ou yo; m’ap fè lwanj ou.R.
LEVANJIL
«Espri papwòp yo t’ap rele: «Ou se Pitit Bondye a»,
Jezi t’ap menase yo pou yo pa fè rekonèt li ».
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 3, 7-12
Lè sa a:
Jezi avèk disip li
yo te rale kò l’ bò lamè a ; anpil foul te sot Galile ak Jide, yo te suiv
li, ni sot Jerizalèm, sot Idime ak Transjòdani ; moun yo ki te alantou Ti
ak Sidon, gran foul, lè yo tande sa l’ te fè, yo vin kote l’. Li di disip li yo pou yo pare yon ti batiman pou li
poutèt foul la, pou yo pa kraze l’.
Li te geri anpil
moun, atèl pwen yo t’ap kouri vin sou li, pou yo touche l’, nenpòt ki maladi yo
te genyen. Lè espri papwòp yo wè l’, yo lage kò yo atè devan l’, yo t’ap rele
byen fò, yo t’ap di: “Ou se Pitit Bondye a”. Li t’ap menase yo ak yon men sevè
pou yo pa fè rekonèt li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Premye lekti a montre nou jis nan ki pwen jalouzi kapab fè nou rive: poutèt
medan yo t’ap fè lwanj pou David paske li te fè plis siksè nan batay li te
genyen ak filisten yo pase Sayil, Sayil
te fache anpil, li pale ak Jonatan,
pitit li a, ak tout sèvitè l’ yo, pou yo touye David. David sove anba lanmò sa
gras ak Jonatan ki te renmen li anpil. Nou menm tou, anpil fwa nou aji tankou
Sayil, ann mande Bondye padon pou tout fwa nou te kite jalouzi ak rayisans pran
plas nan kè nou, pou tout konplo ak plan nou fè pou detui pwochen nou. Padon
Granmèt.
Levanjil jodi a pale nou de yon foul moun ki t’ap
mache dèyè Jezi, paske yo te kwè se li menm sèl ki te kapab soulaje yo anba
tout chay maladi yo t’ap pote. Li te geri anpil moun, atèl pwen yo t’ap kouri vin sou li, pou yo touche
l’; nenpòt ki maladi yo te genyen. Aprè yo te fin geri yo te rekonèt Jezi kòm
Pitit Bondye a.
Frè ak sè m’ yo, nan epòk n’ap viv la gen anpil moun
k’ap chèche gerizon tribò pabò. Men si kè a malad kò a pa kab geri, se gerizon
nanm nan pou chèche avan tout bagay; chèche gerizon nanm nan, se chache
rekonsilye ak Bondye, se abandone tout sa ki anpeche nou viv tankou pitit
Bondye, pou nou pran chenmen renmen ak konvèsyon. Se konsa n’a jwenn gerizon
total n’ap chèche a.
LAPRIYÈ: Jezi, tanpri ede mwen dekouvri klète limyè
w’ nan mitan tout difikilte lavi mwen chak jou yo; konsa m’a jwenn yon
soulajman nan mitan fènwa, tristès ak angwas ki vlope lavi mwen.
PWOPOZISYON: Nan maladi m’ nan se sou Jezi sèl mwen konte.
No hay comentarios:
Publicar un comentario