Páginas

VANDREDI 19


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
« Mwen p’ap lonje men sou li, paske se kris Granmèt la li ye »
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 24, 3-21
Jou sa yo:
Sayil pran twa mil sòlda vanyan nan Izrayèl, li pati al chèche David avèk moun li yo, jous sou mòn wòch yo ki byen apik yo, se zwazo sèlman ki konn pase la. Li rive nan pak mouton yo, ki te konn sèvi kachèt pou moun k’ap vwayaje.
Te gen yon twou wòch la, Sayil antre ladan l’ ; men David ak moun li yo te andan fon twou wòch la, yo te kache. Sèvitè David yo di l’: « Men jou a Granmèt la te pale w’ la : « M’ap renmèt ènmi ou nan nan men ou, pou ou fè l’ sa k’ fè ou plezi nan je ou ». David leve, li koupe ke manto Sayil an silans. Aprè sa, kè David sote, poutèt li te koupe manto Sayil la ; li di mesye l’ yo : « Se pou Granmèt la padonnen m’, pou m’ pa fè bagay sa a kont mèt mwen an Kris Granmèt la, pou m’ mete men m’ sou li, paske se Kris Granmèt la ». David pale rèd ak mesye l’ yo, li pa pèmèt yo leve kont Sayil.
Aprè sa, Sayil sòti nan twou wòch la, li kontinye chemen li te kòmanse a. David menm leve aprè l’, li sòti nan twou wòch la, li rele byen fò dèyè do Sayil, li di : « Mèt mwen, wa mwen ». Sayil gade dèyè l’, David bese jous atè, li salye ».
Li di Sayil: « Pouki sa w’ap koute pawòl moun yo k’ap di : « David ap chèche fè ou sa k’ mal la? Gade jodi a je ou wè kijan Granmèt la te renmèt ou nan men m’ nan twou wòch la ; mwen te kalkile pou m’ te touye ou, men je m’ pran menaje ou. Mwen di : « Mwen p’ap lonje men m’ sou mèt mwen an, paske se kris Granmèt la ». Pa pito, papa m’, ou gade, pou ou rekonèt ke manto w’ la nan men m’ paske lè m’ te koupe bout manto w’ la, mwen pa t’ vle lonje men m’ sou ou. Konsidere, gade kijan pa gen mal pou touye m’. Se pou Granmèt la sèvi jij ant ou menm ak mwen menm, se pou Granmèt la vanje m’ sot nan men ou; sèke men m’ pa gen dwa lonje kont ou. (Jan pwovèb lontan an di a: «Nan peche a, se peche ki sòti »; men m’ pa gen dwa lonje kont ou). Kilès w’ap rapousuiv la, wa Izrayèl? Kilès w’ap rapousuiv la ? Yon chyen mouri w’ap rapousuiv ak yon sèl ti pis. Se pou Granmèt la sèvi jij, se pou l’ jije ant mwen menm ak ou menm; se pou l’ konsidere, pou l’ jije kòz mwen, pou l’ delivre m’ sot nan men ou ».
Lè David fin pale pawòl sa yo konsa bay Sayil, Sayil di: « Èske vwa sa a se vwa ou, pitit mwen David » ? Sayil leve vwa l’, li kriye. Li di David: « Ou pi kòrèk pase m’ ; ou menm ou ban m’ byen, mwen menm menm mwen renmèt ou mal. Jodi a ou montre kijan ou fè m’ dibyen, kijan Granmèt la te renmèt mwen nan men ou, epi ou pa touye m’. Kilès moun, lè l’ jwenn ènmi l’, li kite l’al fè wout li entak? Men se pou Granmèt la renmèt ou jès sa a pou sa ou fè pou mwen jodi a. Koulye a mwen konnen sèten w’ap wa, w’ap gen peyi wa Izrayèl la nan men ou ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 56, 2. 3-4. 6 e 11
R/ Pitye pou mwen, Bondye, pitye pou mwen.
Pitye pou mwen, Bondye, pitye pou mwen; paske se nan ou nanm mwen kache, anba lonbraj zèl ou mwen chèche kachèt, joustan malè a pase.R.
Mwen rele kot Bondye ki anwo nèt la, Bondye ki fè m’ dibyen an.
Se pou l’ voye sot nan syèl la, pou l’ sove m’ ; se pou l’ fè sa k’ap kraze m’ yo wont.
 Se pou Bondye voye mizerikòd li ak verite l’.R.
Monte anlè syèl yo, Bondye, anlè tout tè a, glwa w’ la.
Nan Bondye li menm m’ap fè lwanj pawòl li a, nan Granmèt la li menm m’ap fè lwanj pawòl li a.R.
LEVANJIL
“Li rele sa yo li vle a, pou yo avèk li”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 3, 13 -19
Lè sa a:
Jezi monte sou mòn nan, li rele sa yo li te vle a vin jwenn li; yo vin kote l’. Li fè pou yo te douz avèk li, epi pou l’ voye yo preche. Li ba yo pouvwa pou yo geri malad yo, epi pou yo chase demon yo.
Li bay Simon non Pyè; epi Jak pitit Zebede a ak Jan frè Jak la, li ba yo non Boanègès, sa vle di Pitit loraj; epi Andre, Filip, Batelemi, Matye, Toma, Jak pitit Alfe a, Tade, Simon moun Kana a, ak Jida Iskaryòt la, sa a ki te trayi l’ la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a nou dekouvri kòman Granmèt la manifeste prezans li nan David ke l’ chwazi kòm wa ki gen pou dirije Izrayèl. Li te soumèt wa Sayil nan men l’ pou l’ deside jan li vle ak lavi li.
Jès David fè a, lè l’ deside kite l’ale san l’ pa touye l’ se yon jès ki gran anpil epi ki montre kòman sajès Bondye a te nan li. Yon sajès jounen jodi a nou ta renmen pou anpil Chèf Leta, pou tout moun k’ap dirije yon pòs byen detèmine nan kèlkeswa kominote nou yo. Lespri Granmèt la, se li ki dwe gide lavi moun sou tè a. Sajès li a rive apeze pwòp kè ènmi ki t’ap chachè David pou detwi lavi li. David te rive pale ak Samyèl nan laverite, li te rive fè fas ak li san li pa pè otorite Wa li a.
Nan levanjil la nou wè kote Jezi kòmanse rele moun pou vin tounen patizan l’ nan gran misyon sa a Papa l’ ba li a, pou li preche sou «gouvènman peyi kote Bondye Wa a». Jezi chwazi douz disip ki kapab senbolize douz tribi Izrayèl la.
Nan misyon li pral konfye yo pi devan pou yo anseye moun yo, pou yo gouvène sou yo, pou yo batize yo,nou deja dekouvri kijan li vle mennen bak nouvo pèp li a, ki se legliz la, kominote moun ki batize yo. Disip Jezi yo pra l’ mache fè anpil mèvèy menm jan ak Jezi, grasa ak otorite Jezi menm te ba yo a. Disip sa yo te rankontre anpil difikilte nan preche Bòn Nouvèl  la: yo te nan kouri, nan kache, anpil nan yo te sibi pèsekisyon, anpil nan yo te mouri akoz lafwa yo nan Jezikri ak  predikasyon yo. Men disip sa yo te gen konviksyon ke Jezi te leve byen vivan epi yo te sèvi l’ temwen jan yo te gen chans wè li aprè leve byen vivan li an.
Konviksyon lafwa yo te fè yo eksperimante chak jou nan lavi yo mèvèy lakwa Kris la. Jan Jezikri te di yo, l’ap voye yo tankou mouton nan mitan lyon, se konsa yo te ye nan pami sosyete moun yo t’ap viv la, kote yo te rankontre anpil obstak, men se gras ak pèseverans yo nan lafwa a ki fè Legliz Jezikri a rive grandi. Misyon Jezi te bay premye disip yo, se misyon pa nou jodi a.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, fè nou gen imilite pou nou sèvi pwochen nou, san nou pa gade yo sou figi.
PWOPOZISYON: M’ap reflechi sou apèl Bondye fè mwen. M’ap chèche ba li yon repons ki sensè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario