Páginas

SAMDI 20


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Kijan vanyan sòlda yo fè tonbe nan lagè a"?
KÒMANSMAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 1,1-4.11-12.19.23-27
Jou sa yo:
David tounen lè l’ fin touye Amalèk la, li rete Siklèg de jou. Sou twazyèm jou a, gen yon mesye ki parèt, ki vin sot nan lame Sayil la, manto l’ chire, pousyè kouvri tèt li; kon l’ rive devan David, li tonbe sou fas li atè a, li salye. David di l’: "Kote ou sòti"? Li di l’: "Nan lame Izrayèl yo mwen sòti, mwen sove". David di l’: "Ki bagay ki rive? Rakonte m’". Li di: "Pèp la sove sot nan batay la, anpil moun tonbe nan pèp la, yo mouri; menm Sayil ak Jonatan, pitit li a, yo mouri".
David pran rad li, li chire yo, tout moun yo ki te avèk li a fè menm jan; yo plenn, yo kriye, yo fè jèn jous aswè sou Sayil ak sou Jonatan pitit li a, ak sou pèp Granmèt la, ak sou kay Izrayèl la, poutèt yo te tonbe anba kout epe a:
"Vanyan sòlda Izrayèl yo sou mòn ou yo yo touye yo. Kijan vanyan sòlda yo fè tonbe?
Sayil ak Jonatan, ki te merite yo renmen yo, ki te bèl nan lavi yo, jous nan lanmò a yo pa separe; yo te rapid tankou malfini, yo te gen fòs tankou lyon.
Fi Izrayèl yo, kriye sou Sayil, li menm ki te konn abiye nou ak vlou ak dousè, li menm ki te konn ofri dekorasyon lò pou seremoni nou yo.
Kijan vanyan sòlda yo fè tonbe nan lagè a?
Jonatan mouri sou wotè ou yo. Mwen gen lapenn pou ou, frè m’ Jonatan, ou menm ki te pi bèl, ki te merite yo renmen ou pi plis pase renmen medam yo.Tankou yon manman renmen yon sèl pitit li a, se konsa mwen te renmen ou.
Kijan moun ki gen fòs yo fè tonbe, yo mouri, moun ki gen abitid fè lagè yo?"
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 79, 2-3. 5-7 (r.: 4b)
R/ Klere fas ou, Granmèt, n’a sove.
Ou menm k’ap kondui Izrayèl, fè atansyon,
ou menm k’ap kondui Jozèf tankou mouton an,
ou menm ki chita anlè Cheriben yo, klere.
Drese pouvwa ou, vini, pou ou sove nou.R.
Granmèt Bondye lame yo,
Jouskilè w’ap fè kòlè sou priyè pèp ou a?
Ou fè nou manje pen dlo ki sot nan je nou,
ou ba nou bwè nan dlo ki sot nan je nou kont kò nou.
Ou fè nou vin tounen kontradiksyon pou vwazen nou yo,
Lènmi nou yo ap pase nou nan jwèt.R.
LEVANJIL
"Moun lakay li yo t’ap di: "Li pèdi bon sans li".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 3,20-21
Lè sa a:
Jezi rive avèk disip li yo nan yon kay, foul la rive ankò, atèl pwen yo pa t’ kapab menm manje yon moso pen. Lè moun kay li yo tande sa, yo pati pou yo pran l’; yo t’ap di: "Li pèdi bon sans li".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nou wè se pwòp paran Jezi yo ki oze di "Li pèdi bon sans li" (Mak 3,21). Yon lòt fwa ankò, nou dekouvri verite pwovèb la ki di «Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan peyi l' ak nan fanmi li» (Mt 13,57). Pou sa ki konsène Lavyèj Mari, kòmantè sa yo pa gen twòp enpòtans, puiske li menm depi nan premye moman an rive jous nan dènye moman an nan pye lakwa a, li te kenbe lafwa li byen fèm ak tout konfyans nan Pitit li a.
E nou menm? An nou fè yon ekzamen. Konbyen moun k’ap viv bò kote nou, nan antouraj nou, ki  se yon limyè nan lavi nou...e nou menm? Nou pa bezwen ale pi lwen pou nou jwenn repons la: Ann panse ak Pap Jan Pòl II, konbyen moun ki t’ap suiv li?, e... an menm tan, konbyen moun ki te konsidere li tankou yon moun tèt di, yon nèg ki pat alamòd, konbyen moun ki te jalou pou pouvwa li te genyen? Èske ta posib pou yo kontinye klouwe Jezi sou kwa a de mil ane aprè pou li sove nou, epi nou menm pou nou kontinye ap di «desann sou kwa a koulye a. Konsa n'a wè epi n'a kwè» (Mak 15,32). Oubyen èske se lekontrè a nou ta dwe panse.
Nou menm, si nou fè jefò pou nou sanble ak Kris la pi plis chak jou, prezans nou p’ap initil bò kote sila yo ki nan antouraj nou, kèlkeswa se akoz lyen familyal, kèlkeswa se akoz travay, elatriye. An plis, prezans nou ta kapab anbarase kèk moun, paske li ta fè konsyans yo boulvèse yo. Sa se sèten!
«Si yo pèsekite m', y'a pèsekite nou tou» (Jan 15,20).
Konbyen fwa moun akize nou, nou menm katolik, lè yo di nou ekzajere twòp. Nou dwe reponn yo, nou pa ekzajere ditou, paske pou sa ki konsène renmen, li enposib pou nou ekzajere.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè m’ chanje atitid mwen, paske mwen imilye moun twòp, mwen gade moun sou aparans twòp. Fè m’ap apresye kalite chak moun genyen antan m’ap ankouraje li korije defo li. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Avan mwen kritike yon moun, m’ap konsidere kalite li ak diyite li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario