Páginas

LENDI 8

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Lòt madanm mari Án nan te konn ap fè l’ lapenn, paske Granmèt la te fèmen zantray li ».
KÒMANSMAN PREMYE LIV SAMYÈL 1,1-8
Te gen yon mesye ki te sot Ramatayim Sofim, nan mòn Efrayim, non l’ se te Èlkana, pitit Yoroam, pitit Eliou, pitit Toou, pitit Souf, moun Efrata. Li te gen de madanm, non youn se te Án, non dezyèm nan se te Fenenan. Fenenan te gen pitit, men Án menm pa t’ gen pitit.
Mesye sa a monte sot nan vil li a, nan jou ki fikse yo, pou l’adore Granmèt lame yo Silo, epi pou l’ofri sakrifis ba li. Te gen de pitit Eli yo la, Ofni avèk Fineès, prèt Granmèt la.
Konsa lè jou a rive, Èlkana ofri sakrifis, li bay Fenenan madanm li an avèk tout pitit gason l’ak pitit fi l’ yo anpil pòsyon; men Án menm, se yon sèl pòsyon li ba li, li te gen lapenn, paske li te renmen Án; sèlman Granmèt la te fèmen zantray li. Lòt madanm mari l’ la te konn ap fè l’afwon, li te konn ap eksite l’anpil, pou l’ te fè l’ repwòch poutèt Granmèt la te fèmen zantray li a.
Se konsa li te konn fè chak ane, lè tan an rive pou yo monte nan tanp Granmèt la; se konsa li te konn ap chèche l’ kont. Li menm menm li te konn kriye, li pa t’ konn manje. Èlkana mari l’ la, di l’: « Án, pouki sa w’ap kriye? epi pouki sa ou pa manje? Epi pouki rezon kè ou gen lapenn nan? Èske mwen pa pi bon pou ou pase dis pitit »?
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 115, 12-13. 14 e 17. 18-19
R/ Pou ou, Granmèt, m’ap ofri sakrifis lwanj.
Ki sa pou m’ renmèt Granmèt la pou tout sa l’ fè pou mwen?
M’ap pran kalis k’ap sove nou an, m’ap rele non Granmèt la.R.
M’ap renmèt Granmèt la sa m’ te pwomèt yo, devan tout pèp li a.
M’ap ofri sakrifis lwanj ba ou, m’ap rele non Granmèt la.
M’ap renmèt Granmèt la sa m’ te pwomèt yo, devan tout pèp la.
Nan lakou kay Granmèt la, nan mitan-ou, Jéruzalèm.R.
LEVANJIL
«Fè penitans kwè nan bòn nouvèl la».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 1, 14-20
Aprè yo fin arete Jan, Jezi rive nan Galile, l’ap preche bòn nouvèl peyi wa Bondye a, l’ap di: «Tan an rive, peyi wa Bondye a pwoche: fè penitans, kwè nan bòn nouvèl la ».
Antan l’ap pase bò lanmè Galile a, li wè Simon avèk Andre frè l’ la k’ap voye filè nan lanmè a, se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo: “Vini apre m’, m’ap fè nou al lapèch lèzòm”. Menm lè a, yo kite filè yo, yo suiv li.
Li kontinye sot la, 1’al yon ti kras pi lwen, li wè Jak pitit Zebede a avèk Jan, frè l’ la, yo t’ap rapyese filè yo nan batiman an; menm lè a, li rele yo. Yo kite papa yo Zebede nan batiman an avèk anplwaye yo, yo suiv li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Jounen jodi a nou jwenn de pwen enpòtan:se kòmansman predikasyon Jezi ak apèl (vokasyon) premye disip li yo.
Nan premye pwen an, nou kapab remake byen vit Jezi li menm pa t’ vini sou tè a pou vini, men li te vini pou yon misyon ki se anonse Wayòm Bondye a epi fè disip pou li. Dezyèm pwen an souliye ke travay misyonè a pa travay yon sèl grenn moun, se travay tout kreyati Bondye. Se dwa nou ak devwa nou, pou nou travay pou nou aji daprè volonte Bondye epi kontinye fè disip pou li.
Men nan dezyèm pwen an gen yon bagay ki dwe atire atansyon nou, se atitid premye disip yo: yo pa t’ pran tan pou yo kapab bay yon repons lè Bondye te rele yo pou yo suiv li, yo te kite byen yo (kannòt yo ak filè, fanmi yo, elatriye) pou yo te suiv Jezi.
Yon lòt pwen enpòtan nou bezwen prete aksyon ak li nan Levanjil la, se konprann ke Jezi pa t’ gade sou figi pou li rele disip li yo. Li pa t’ gade sou ran sosyal yo, sa ki kapab pèmèt nou wè ke devan je Bondye tout moun gen plas li, kit li rich, kit li pòv.
Nan dènye tan sa yo, genyen anpil bagay n’ap wè devan je nou ki fè poze tèt nou kesyon sou jan mond la ap fini.: Moun ap touye moun ak kout manchèt, kout kouto, moun ap boule moun nan gwo dife, fanmi divize, papa ap pran pitit fi yo pou madanm, fanm pran fanm pou mari, gason pran gason pou madanm.
Men nou menm kretyen m’pa kwè nou bezwen plis temwayaj aprè sa Levanjil la prezante nou yo pou nou kapab konprann Wayòm Bondye a deja rive e se depi kounye a pou nou kòmanse prepare kè nou, pou travay pi plis toujou pou nou kapab viv li nan tout bèlte li.
Nou rann nou kont jis jounen jodi a Bondye kontinye ap rele nou yon pakèt fason, atravè yon pakèt evènman. Men konbyen nan nou ki oze reponn vrèman, ki di “men mwen Bondye, mwen kite tout bagay dèyè pou m’ suiv ou”? Mwen sèten li pa anpil pase sa, paske nou pa t’ap gen tout «chen-manje- chen» sa toujou, pou nasyon ap goumen kont nasyon toujou. Sa vle di, li lè, li tan pou nou kontwole kalite repons n’ap bay Bondye yo, paske Granmèt la ap tann repons ki sòti nan fon kè nou, yon repons ki fè nou angaje nou ak desizyon.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ba nou lagras ak fòs Lespri Sen w’ lan pou nou kapab aprann detache nou de tout bagay ki anpeche nou sèvi wayòm ou an ak tout nou menm. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap mete m’ atantif pou m’wè nan ki ti aksyon Bondye mande m’ sèvi yon moun jodi a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario