Koulè Blan
FÈT BATÈM
GRANMÈT LA
PREMYE LEKTI
« Men sèvitè m’
nan, se nan li mwen jwenn plezi m’»
LÉKTU LIV PROFÈT
IZAYI 42, 1-4. 6-7
Min paròl Granmèt la:
« Men sèvitè m’
nan, m’ap soutni l’, li menm mwen chwazi a, mwen jwenn plezi m’ nan li: mwen
mete espri m’ sou li, l’ap pote jijman an bay nasyon yo. Li p’ap rele ni li
p’ap konsidere figi moun, yo p’ap tande vwa l’ nan lari. Wozo ki fele a, li
p’ap kase l’; mèch k’ap fè lafimen an, li p’ap etenn li; l’ap fè jijman an sòti
nan verite. Li p’ap tris, ni brital, joustan li poze jijman an sou tè a; zile
yo ap tann lalwa l’ la.
Mwen menm Granmèt
la mwen rele ou nan jistis la, mwen pran ou nan men, mwen pwoteje ou, mwen
renmèt ou kòm kontra pèp la pou limyè nasyon yo, pou ou louvri je avèg yo, pou
ou wete prizonye yo sot nan kacho a, pou ou wete moun ki chita nan fènwa yo sot
nan prizon an ».
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 28,
la e 2. 3ac-4. 3b e 9b-10
R/ Granmèt la ap beni pèp li a nan lapè.
Pote bay Granmèt
la, pitit Bondye yo, pote bay Granmèt la glwa non l’, adore Granmèt la nan
bèlte ki sen an.R.
Vwa Granmèt la sou
dlo yo, Granmèt la nan pouvwa, vwa Granmèt la nan grandè.R.
Bondye grandè a fè
tande vwa li : nan tanp li a tout moun rele viv.Granmèt la abite anlè delij la,
Granmèt la ap chita kòm wa pou tout tan.R
DEZYÈM LEKTI
« Granmèt la sakre l’ nan Espri Sen
an »
NAN TRAVAY APOT YO
10, 34-38
Jou sa yo:
Pyè louvri bouch
li, li di: « Amèn mwen rekonèt Bondye pa gade sou figi moun, men nan tout
nasyon, moun ki krenn li, ki fè sa k’ kòrèk, se li menm li resevwa.
Bondye voye pawòl
la bay pitit Izrayèl yo, li anonse lapè pa lentèmedyè Jezikri: sa a se Granmèt
tout moun. Nou konnen, pawòl ki rive nan tout Jide a kòmanse depi sot nan
Galile a aprè batèm nan, sa Jan te preche a, Jezi moun Nazarèt la, kijan Bondye
sakre l’ak Espri Sen an avèk pouvwa, li menm ki travèse antan l’ap fè sa k’
byen, l’ap geri tout moun ki t’ap pase tray anba pouvwa dyab la, paske Bondye
te avèk li ».
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Ou se Pitit mwen an sa m’ renmen
an, nan ou mwen jwenn plezi mwen»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1, 6b-11
Lè sa a:
Jan t’ap preche, li t’ap di: «Gen yon moun ki
pi fò pase m’ k’ap vini, mwen pa merite pou m’ bese pou m’ defèt lasèt sapat li
yo. Mwen menm mwen batize nou nan dlo, li menm menm l’ap batize nou nan Lespri
Sen».
Rive, jou sa yo, Jezi vini sot Nazarèt Galile
a, li resevwa batèm nan men Jan nan Jouden an ; menm lè a antan l’ap monte sot
nan dlo a, li wè syèl yo louvri epi Lespri a tankou yon kolonb k’ap desann poze
sou li ; yon vwa sòti nan syèl yo : «Ou se Pitit mwen an sa m’ renmen an, nan
ou mwen jwenn plezi m’».
REFLEKSYON: Lè Jan Batis t’ap batize moun yo, se
yon fason li t’ap ede yo pran konsyans jan yo te bezwen chanje mantalite yo,
pou yo te chache Bondye epi konpòte yo yon lòt jan. Jezi menm, li pa t’ bezwen fè tout sa, paske se
Pitit Bondye li ye. Li pa t’ janm fè peche. Kidonk, pa t’ gen anyen pou li te
chanje nan pwòp lavi li.
Epoutan, Jezi pran desizyon antre nan ran pechè
yo, li fè Jan Batis batize l’ tou. Se yon fason pou li te montre jis ki bò
l’idantifye tèt li avèk nou. Se yon fason pou li te di pechè yo li
konprann sitiyasyon yo e li te vle delivre yo. Jezi pa t’ janm kite chimen
Bondye a, men li te padonen moun ki te kite l’, depi yo vle retounen l’ap akeyi
yo.
Jezi vin montre nou kijan lanmou ak mizerikòd
Bondye san limit. Li plonje nan rivyè pou li te kapab pran sou do li tout chay
peche ki te lou sou do nou.
Lè Papa a ak Pitit la t’ap aji avèk yon sèl
lide, yon sèl santiman, se Lespri Sen an ki reprezante linyon ki genyen nan
mitan yo, jan yo ini nan yon sèl renmen pou tout pèp la.
Lè nou batize nan non Jezi, nou rantre nan
kominyon li a ak Bondye.Nou tounen pitit Bondye menm jan avè l’.
Nou angaje nou pou nou swiv li, pou nou aji
menm jan l’ te konn aji, pou tout frè ak sè nou yo kapab konnen jan Papa a
renmen yo.
Epi nou gen Lespri Sen an nan kè nou. Se li
menm k’ap ba nou limyè, k’ap ba nou yon lavi tou nèf, k’ap ede nou bati tèt
ansanm nan mitan nou.
LAPRIYÈ: Mèsi Bondye, Papa a, Pitit
la, ak Lespri Sen an! Ede nou viv nan nan tèt ansanm ak nan renmen menm jan
avèk nou! Amèn.
PWOPOZISYON: Kisa mwen kapab fè jodi a pou fè yon
moun konprann jan Bondye renmen l’?
No hay comentarios:
Publicar un comentario