Koulè Blan
EPIFANI
GRANMÈT LA
(GRAN FÈT)
PREMYE LEKTI
«Glwa Granmèt
la leve sou ou»
NAN LIV PWOFÈT
IZAYI 60, 1-6
Leve, klere, Jerizalèm, paske limyè ou la rive,
glwa Granmèt la leve sou ou. Sèke men fènwa yo ap kouvri tè a, tenèb ap kouvri
pèp yo ; men sou ou se Granmèt la ki leve, y’ap wè glwa l’ nan ou.
Nasyon yo ap mache nan limyè ou, wa yo nan
klète nesans ou a. Leve je ou toutalantou, gade : tout sa yo rasanble, y’ap vin
jwenn ou ; pitit ou yo ap vin sot byen lwen, pitit fi ou yo ap parèt, y’ap pote
yo sou bra.
Lè sa a w’ap wè, w’ap plen richès, kè ou ap
sezi, l’ap gonfle, lè kantite richès lanmè a ap rive sou ou a, lè foul nasyon
yo ap rive sou ou a, se yon rivyè chamo k’ap kouvri ou, dwomadè Madyan ak Efa;
yo tout ap vin sot Saba, y’ap pote lò ak lansan, y’ap chante lwanj Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 71, 1-2. 7-8. 10-l1.
12-13
R/ Tout nasyon tè a ap adore ou,
Granmèt.
Bondye, bay wa a jijman ou nan, bay pitit wa a
jistis ou a ;
l’a jije pèp ou a
nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Jistis ap fleri
nan jou l’ yo, ak lapè an kantite, joustan lalin nan disparèt.L’ap kòmande sot
nan lanmè jous nan lanmè,
sot nan gran rivyè
a jous nan limit fas tè yo.R.
Wa Tasis yo ak
zile yo ap ofri richès, wa Arab yo ak Saba ap pote kado.Tout wa yo ap adore l’,
tout nasyon yo ap sèvi l’. R.
Sèke l’ap delivre
malere a k’ap rele a, ak pòv la ki pa gen moun pou pote l’ sekou. L’ap pran
pitye pou pòv la ak malere a, l’ap sove nanm pòv yo.R.
DEZYÈM LEKTI
“Koulye a yo
devwale kijan nasyon yo eritye pwomès la ansanm avèk nou”
NAN LÈT APOT PÒL
KI SEN POU EFEZYEN YO 3,2-3a. 5-6
Frè m’ yo:
Nou te tande kijan
Bondye te fè m’ gras pou nou; sèke li devwale m’ mistè sa a pitit moun yo pa t’
konnen nan lòt jenerasyon yo, jan l’ devwale l’ bay Apot yo ak Pwofèt yo ki sen
yo nan Espri a: nasyon yo eritye ansanm avèk nou, yo fè yon sèl kò avèk nou, yo
patisipe menm jan avèk nou pou pwomès li a nan Jezikri pa lentèmedyè bòn nouvèl
la.
Pawòl Granmèt
la.
LEVANJIL
« Nou vin sot
olevan pou nou adore wa a »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 2,
1-12
Lè Jezi te fèt nan Bètleèm Jida, nan jou wa
Ewòd, men Maj sot olevan rive Jerizalèm, ap di: «Kote sa a ki fèt la, wa juif
yo »? Nou wè zetwal li reyèlman olevan, epi nou vin adore li ».
Wa Ewòd menm antan l’ tande, li twouble epi
tout Jerizalèm avèk li; antan l’ rasanble tout chèf prèt yo ak skrib pèp la, li
kesyone yo ki kote Kris la t’ap fèt.
Yo menm menm yo di l’: «Nan Bètleèm Jida; se
konsa reyèlman sa ekri pa lentèmedyè Pwofèt la: « Epi ou menm, Bètleèm, tè
Jida, ou pa pi pitit nan chèf Jida yo, nan ou reyèlman l’ap sòti, chèf la k’ap
kòmande pèp mwen Izrayèl la kòm wa a ».
Lè sa a atò, Ewòd rele Maj yo an kachèt, li fè
yo eksplike l’avèk swen tan zetwal la ki te parèt ba yo a, epi antan l’ voye yo
Bètleèm, li di: «Ale, epi pran ransèyman avèk swen osijè pitit la, lè n’a jwenn
li, tounen avèti m’, pou mwen menm tou m’al adore li ». Yo menm, kon yo
fin tande wa a, yo pati.
Epi menm zetwal la
yo te wè olevan an, li t’a prale devan yo, jous li vin ret anlè kote ti pitit
la te ye a. Antan yo wè zetwal la, yo kontan anpil; epi antan yo antre nan kay
la, yo wè pitit la avèk Mari, manman l’, epi antan yo lage kò yo atè, yo adore
l’. Epi antan yo louvri trezò yo, yo ofri l’ kado: lò, epi lansan, epi lami.
Epi antan yo
resevwa repons nan sonj pou yo pa tounen kot Ewòd, se atravè yon lòt chemen yo
tounen nan rejyon yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, pwofèt Izayi ankouraje nou:
« Leve, klere! Paske limyè ou la rive
glwa Granmèt la leve sou ou» (Izayi 60, 1). Limyè sa a ke pwofèt la te wè
a, se etwal ke Wa Maj yo te wè an Oryan an, avèk anpil lòt moun. Maj yo
dekouvri sans li. Lòt moun yo kontanple li tankou yon bagay ki admirab, ki bèl
men ki pa afekte yo. E, se konsa yo pa fè okenn reyaksyon.
Maj yo te rann yo
kont ke atravè etwal la Bondye te voye yon mesaj enpòtan e li te vo lapenn pou
yo te pase anpil difikilte, pou yo te mete sou kote anpil bagay pou yo te ka
riske nan yon vwayaj san yo pa t’ konnen ekzakteman ki kote yo ta prale a.
Lespwa yo te genyen pou yo te rive jwenn Wa a te pouse yo swiv etwal sa a ke
pwofèt yo te anonse a e ke pèp Izrayèl la t’ap tann depi plizyè syèk la.
Maj yo te rive
Jerizalèm, Kapital Juif yo. Se la yo panse yo kapab jwenn enfòmasyon pou konnen
ekzakteman ki kote Wa yo a te fèt. Vrèman vre, yo jwenn enfòmasyon: «Bètleyèm,
nan Jide, paske se sa pwofèt la te anonse» (Mt 2,5). Nan yon ti bout tan,
toupatou, nouvèl la gaye osijè Maj yo ki rive e k’ap poze kesyon.
Jerizalèm se te
yon ti vil, se poutèt sa tout moun te gen tan okouran. «Wa Ewòd te boulvèse epi
tout Jerizalèm avèk li.», se sa Levanjil la di nou.
Jezi kwaze sou chemen li ak anpil moun ki pa
enterese ak li. Yon ti jefò tou piti te kapab chanje lavi moun sa yo. Yo
te kapab rankontre tout bon vre avèk Wa ki bay kè kontan ak kè poze a.
Frè ak sè m’ yo,
sa mande pou nou gen dispozisyon ak bòn volonte pou nou chèche, bouje, mande
san dekouraje tankou Maj yo; nou dwe sòti nan nou menm, nan woutin nou, pou nou
kapab gen gwo chans rankontre Kris la. Si nou pa jwenn li, ebyen nou poko jwenn
anyen nan lavi a, paske se li sèl ki kapab sove nou: Jwenn Jezi, se jwenn
Chemen ki mennen nan konesans Verite ki bay Lavi a. E san li menm, anyen pa vo
anyen.
LAPRIYÈ:
Bondye, ou menm ki devwale Sèl Pitit ou a nan jounen jodi a bay nasyon yo, gras
a zetwal la ki t’ap kondui yo a, fè nou favè avèk bon kè ou, pou nou menm ki
deja rekonèt ou nan lafwa a, nou kite ou kondui nou jous nan vizyon fas ou nan
syèl la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Atravè
refleksyon ak meditasyon, m’ap dekouvri ki siy jounen jodi a ki ka ede mwen
rankontre ak Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario