Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Nou travèse
sot nan lanmò a al nan lavi a, paske nou renmen frè n’ yo»
LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 11-21
Nou menm mwen renmen anpil la:
Men nouvèl la, nou
te tande depi nan kòmansman an, pou nou youn renmen lòt. Se pa tankou Kayen, ki
te sot nan move a, ki te touye frè l’ la. Epi pouki sa li te touye l’? Paske
aksyon l’ yo te move, men aksyon frè l’ yo menm te kòrèk.
Pa sezi, frè m’
yo, si tè a rayi nou. Nou menm nou konnen nou travèse sot nan lanmò al nan lavi
a, paske nou renmen frè yo. Moun ki pa renmen, li rete nan lanmò. Tout moun ki
rayi frè l’, li se kriminèl, nou konnen okenn kriminèl pa gen lavi tout tan an
ki rete nan li.
Se nan sa nou
konnen charite Bondye a, sèke sa a te bay lavi l’ pou nou, nou menm tou nou dwe
bay lavi nou pou frè nou yo.
Moun ki gen byen
tè sa a, epi li wè frè l’ ki nan bezwen, malgre sa li fèmen zantray li devan
l’, kijan charite Bondye a kapab rete nan li?
Ti pitit mwen yo, pa renmen ak pawòl ni ak
lang, men nan aksyon ak verite. Se nan sa nou konnen se nan verite a nou
sòti, epi devan fas li nou asire kè nou.
Sèke, si kè nou
repwoche nou, Bondye pi gran pase kè nou, li konnen tout bagay. Nou menm mwen
renmen anpil la, si kè nou pa repwoche nou, nou gen konfyans kot Bondye.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 99,
2. 3. 4. 5 (r.: 2a)
R/ Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a.
Fè lwanj pou
Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan;
Antre devan fas li
avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la
se li menm ki Bondye;
Se li menm ki fè
nou, se pou li nou ye, pèp li ak mouton pak li.R.
Antre nan pòtay li
yo avèk lwanj, nan lakou l’ yo avèk kantik,
Fè lwanj li, fè
konpliman pou non l’.R.
Sèke Granmèt la
bon; pou tout tan li gen mizerikòd,
Pou jenerasyon ak
jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
«Ou se Pitit
Bondye a, wa Izrayèl la»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 1, 43-51
Lè sa a:
Jezi te vle pati
al nan Galile; li jwenn Filip. Jezi
di l’: «Suiv mwen». Filip menm se te moun Betsayid, vil Andre ak Pyè a.
Filip jwenn Natanayèl, li di l’: «Sa a Moyiz te
ekri sou li nan lalwa a ak pwofèt yo, nou jwenn li, se Jezi, pitit Jozèf moun
Nazarèt la».
Natanayèl di l’: «Nan Nazarèt, ki sa ki kapab
sòti debyen»?
Filip di l’: «Vini, w’a wè».
Jezi wè Natanaèl k’ap vin kote l’ li di osijè l’:
«Men yon pitit Izrayèl tout bon vre, nan li pa gen manti».
Natanayèl di l’: «Kote ou konnen m’» ?
Jezi reponn, li di
l’: «Anvan Filip te rele ou, lè ou te anba pye figye a, mwen te wè ou».
Natanayèl reponn
li, li di: «Rabi, ou se Pitit Bondye, ou se wa Izrayèl».
Jezi reponn, li di
l’: «Paske mwen di ou «Mwen te wè ou anba pye figye a», ou kwè : w’ap wè pi
gran pase bagay sa yo».
Li di l’: «Amèn,
amèn mwen di nou: n’ap wè syèl la louvri, ak anj Bondye yo k’ap monte desann
anlè Pitit moun nan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, n’ap reflechi sou renmen:
renmen Bondye gen pou nou ak renmen nou dwe genyen youn pou lὸt.
Nan premye lekti a, Apot Jan fè lwanj renmen
an: nou dwe renmen youn lὸt, renmen san mezi, san gade sou figi moun, renmen moun ki rayi nou. Tout
moun ki renmen konsa, deja sòti nan lanmὸ ale nan lavi, paske « moun ki pa renmen, li rete nan lanmò».
Se pa renmen sѐlman nan pawὸl, men nan aksyon menm jan ak Jezi: pou l’ te
montre n’ li renmen nou, li te fѐ l’ nan yon aksyon ki pa t’ gen pri, li te
mouri sou yon kwa tankou yon malfetѐ pou l’ te kapab sove nou.
Nou gen dwa pa ka
rive fѐ yon gwo aksyon tankou pa Jezi a, men chak fwa nou pwofite yon okazyon
pou n’ fѐ yon byen pou yon frѐ, yon sѐ ki nan bezwen, nou montre l’ ke nou
renmen l’ tout bon vre.
Pi devan, nan
levanjil la, sen Jan ap rakonte nou kὸman Natanayѐl te rankontre ak Jezi. Li te
chita anba yon pye figye, san dout li t’ap repase nan tѐt li tout bѐl ansѐyman
li te sot tande nan bouch Jan Batis epi petѐt li ta byen anvi rekonѐt Mesi sa a
Jan batis t’ap anonse a. Men chans pou li, yon ti tan pa pase li rankontre ak
Filip ki di l’: nou rankontre sa Moyiz ak pwofѐt yo t’ap pale sou li a, se
Jezi, moun Nazarѐt la. Lѐ sa a Natanayѐl reponn Filip ke pa gen anyen de bon ki
kapab sὸti nan Nazarѐt.
Men lѐ Jezi vin
rakontre avѐ l’, li di l’ li te wѐ l’anba pye figye a avan Filip te rele l’ la,
Natanayѐl pa t’ ka reziste paske li te vin rann li kont se yon moun ki ka wѐ l’
san l’ pa t’ pwoche kote l’ ; se pa t’ yon moun konsa konsa, li vin konprann ke
Jezi se Mesi a menm e kontrѐman ak sa l’ te di Filip la li di Jezi : Rabi, ou
se Pitit Bondye, ou se wa Izrayѐl.
Menm jan avѐk
Natanayѐl, an nou chѐche dekouvri kilѐs Jezi ye, si nou vle swiv li tout bon.
LAPRIYÈ: Bondye
papa, ou menm ki si tèlman renmen nou, ou ban nou Jezi. Fè nourete fidèl nan
renmen ou an. Ede nou reponn apèl w’ap fè nou chak jou pou nou kolabore ak ou,
pou plan delivrans ou a kapab fin reyalize nèt. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: An nou imite panse Jezi ak santiman
li. An kite dezi pa li yo tounen dezi pa nou, ann kite li gade lòt yo
atravè je nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario