Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Li pa
kapab fè peche, paske li fèt sot nan Bondye".
LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 7-10
Ti pitit mwen yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Moun ki fè sa
k’ kòrèk, li kòrèk, menm jan sa a kòrèk la. Moun ki fè peche, se nan dyab la li
sòti, paske depi nan kòmansman dyab la fè peche. Se nan sa Pitit Bondye a
parèt, pou l’ defèt travay dyab la.
Tout moun ki fèt sot nan Bondye, li pa fè peche, paske semans
sa a rete nan li; li pa kapab fè peche, paske se nan Bondye li sòti. Se nan sa
yo wè klè sa k’ pitit Bondye yo ak sa k’ pitit dyab yo. Tout moun ki pa kòrèk, epi
moun ki pa renmen frè l’, li pa sot nan Bondye.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 97,
1. 7-8. 9 (r.: 3a)
R/ Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou
an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la,
poutèt mèvèy li fè,
Men dwat li sove pou li,
bra li ki sen an.R.
Se pou lanmè a sonnen ak sa k’ plen l’ nan,
fas tè a ak sa ki abite nan li yo.
Se pou rivyè yo bat bravo,
se pou tout mòn yo danse.R.
Devan fas Granmèt la,
paske l’ap vin jije tè a.
L’ap jije fas tè yo nan jistis
ak pèp yo nan dwati.R.
LEVANJIL
"Nou jwenn
Mesi a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 1,35-42
Lè sa a:
Jan te kanpe epi de nan disip li yo avèk li. Li gade Jezi
k’ap mache, li di: "Men Mouton Bondye a". De disip yo tande l’ap pale,
yo suiv Jezi.
Jezi menm vire, li wè y’ap suiv li, li di yo: "Ki
bagay n’ap chèche"?
Yo menm yo di l’: "Rabi (sa vle di Mèt), kote ou
abite"?
Li di yo: "Vini, n’a wè". Yo vini, yo wè kote l’
te rete, yo rete lakay li jou sa a; lè sa a, se te apeprè dizyèm lè a.
Te gen Andre, frè Simon Pyè a, youn nan de yo, ki te tande
Jan an, epi ki te suiv li a.
Sa a rankontre tou dabò frè l’ la Simon, li di l’:
"Nou jwenn Mesi a (sa vle di Kris la)". Li mennen l’ bay Jezi. Jezi menm
gade l’, li di: "Ou se Simon, pitit Jona: y’ap rele ou Sefas (sa vle di Pyè)".
An nou fè lwanj
ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a, Apot Pòl ankouraje nou pou nou pa kite pèsonn
twonpe nou. Kretyen an dwe konnen dèyè kilès l’ap mache : se Kris la. Nou
pa moun k’ap mache dèyè moun. Si nou ap mache ak Kris la, nou dwe aprann konnen
kilès li ye e nou dwe gen dezi ak volonte pou nou imite pawòl li ak aksyon li.
Moun ki pa chèche pratike
jistis ak renmen, tankou chemen ki mennen nan bèlte a, li pa merite pou yo rele
li kretyen. Bondye se moun li chwazi kòm enstriman pou mennen moun al jwenn li,
li pa chwazi moun pou moun nan pwofite de sa pou rezoud pwojè pèsonèl li.
Atravè Levanjil la, nou wè Jan
te konprann sa trè byen. Li te pase anpil tan ap preche, li t’ap prepare chemen
Granmèt la, li t’ap anonse Sovè a te gen pou vini. Repitasyon li ak ministè li t’ap vale teren
nan tout zòn nan, se konsa li te gen anpil disip. Poutan li rete byen fèm nan
fè volonte Bondye Papa a, antan li t’ap chèche desann pwòp tèt li, pou li te
kapab leve Jezi byen wo nan moman pa li a. Se poutèt sa li pa t’ janm tonbe. Je
li te rete fikse sou Jezi antan li t’ap anonse moun yo delivrans Izrayèl la
rive.
Anpil fwa nou ka sòti ale nan
yon rankont epi yo mal resevwa nou. Nou panse nou pa gen ase talan, nou
dekouraje e nou sispann sòti. Sa se yon tantasyon nou tout kapab genyen. Men
nou dwe gen kapasite pou nou venk li avèk konkou Lespri Sen an, pou nou kapab
retounen sòti ankò al rankontre lòt yo avèk kè kontan, antan nou sèten Bondye
rele nou pou nou tounen temwen Kris la, lè nou konnen Bondye rele anpil moun
men pa gen anpil ki reponn apèl sa a.
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpri fè nou rete nan zanmitay ak ou. Sila yo ki poko konnen ou, fè
yo rive rankontre ak ou. Amèn.
PWOPOZISYON : Nou
rive jwenn Pyè granmesi disponiblite Andre. Mwen menm, èske mwen te sòti al
rankontre lòt yo ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario