Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Tout moun ki rete nan li,
li pa fè peche ».
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 29-3, 6
Nou menm mwen renmen anpil la: Si nou konnen li kòrèk,
se pou nou konnen tou tout moun ki fè sa k’ kòrèk, se nan li li fèt. Gade
ki kalite charite Papa a ba nou, pou yo rele nou pitit Bondye, epi se sa nou ye
vre. Se pousa tè a pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt li. Nou menm mwen renmen
anpil la, koulye a se pitit Bondye nou ye, men sa n’ap ye a pa ko parèt. Nou
konnen lè 1’a parèt, n’a sanble ak li ; paske n’ap wè l’ jan l’ ye a. Tout moun
ki gen esperans sa a, li fè tèt li vin sen nan li, menm jan li menm menm nan li
sen an. Tout moun ki fè peche, li fè sa k’ pa kòrèk, peche a se sa k’ pa kòrèk.
Nou konnen li menm li parèt pou l’ wete peche nou yo, epi pa gen peche nan li.
Tout moun ki rete nan li, pa fè peche, tout moun ki fè peche, li pa wè l’, ni
li pa rekonèt li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 3cd-4. 5-6
R/ Tout
limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy
li fè.
Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse,
chante.R.
Chante pou Granmèt la
sou gita, sou gita ak son mizik;
sou twonpèt ki dous ak
kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
« Men Mouton Bondye a »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 29-34
Nan landmen, Jan wè Jezi k’ap vin kote l’, li di: «Men
Mouton Bondye a, men sa a ki wete peche tè a. Sa a se osijè l’ mwen te di: «Apre
m’ gen yon moun k’ap vini, li plase devan m’, paske li te ekziste anvan m’.
Mwen menm, mwen pa t’ konnen l’; men se pou l’ te kapab parèt klè nan Izrayèl,
se pousa mwen vini mwen menm m’ap batize nan dlo a». Jan sèvi l’ temwen, li di:
«Mwen wè Lespri a k’ap desann tankou yon kolonb sot nan syèl la, li rete sou
li. Mwen menm mwen pa t’ konnen l’ ; men sa a ki voye m’ batize nan dlo a, li
menm menm li di m’: «Sou moun nan ou a wè Lespri a desann li rete sou li a, se
li menm k’ap batize nan Lespri Sen an».Mwen menm mwen wè, mwen sèvi temwen, sa
a se Pitit Bondye a ».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Zanmi Bondye yo, nan non Jezi ki tounen moun pou l’
sove nou an, mwen swete nou tout yon bὸn ane 2018, yon ane ki pote anpil lajwa, men sitou yon
kè ranpli avèk anpil renmen pou Bondye epi pou tout moun k’ap viv nan lantouraj
nou! Kisa Pawòl Bondye di nou jodi a?
Nan premye lekti a, Sen Jan fè nou sonje kὸman nou gen valè nan je Bondye. Se pa pote nou pote
non pitit li, men se sa nou ye menm. Yon pitit engra montre li rebѐl avѐk paran li, li pa obeyi avèk papa l’; men yon pitit ki
gen larekonesans, li di mèsi, li konprann tout sa paran l’ fѐ pou li.
Depi jou nou te resevwa batèm se pitit Bondye. Tankou
pitit, li fѐ
nou kado lemond antye epi tou pwὸp Pitit li (se granmesi Pitit sa a nou menm nou vin
tounen pitit: nou se pitit nan Pitit la), konsa menm jan avѐk yon pitit ki pa engra, nou di l’ mѐsi chak jou, chak moman nan lavi nou.
Nan Levanjil jodi a, Jan Batis prezante nou Jezi
tankou mouton Bondye ki wete peche sou tѐ a, Jezi pi gran pase l’ paske li te ekziste avan l’,
li temwen ke Jezi se vrѐ
Pitit Bondye a nan jou li t’ap batize l’ nan rivyѐ Jouden an.
Jan Batis pa t’ chѐche lonѐ pou li te mete l’ pi wo pase Jezi ni li pa t’ gen lὸgèy ak jalouzi pou l’ te bay Jezi plas li merite a. An
nou pran ekzanp sou Jan Batis, pou nou sispann rabese moun, kritike moun,
imilye moun. Jan Batis pa chita nan plas ki pa rezève pou li. Kisa
Jezi reprezante nan lavi nou? Chak moun kapab pran yon ti moman refleksyon sou
sa.
Nan ane nouvo sa a ki
kòmanse a, ann mande Bondye ede nou idantifye Jezi tankou pèsonaj ki gen plis
enpòtans nan lavi nou, pou nou ba li plas li merite tankou Jan Batis te fѐ l’,
rekonѐt limit nou, pa chѐche okipe plas ki pa pou nou.
LAPRIYÈ:
Bondye Papa, mèsi pou tout favè ou te fè nou, malgre nou se pechè. Tanpri, fè
nou mete tout enèji nou nan sèvis ou nan nouvo ane sa, antan n’ap sèvi pwochen
nou yo. Pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.
PWOPOZISYON: M’ap renouvle pwomès batèm mwen
jodi a.M’ap pran angajman ki pi serye pou m’ mache ak Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario