Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
« Men mesye a Granmèt la te di a, Sayil ap kòmande sou pèp li a »
NAN PREMYE LIV
SAMYÈL 9, 1-4. 17-19; 10, l a
Te gen yon mesye
ki te nan ras Benjamen, yo te rele l’ Sis, pitit Abyèl, pitit Sewò, pitit
Bechorat, pitit Afya, pitit Jemini, ki te gen anpil fòs. Li te gen yon pitit yo
te rele Sayil, li te byen bati, li te bon, pa t’ gen pèsòn nan pitit Izrayèl yo
ki te pi bon pase l’ ; depi nan zepòl epi pi wo, li te depase anlè tout
pèp la.
Sis, papa Sayil,
te gen bourik ki te pèdi ; Sis di Sayil, pitit li a : « Pran youn
nan sèvitè yo avèk ou, leve, al chèche bourik yo ». Yo travèse mòn Efrayim
nan ak peyi Salisa a, yo pa jwenn yo, yo travèse jous nan peyi Salim, yo pa t’
la, menm nan peyi Jemini an, yo pa jwenn yo non plis.
Lè Samyèl wè
Sayil, Granmèt la di l’: « Men moun nan mwen te di w’ la: « Se sa a
k’ap kòmande sou pèp mwen an ».
Sayil pwoche kot
Samyèl nan mitan pòt la, li di: “Tanpri, endike m’ kote kay Moun ki konn gen
vizyon an”? Samyèl reponn Sayil, li di: “Se mwen menm Moun nan ki konn gen
vizyon an. Monte devan m’ sou wotè a, pou nou manje avèk mwen jodi a ; m’a
ranvwaye ou demen maten, tout sa k’ nan kè ou, m’a montre ou yo.
Samyèl pran poban
luil la, li vide sou tèt li, li bo l’ ; li di : « Men Granmèt la
sakre ou sou eritaj li a kòm chèf, w’ap delivre pèp li a sot nan men ènmi yo,
ki alantou l’ yo ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 20, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Granmèt, wa a ap kontan nan pouvwa ou.
Granmèt, wa a ap
kontan nan pouvwa ou, osijè sekou w’ la l’ap fete anpil. Ou ba li sa kè l’ te
anvi a, ou pa refize sa bouch li te mande a.R.
Ou pran devan l’
nan benediksyon dousè a ; ou mete sou tèt li yon kouwòn lò ki gen anpil
valè. Li mande ou lavi, ou ba li l’, longè jou yo pou syèk tan ak tan ki p’ap
fini.R.
Glwa li gran nan
sekou w’ la, ou mete grandè ak bèlte sou li;
ou fè l’ sèvi
benediksyon pou tan ki p’ap fini, ou fè l’ kontan anpil devan fas ou.R.
LEVANJIL
« Mwen pa vin rele moun ki kòrèk yo, men peche
yo »
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 2, 13-17
Lè sa a:
Jezi sòti ankò bò
lanmè a, tout foul la te vin jwenn li, li t’ap ba yo ansèyman. Pandan l’ap
pase, li wè Levi pitit Alfe a, ki chita nan biwo ladwán nan, li di l’: “Suiv
mwen”. Li leve, li suiv li.
Rive, pandan l’ap
manje nan kay li, anpil pibliken ak pechè te atable tou avèk Jezi ak disip li
yo; sèke yo te anpil ki t’ap suiv li. Skrib yo ak Farizyen yo, lè yo wè li t’ap
manje avèk pibliken yo ak pechè yo, yo t’ap di disip li yo: “Pou ki sa se avèk
pibliken yo ak pechè yo mèt nou an ap manje, ap bwè a”?
Lè Jezi tande sa,
li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè, men se moun ki malad; mwen pa vin
rele moun ki kòrèk yo, men pechè yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Granmèt la kontinye ap rele nou. Mak rapòte
nou, pandan Jezi te sou wout, li wè Levi, pitit Alfe a, ki te chita nan biwo
kontribisyon ladwann nan, Jezi menm wè l’, li di l’: “swiv mwen”. Epi touswit
li leve, li kite tout bagay pou l’ swiv Jezi, se sa k’ fè nan lavi a yon moun pa
janm dwe dekouraje paske li pa janm twò ta pou l’ jwenn reparasyon, pou lavi l’
chanje.
Ki moun Levi te ye?
Se te yon Jwif ki t’ap touche lajan nan
biwo kontribisyon pou Women yo, ki te ènmi Jwif yo: yo te konn meprize Women yo
anpil; men avèk Jezi, tout moun se moun, li pa t’ janm meprize pèsonn; se konsa
li t’ap manje ansanm ak Pibliken yo ke farizyen yo te mete sou kote.
Jezi, li menm ki
vin pote delivrans lan bay pòv yo, li t’ap denonse Farizyen yo ki te kwè se yo
ki konnen tout bagay epi montre moun yo sa yo kwè. Jezi vle montre nou zanmitay
li avèk moun sa yo: se yon ekzanp li vle ba nou jodi a nan sosyete n’ap viv la;
se pou nou aprann resevwa rèy Bondye a lakay nou, pou nou kapab dispoze nou pou
n’ fè travay sa a, fòk nou sispann meprize moun, sispann mete moun sou kote
kòmkwa se nou ki pi bon. Jwif yo te konnen tout ti detay ki te gen nan lalwa
Moyiz la, se sa k’ fè yo pran l’, yo defòme l’ epi yo ba li sans yo vle, se yo
k’ap deside kilès ki bon ak kilès ki pa bon.
Annou gade pou n’
wè si nou menm nou pa sanble avèk yo nan fason n’ap viv ak frè ak sè nou yo,
konbyen fwa lòt la Bondye mete bò kote w’ la ou pa konnen si l’ ekziste, ou pa
ka wè l’... Pa bliye Jezi vini pou tout moun, tout pèp, tout ras, espesyalman
pou malad yo, pòv yo, sa ki pi meprize yo, li vini mete wayòm Bondye a sou pye.
Jezi ap chèche n’,
li vle fè zanmi ak nou; si nou vle gen lavi ki p’ap janm fini an, se pou nou louvri pot kè nou gran pou Granmèt. Levi
te obeyi san reflechi, li pati touswit dèyè Jezi. An nou fè menm jès sa a tou, epi n’a wè bèl mèvèy
bouch pa kapab pale.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen tande w’ap rele m’ vin jwenn ou pou m’ swiv ou,
tanpri ede mwen detache ak sa ki anpeche mwen reponn apèl ou. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Mwen p’ap mande Jezi ki kote li prale avèk mwen non,
men m’ap obeyi l’, paske se li menm ki gen pawòl ki bay lavi ki p’ap janm fini
an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario