Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
« N’ap rele devan fas wa nou an, Granmèt la p’ap
koute nou, paske se nou menm ki te mande yon wa pou nou »
NAN PREMYE LIV
SAMYÈL 8, 4-7. 10-22a
Jou sa yo :
Tout chèf Izrayèl
yo rasanble, yo vin kot Samyèl nan Ramata, yo di l’: « Men ou fin vye, epi
pitit ou yo pa mache nan chemen w’ yo: enstale yon wa pou nou, pou l’ jije nou,
menm jan tout nasyon yo genyen an ». Samyèl priye kot Granmèt la. Granmèt
la menm di Samyèl: « Koute vwa pèp la nan tout sa yo di ou; sèke se pa ou
menm yo rejte, men se mwen menm, pou m’ pa kòmande sou yo kòm wa ».
Konsa Samyèl di
pèp la tout pawòl Granmèt la, pèp sa a ki te mande l’ yon wa a, li di :
« Men dwa wa a, k’ap kòmande sou nou an. L’ap pran pitit gason nou yo,
l’ap mete yo sou charyo li yo, l’ap fè yo vin tounen kavalye l’, l’ap fè yo
kouri devan kabwèt li yo ; l’ap fè yo sèvi kòm chèf lame l’ak chèf eskwad
li kòm kiltivatè jaden l’ yo ak moun k’ap keyi fwi pou li, moun k’ap fè zam ak
charèt li. Pitit fi nou yo tou, l’ap fè yo sèvi kòm moun k’ap prepare losyon
pou li, k’ap fè manje pou li, k’ap fè pen. Ni jaden nou yo tou ak pye rezen nou yo ak pye oliv
nou yo ki pi bon yo, l’ap pran yo, l’ap bay sèvitè l’ yo. Ata fwi nou yo, ak
rekòt rezen nou yo, l’ap fè nou ba l’ dizyèm pòsyon nan yo, pou l’ bay minis li
yo ak sèvitè l’ yo. Menm sèvitè nou yo ak sèvant nou yo, ak jèn jan nou yo ki
pi bon yo, ak bourik nou yo, l’ap pran yo, l’ap mete yo nan travay li. Ni
mouton nou yo tou, l’ap fè nou bay dizyèm pòsyon sou yo, n’ap vin tounen esklav
li. N’ap rele jou sa a devan fas wa nou an, sa nou te chwazi pou nou an ;
men Granmèt la p’ap koute nou jou sa a, paske nou te mande yon wa pou
nou ».
Pèp la pa t’ vle
koute vwa Samyèl, men yo di : « Pa ditou : nou bezwen yon wa sou
nou, nou menm tou se pou vin tounen tankou tout nasyon yo, wa nou an ap jije
nou, l’ap sòti devan nou, l’ap batay nan lagè nou pou nou. Samyèl koute tout
pawòl pèp la, li repete yo nan zòrèy Granmèt la. Granmèt la menm di Samyèl:
« Koute vwa yo, enstale yon wa sou yo ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 88, 16-17. 18-19
R/ Mizerikòd ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Ala kontantman pou
pèp la ki konn fè konpliman; Granmèt, nan limyè fas ou y’ap mache, o non ou
y’ap fete tout jounen, nan jistis ou a y’ap leve tèt yo.R.
Sèke se ou menm ki
glwa pouvwa yo, se nan bon plezi ou kòn nou leve, paske zam defans nou se pou
Granmèt la, pou sen Izrayèl la, wa nou an.R.
LEVANJIL
« Pitit moun nan gen pouvwa sou tè a pou l’efase
peche yo »
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 2, 1-12
Aprè kèk jou, Jezi
tounen ankò Kafanawòm. Lè yo tande li te
nan kay la, anpil moun rasanble, atèl pwen kay la pa t’ kapab kenbe moun menm
nan pòt la, li t’ap anonse yo pawòl la. Yo vin kote l’, antan y’ap pote yon
moun ki pa t’ kapab mache, se kat moun ki t’ap pote l’. Kòm yo pa t’ kapab
prezante l’ ba li akòz foul la, yo defèt plafon an kote l’ te ye a, yo louvri
l’, yo glise kabann nan kote moun nan ki pa t’ kapab mache a te kouche a. Lè
Jezi wè lafwa yo, li di moun nan ki pa t’ kapab mache a : « Pitit
mwen, peche ou yo efase ».
Te gen kèk pwofesè
la, yo te chita, yo t’ap kalkile nan kè yo : « Kisa sa a ap di konsa
a? L’ap blasfeme. Kilès ki kapab padonnen peche, si se pa Bondye
sèl » ?
Menm lè a Jezi
konnen nan espri l’, se konsa yo t’ap kalkile anndan kè yo, li di yo :
« Ki sa n’ap kalkile nan kè nou an? Ki sa ki pi fasil pou di moun nan ki
pa kapab mache a: « Peche ou yo efase » oubyen: « Leve, pran
kabann ou, mache »? Ebyen pou nou kapab konnen, Pitit moun nan gen pouvwa
sou tè a pou l’ padonnen peche yo, li di moun nan ki pa t’ kapab mache a :
« Mwen di ou : «Leve, pran kabann ou, al lakay ou ».
Menm lè a li leve,
li pran kabann nan, li pati devan tout moun, atèl pwen tout moun te sezi, yo
t’ap fè konpliman pou Bondye, yo t’ap di: « Nou pa t’ janm wè bagay
konsa ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye Lekti a, nou kapab konprann sa Jezi vle
pou nou ak pou tout moun k’ap soufri nenpòt ki maladi. Jezi pote yon delivrans total pou nou, se sa ki fè li
padone tou peche paralize a avan li geri li. Se yon delivrans ki fè nou vin yon
moun nouvo.
Levanjil jodi a ap ede n’ konprann enpòtans sakreman
padon ak rekonsilyasyon Legliz la selebre avan li selebre sakreman malad yo. Se
toujou yon bèl eksperyans lafwa ki pote lajwa ak kè kontan nan lavi yon moun
malad, ak nan lavi tout kretyen chak fwa yo gen chans viv li. Bondye si tèlman
renmen nou, li voye sèl pitit li a sou tè a, pou l’ kapab padonen peche nou yo
epi rekonsilye nou ak li.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt pou sa ou ye ak pou sa ou fè nan lavi nou. Lwanj pou
ou jodi a e pou toutan.Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap rekonsilye ak
sila mwen gen ti pwoblèm ak li a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario