Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Mwen menm m’ap
antre nan chemen tout tè a ; pran kouraj, Salomon, se pou ou gason».
NAN PREMYE LIV WA YO 2, 1-4. 10-12
Jou pou David te mouri a t’ap pwoche, li pase lòd bay
Salomon, pitit li a, li di: «Mwen menm m’ap antre nan chemen tout tè a; pran
kouraj, se pou ou gason, obsève lòd Granmèt
Bondye ou yo, pou ou mache nan wout
li yo, pou ou kenbe desizyon l’ yo ak kòmandman l’ yo, ak jijman l’ yo, ak
temwayaj li yo, jan sa ekri nan lalwa Moyiz la; pou ou konprann tout sa pou
ou fè epi kijan pou ou konpòte ou; pou Granmèt la asire pawòl li yo, sa l’ te
pale osijè m’ nan, lè l’ te di: «Si pitit ou yo kenbe wout mwen yo, si yo
mache devan m’ nan verite ak tout kè yo ak tout nam yo, ou p’ap manke gason sou
fotèy Izrayèl la».
Konsa David kouche avèk papa li yo, yo antere l’ nan vil
David la. Jou yo David te kòmande kòm wa sou Izrayèl la, se karantan: nan Ebwon
li te kòmande sèt an, nan Jerizalèm trantwazan. Salomon menm
chita sou twòn David papa l’ la, peyi-wa li vin asire anpil.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 1Kron 29, 10. 11 ab. 11d-12a. 12bcd
R/ Ou menm, Granmèt, w’ap kòmande sou tout
bagay.
Konpliman pou ou, Granmèt Bondye Izrayèl, papa nou, sot
nan syèk tan al nan syèk tan.R.
Se pou ou Granmèt, grandè ak pouvwa, ak glwa, ak viktwa,
ak lwanj se pou ou ;
Tout bagay ki nan syèl la ak sou tè a, se pou ou yo ye.R.
Pou ou, Granmèt, peyi-wa-a, ou anlè tout chèf.
Richès se pou ou, glwa se pou ou.R.
W’ap kòmande sou tout bagay, nan men ou se otorite ak
pouvwa,
Nan men ou se grandè ak kòmandman tout bagay.R.
LEVANJIL
«Li kòmanse
voye yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 7-13
Lè sa a :
Jezi rele douz yo, li kòmanse voye yo de pa de ; li
ba yo pouvwa sou lespri papwòp yo.
Li pase yo lòd pou yo pa pran anyen pou wout la, sof yon
baton sèlman : ni sak, ni pen, ni lajan ; men pou yo gen sandal nan
pye yo ; pou yo pa gen de chemiz.
Li t’ap di yo : «Nenpòt ki kay kote nou antre, ret
la joustan nou pati. Tout moun ki pa resevwa nou, ki pa koute nou, antan n’ap
sòti, souke pousyè pye nou kòm temwayaj pou yo.
Yo pati, y’al preche pou moun yo fè penitans, yo chase
anpil demon, yo pase luil sou anpil malad, yo geri.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pouvwa, se youn nan bagay ki fè pati reyalite
nou kòm moun; nou pasyone pou li. Men yo pa toujou byen itilize li, paske nou
konn fè li tounen yon enstriman pou detwi olye nou konstwi avèk li; nou mete li
nan sèvis lagè olye nou konstwi lapè avèk li; nou sèvi avèk li pou kreye plis divizyon, plis
rayisans olye nou favorize tèt ansanm ak renmen. Si nou gade reyalite mond nou
an jounen jodi a, n’a konprann kòman lòm itilize pouvwa.
Anpil peyi belijeran
ap chèche okazyon pou fè lagè, pou kraze brize; yo kanpe tankou kòk gagè, y’ap
envante gwo zam chimik, zam fannfwa pou menase lòt nasyon, yo vle kreye
latwoublay ak laperèz toupatou.
Nan sistèm demokratik yo, se pèp yo ki chwazi dirijan yo, moun yo vle
pou reprezante yo, oryante yo epi pran dezisyon nan non yo ak pou byen yo.
Malerezman anpil fwa lidè politik yo bliye poukisa pèp te vote yo, yo sèlman
travay pou enterè yo ak enterè moun ki nan menm gwoup politik avèk yo. Se sa
nou wè an Ayiti.
Anpil fwa, dirijan politik yo
tèlman santi yo chèf, yo pa vle remèt
pouvwa; yo vle kenbe li jis yo mouri. Paske yo renmen privilèj, relasyon,
vwayaje, lajan, epi yo bay bagay sa yo plis enpòtans pase pèp yo reprezante a.
Li ta bon si nou ta kapab pran ekzanp sou wa David ak Salomon, si nou ta kapab sonje pouvwa se nan Bondye li
sòti, lè yon moun chèf, se yon vokasyon li genyen pou li travay pou byen yon
kominote, pou tout moun kapab viv byen, pou dwa ak diyite tout moun respekte.
Moun ki chèf tout bon
an, se Bondye, paske li chèf sou tout bagay. Se sa sòm meditasyon (1 Kron 29) pou jodi a ap fè nou
sonje: «Pou ou, Granmèt, peyi-wa-a, ou anlè tout chèf. Richès se pou ou, glwa se
pou ou». Pouvwa ki sòti nan Bondye, se pa yon pouvwa pou toupizi
moun, se pa yon pouvwa pou pi gwo kraze pi piti, se pa yon pouvwa pou «devan devan nèt», se pa yon pouvwa «grenadye alaso, sa ki mouri zafè a yo» ;
okontrè pouvwa Bondye a, se yon pouvwa ki libere moun k’ap pase tray, moun ki
anba pouvwa move lespri. Se kalite pouvwa sa Jezi kominike bay Apot yo, antan
li voye yo nan misyon (Mak 6,7-13). Se kalite misyon sa a Bondye ba nou depi
nan batèm nou. Men pou nou reyalize misyon sa a nou bezwen debarase nou ak
anpil bagay, tankou renmen pouvwa, renmen lajan, kilti aparans, lanbisyon,
lògèy, elatriye.
LAPRIYÈ:Granmèt,
tanpri bay dirijan nou yo sajès pou yo pa kite lanbisyon pouvwa fè yo kraze
brize, men okontrè pou yo travay pou konstwi yon sosyete ki pi bon pou tout
pitit ou yo kapab viv. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Si m’ te konn sèvi ak pouvwa pou kraze lòt moun, jodi a
m’ap sèvi avè l’ pou m’ bay yon pi bon sèvis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario