Koulè Blan
Jan Bosko ki sen, Prèt.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
« Se mwen
menm ki fè peche antan m’ konte pèp la ; sa yo ki mouton an, ki sa yo
fè » ?
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 24, 2. 9-17
Jou sa yo :
David di Joab, chèf lame a : « Travèse tout ras
Izrayèl yo depi Dan jous Bèsabe, konte pèp la, pou m’ konn konbyen yo
ye ». Joab di kantite pèp la li te konte a bay wa a ; nan Izrayèl yo
jwenn uit-san-mil gason kòm sòlda, ki konn tire epe, nan Jida se senk san mil
sòlda.
Kè David sote, lè l’ fin konte pèp la ; David di
Granmèt la : « Mwen fè gwo peche nan bagay sa a ; men tanpri,
Granmèt, padonnen fot sèvitè w’ la, paske mwen aji avèk anpil foli ».
David leve byen bonè, pawòl Granmèt la rive kot pwofèt Gad, ki wè David, li
di : « Al pale ak David : Men deklarasyon Granmèt la ;
« Ou gen dwa chwazi twa bagay ; chwazi youn, sa ou a vle a, nan yo,
pou m’ fè ou li ».
Lè Gad rive kot David, li anonse l’, li di :
« Oubyen sèt ane ap rive sou ou ak grangou nan peyi w’ la, oubyen pandan
twa mwa w’ap sove kò ou devan ènmi ou yo, y’ap rapousuiv ou, oubyen se twa jou
k’ap gen epidemi nan peyi w’ la. Koulye a reflechi, epi gade ki sa pou m’
reponn sa a ki voye m’ nan, ki pawòl». David di Gad : «Mwen boulvèse
anpil ; men li pi bon pou m’ tonbe nan men Granmèt la (sèke li gen anpil
mizerikòd), pase nan men moun yo».
Granmèt la voye epidemi nan Izrayèl depi maten jous nan
tan fikse-a; moun yo mouri nan pèp la depi Dan jous Bèsabe, sèt mil gason.
Lè anj Granmèt la t’ap lonje men l’ sou Jerizalèm pou l’
detwi l’, Granmèt la pran pitye sou tray la, li di anj la ki t’ap frape pèp
la : « Sa kont ; koulye a frennen men ou ». Anj Granmèt la
te tou pre glasi Areouna Jebizeyen an.
David di Granmèt la, lè l’ wè anj la k’ap touye pèp
la : « Se mwen menm ki fè peche, se mwen menm ki aji yon fason ki pa
kòrèk ; sa yo, ki mouton yo, ki sa yo fè? Tanpri, vire men ou kont mwen ak
kont kay papa m’ ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 31,
1-2. 5. 6. 7
R/ Granmèt, padonnen fòt peche m’ nan.
Ala kontantman pou moun Granmèt la pa konsidere kòm
koupab, yo kouvri peche l’. Ala kontantman pou moun Granmèt la pa konsidere kòm
koupab, ki pa gen riz nan lespri l’.R.
Mwen fè ou konnen peche m’ nan, mwen pa kache fot mwen
an.
Mwen di : « M’ap deklare fot mwen an devan
Granmèt la ». Ou menm ou padonnen fot peche m’ nan.R.
Se pousa tout sen ap priye ou nan tan ki byen plase a.
Nan delij gran dlo yo yo p’ap pwoche kote l’.R.
Ou se kachèt mwen, w’ap pwoteje m’ sot nan tray la ;
w’ap vlope m’ak fèt sove ou sove m’ nan.R.
LEVANJIL
« Pa gen
pwofèt ki san konsiderasyon, sof nan peyi li ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 1-6
Lè sa a :
Jezi t’al nan peyi l’; disip li yo t’ap suiv li. Lè saba
a rive, li kòmanse bay ansèyman nan sinagòg la.
Anpil moun ki t’ap koute l’ te sezi nan ansèyman l’ nan,
yo t’ap di: «Kote tout bagay sa yo sòti pou sa a? Epi ki kalite
sajès sa a yo ba li a, ak kalite pouvwa sa yo k’ap reyalize nan men l’ konsa a?
Èske se pa menuizye a sa, pitit Mari a, frè Jak la, ak Jozèf la, ak Jida a, ak
Simon an ? Èske ni sè l’ yo tou pa avèk nou » ? Yo te skandalize
nan li.
Jezi menm t’ap di yo : «Pa gen pwofèt ki san
konsiderasyon, sof nan peyi l’ak nan kay li ak nan fanmi li ».
Li pa t’ kapab fè okenn mirak kote sa a, sof kèk enfim li
geri, antan l’ poze men sou yo. Li te sezi poutèt yo pa t’ gen lafwa. L’al nan
bouk yo alantou yo antan l’ap bay ansèyman.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Istwa nou sot li nan
dezyèm liv Pwofèt Samyèl la, envite nou reflechi sou sitiyasyon nou kòm moun ki
pote anpil feblès. David konte pèp la, li resevwa yon chatiman. Èske yon resansman se yon
peche? Non paske nan tan n’ap viv la, tout peyi sou latè fè sa dekwa pou yo
konnen ki kantite moun yo genyen, kantite moun ki fèt, epi kantite moun ki vin
abite ladann l’, kantite fi, gason, timoun ak granmoun ki genyen.
Se yon fason pou yo òganize yo dekwa pou yo reponn a nesesite
popilasyon an. Men nan ka David la, se te diferan. Lè jeneral la retounen kote
wa a, li di l’ kantite gason ki kapab goumen tandiske yo t’ap viv an pè paske
Bondye te ba yo laviktwa kont lènmi yo.
Jès David la sanble yon jès awogans kòmsi se ak pwòp fòs lame pa l’ li
bat lòt pèp yo. Se ak pwòp bouch li li di: «Mwen fè gwo
peche nan bagay sa a; men tanpri, Granmèt, padonnen fot sèvitè w’ la, paske
mwen aji avèk anpil foli».
Pòsyon levanjil sa mete Jezi an fas
moun peyi l’ yo ki pa aksepte l’ tankou Mesi a : «Pa gen pwofèt ki san konsiderasyon, sof nan peyi l’ak nan kay li ak nan
fanmi li». Jezi mande n’ konfye nan li, menm jan Bondye t’ap tann konfyans
David ak tout pèp la lè li te ba l’ laviktwa devan tout nasyon yo. Jounen jodi
a, se avèk nou Jezi ap pale, l’ap mande nou sispann gade moun sou aparans,
sispann awogans nou yo ki pa fe l’ plezi ditou. Paske Granmèt la fèb anpil pou
moun ki mete tout konfyans yo nan li, e li reyalize gwo zèv nan lavi sila yo ki
gen kè yo senp.
LAPRIYÈ : Bondye, ou chwazi Jan Bosko, ou fè l’
vin prèt. Ou fè l’ vin tounen yon papa ak yon mèt pou ti moun ki kòmanse ap
grandi yo, li vin sen. Tanpri, limen menm dife renmen sa a nan nou, pou nou
chèche sove moun yo, pou nou sèvi ou menm sèl. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap mete mwen nan po ti moun yo pou mwen kapab konprann yo pi byen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario