Páginas

MADI 30


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
« Pitit mwen, Absalon, kilès ki ta pèmèt mwen mouri nan plas ou » ?
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL     18, 9-10. 14b. 24-25a. 30-19, 3
Jou sa yo : Rive Absalon rankontre ak sèvitè David yo, li te chita sou yon milèt ; kòm milèt la te vin antre anba yon pye bwa-d-chèn ki te gen anpil fèy, ki te gran, tèt li kole nan pye bwa-d-chèn nan, li ret pandye ant syèl ak tè a, milèt la menm kote l’ te chita a, kontinye chemen l’. Gen yon moun ki wè sa, li pote nouvèl bay Joab, li di : « Mwen wè Absalon ki pandye nan yon pye bwa-d-chèn ». Joab pran twa fwenn nan men l’, li fonse yo nan kè Absalon.
David menm te chita ant de pòt yo. Santinèl la menm ki te anlè tèt pòt la sou miray la, li leve je l’, li wè yon moun k’ap kouri pou kont li, li rele, li anonse wa a sa. Wa a di : « Travèse, kanpe isit la ». Lè l’ fin travèse, li kanpe, Chouzi parèt, li rive, li di : « Se yon bon nouvèl mwen pote, mèt mwen wa; jodi a Granmèt la tire vanjans pou ou nan men tout moun ki te leve kont ou yo ».
Wa a di Chouzi: «Èske ti Absalon sove»? Chouzi reponn, li di: «Se pou ènmi mèt mwen wa a vin tankou ti gason a, ni tout moun ki leve ap fè konplo kont li pou malè a». Wa a vin pran lapenn, li monte nan chanmòt la, li kriye. Li t’ap di konsa, antan l’ap repete : «Pitit mwen Absalon ! Absalon pitit mwen ! Kilès k’ap fè m’ favè pou m’ mouri nan plas ou ? Absalon pitit mwen ! Pitit mwen Absalon !
Yo anonse Joab kijan wa a t’ap kriye, li t’ap plenn sou pitit li a, viktwa a vin tounen dèy jou sa a pou tout pèp la ; pèp la te tande di jou sa a : « Wa a ap plenn sou pitit li a ». Pèp la glise kò l’ jou sa a tou dousman pou l’antre nan vil la, jan yon pèp konn glise kò l’ lè l’ vire do, l’ap sove devan yon batay.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 85, 1-2. 3-4. 5-6
R/ Panche zòrèy ou, Granmèt, koute m’.
Panche zòrèy ou, Granmèt, koute m’, paske mwen malere, mwen pòv. Prezève nanm mwen, paske mwen sen ; sove m’, Bondye mwen, mwen espere nan ou. R.                             .
Pitye pou mwen, Granmèt, paske m’ap rele kote ou tout lajounen.
Fè nam sèvitè ou la jwenn kontantman, paske se kote ou, Granmèt mwen leve nam mwen.R.
Paske Granmèt, ou bon, ou dou, ou gen mizerikòd anpil pou tout moun k’ap rele ou. Koute priyè m’, Granmèt ak zòrèy ou, koute vwa priyè m’.R.
LEVANJIL
«Ti fi, mwen di ou, leve ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 5, 21- 43
Lè sa a :
Kòm Jezi te travèse ankò nan batiman an lòt bò lanmè a, gen yon gran foul ki vini jwenn li ; li te bò lanmè a. Gen youn nan chèf sinagòg yo ki rive, yo te rele l’ Jayi ; lè l’ wè l’, li tonbe nan pye l’ ; li t’ap priye l’anpil, li t’ap di : « Pitit fi m’ nan prèske mouri ; vini, poze men sou li, pou l’ kapab sove, pou l’ viv ». L’ale avèk li, yon gran foul moun t’ap suiv li, yo t’ap kraze l’.
Gen yon madanm, ki t’ap pèdi san depi douzan, li te deja konsilte anpil doktè ki te preskri l’anpil remèd, li te fin depanse tout richès li, men li pa t’ jwenn okenn rezilta, okontrè se pi mal li t’ap vin pi mal ; lè l’ tande pale osijè Jezi, li vin nan foul la, dèyè, li touche rad li. Li t’ap di: Si o mwen mwen touche rad li, m’ap sove». Menm lè a sous san l’ nan tari, li santi nan kò l’ li te geri sot nan maladi a.
Menm lè a Jezi rekonèt anndan l’ gen yon fòs ki te sòti nan li, li vire kot foul la, li t’ap di: «Kilès ki touche rad mwen an»? Disip li yo t’ap di : «Ou wè foul la k’ap kraze ou, epi w’ap di : «Kilès ki touche m’»? Men li vire pou l’ wè madanm nan ki te fè bagay sa a. Madanm nan menm te pè, li t’ap tranble, li te konnen sa k’ te pase nan li, li vini, li lage kò l’ devan l’, li di l’ tout verite a. Li menm menm li di l’ : «Mafi, lafwa ou sove ou ; ale ak lapè, se pou ou geri sot nan maladi w’ la».
Pandan li t’ap pale toujou, moun yo vin kot chèf sinagòg la, yo di : «Ti fi w’ la mouri ; pouki sa w’ap trakase Mèt la » ? Jezi menm, lè l’ tande pawòl yo te di a, li di chèf sinagòg la : « Pa pè ; se pou ou kwè sèlman ». Li pa pèmèt pèsòn suiv li, sof Pyè, Jak avèk Jan, frè Jak la.
Yo rive nan kay chèf sinagòg  la li wè bwi moun k’ap kriye, k’ap rele anpil. Li antre, li di yo: «Pouki sa nou twouble, n’ap kriye? Ti fi a pa mouri, se dòmi l’ap dòmi. Yo t’ap pase l’ nan jwèt.
Li menm menm, li mete tout moun deyò, li pran papa ak manman ti fi a epi moun yo ki te avèk li a; li antre kote ti fi a te kouche a. Li kenbe men ti fi a, li di l’: «Talita, koumi»; sa vle di: «Ti fi, mwen di ou, leve». Menm lè a ti fi a leve, li t’ap mache (li te gen douzan); yo te sezi yon gran sezisman. Li pase yo lòd sevè pou pèsòn pa konn sa; li di pou yo ba l’ manje.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pasaj Jezikri sou tè a, se pi gwo fason Granmèt la itilize pou l’ kapab fè nou konnen kilès li ye ? Si nou ta vle rezime Levanjil la pou nou ta eseye konprann kilès Bondye ye, ebyen mwen panse meyè fason nou ta kapab di nou te ka wè li se Bondye lavi, Bondye moun ki dekouraje yo, Bondye moun ki pèdi espwa yo. Ebyen vwala, si nou menm ki kretyen k’ap li tout bèl pawòl sa yo, nou konnen kilès Bondye a ye, poukisa pafwa nou menm nou pran lòt vye chemen lè nou gen yon pèsekisyon, yon pwoblèm, yon toumant.
Si Bondye se Lavi ki esans li, se pou sa li mouri pou nou donk, li enpòtan pou nou kapab chanje konpreyansyon nou gen de li epi chanje atitid nou pa rapò ak lòt yo. Si nou di nou se kretyen, fason nou dwe aji ak lòt yo, se pa fason ki pou detwi yo, se pa fè yo mal, se pa bay kout lang sou yo, fè tripotay pou nou detwi sa yo ye ak sa yo posede.
Okontrè, se ankouraje yo avanse, pa rayi byen yo genyen, sinon ankouraje yo fè plis efò toujou. Nou konnen byen, mal pa mennen nou lòt kote ke nan chemen lanmò. Donk si n’ap sèvi Bondye nou pa ka adopte lòt atitid ke chemen Lavi a. Se poutèt sa, Limyè Lavi bay tèt li devwa pou l’ gide nou nan chemen k’ap itil nou, chemen k’ap ede nou avanse, chemen fratènite. Donk ann pran fèm desizyon nou pou nou kapab kontinye mete lavi ak kè kontan tout kote nou pase.
LAPRIYÈ:Granmèt, ede m’ lite pou detwi tout jèm lanmò ki anviwonnen mwen, pou lavi kapab blayi. Nan non Jezikri, Pitit ou. Amèn.
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap pote kè kontan bay yon moun ki nan lapenn, pou li ka fè yon eksperyans rezireksyon.

No hay comentarios:

Publicar un comentario